About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Panos radioResources: Guide de reportage
Les journalistes et les IST/SIDA

mars 2002

Journalists Guides . Photo Galleries . Links . Organizations . Other Panos Sites . Archives

Partie 3: QUESTIONS-RÉPONSES

English
français
español
kreyol
Quelques questions de base sur le VIH/SIDA et les IST

Table des matières

Avant-propos

Partie 1: GRANDES LIGNES
Les grandes lignes d'un reportage sur les IST et le VIH/SIDA

Partie 2: EXEMPLES
Exemples de reportages sur les IST et le VIH/SIDA

Partie 3: QUESTIONS - RÉPONSES
Quelques questions de base sur le VIH/SIDA et les IST
[Cette partie est aussi disponible en créole]

Partie 4: INFORMATIONS ADDITIONNELLES
Centres de dépistage en Haïti
Indicateurs socio-économiques d'Haïti (sélectionnés)
Historique du VIH/SIDA
Glossaire
Sources d'information
Références

Kèk ti kesyon sou VIH-SIDA ak IST yo

Kisa VIH la ye?

Sig sa a siyifi: Viris Immunodéficience Humaine``. VIH la repwodui nan selil san CD4 yo, sa vle di pati ki kapab goumen ak yon seri maladi pou l pa fè gwo dega nan kò moun. VIH la detui selil CD4 yo, li redui sistèm iminitè a ki pa kapab goumen ak lòt maladi. Ou jwenn li plis chita nan san, nan dechay, nan vajen, epi tou nan lèt manman ak lòt kote ki pa twò konsantre yo.

Kisa Sida ye?

Sig SIDA a vle di: Sendwòm Imino Defisyans Aki. Tèm sendwòm nan kouvri yon pakèt senton ak siy yon maladi. Prèske tout moun ki gen VIH la, pi devan fè maladi SIDA, men tan li pran pou l soti sou yon moun pou l ale sou yon lòt, kapab dire menm 10 lane. Moun ki enfekte a kapab fasil fé enfeksyon, akoz sistèm iminitè li pa genyen ankò a.


Kòman yon moun kapab bay yon lòt moun VIH?

  1. Nan fè sèks, anal oubyen vajinal (sa vle di nan dèyè oubyen nan bouboun), ak al nan kontak ak yon moun ki gen VIH la san ou pa pwoteje (san ou pa sèvi ak prezèvatif)
  2. San moun ki malad (kontamine):
    1. Nan bay moun san ki kontamine ak lòt bagay, tisi ak ògàn (menm ki kontamine).
    2. Lè ou te gen kontak ak yon zouti ki kontamine ki kapab mete maladi a nan kò yon lòt (akiponkti, tatouyaj, pèse zòrèy, eskalpèl, razwa, sereng, manman ki gen maladi a deja ...)
    3. Yon manman enfekte k ap bay pitit li pandan li ansent oubyen lè manman ki enfekte a ap bay pitit li tete.

Kisa sistèm iminitè a ye?

Se tankou yon lame ki la pou l pwoteje kò a, fonksyon prensipal li, se pou l goumen ak tout ènmi (move maladi) ki vle vin anvayi kò a, tankou: viris, bakteri, pwotozoyè ak lòt mikwo òganis. Bò kote granmoun yo, selil ki pwoteje sistèm la, yo pwodui nan mwèl zo a epi li pase nan san ak veso lenfatik yo. Selil iminitè prensipal yo se lekosit yo oubyen selil blanch yo, men pwoteyin yo ede nan detwi mikwo òganis yo.

Kòman ou kapab detekte VIH la?

VIH la se pa yon maladi kontajyez, donk li pa transmèt nan kontak sosyal chak jou avèk moun ki gen VIH la e menm SIDA. Viris la pa kapab transmèt nan bay lanmen, yon akolad, yon ti bo tou senp, nan estènen, nan touse oubyen lè yon moustik mòde ou. Ou kapab sèvi san kè kase ak menm bagay yon moun ki enfekte, tankou, kouvè, vè (gode), manje, rad, sèvyèt, bouton pòt, twalèt, pisin. Sèlman, yon moun ki pran VIH/SIDA pa kapab sèvi ak menm bwòs dan, razwa, eksetera ak yon lòt moun.

Depistaj la chache antikò k ap goumen ak VIH la nan san ak kèk fwa nan krache. Pi fò moun pwodwi antikò yo apre 45 jou apre kontak ki enfekte yo a, gen yon ti pòsyon ki kapab pran sis (6) mwa. Kèk nan yo kapab pran plis tan. Se yon lòt mwayen ki pou ede yo chache enfeksyon VIH tès Eliza fè yo.

Ki chemen yon enfeksyon VIH pran?

Laplipa nan moun ki gen VIH yo, pa konn sa menm lè a. Kèk nan yo gen yon seri maladi tou kout apre yo fin enfekte. Enfeksyon an pase nan divès etap:

  • Peryòd sewokonvèsyon a ki se ti tan nesesè pou kò a pwodui kantite antikò apre yon enfeksyon.
  • Enfeksyon asenptomatik. VIH la pa lakoz domaj sou po epi moun ki kontamine yo kapab tann soti sis (6) mwa pou rive dis (10) ane anvan pou yo remake kèk siy oubyen sentòm ki gen arevwa ak SIDA.
  • Enfeksyon sentomatik. Plis tan ap pase, se plis domaj VIH la koze yo ap vin pi grav, enfeksyon opòtinis ak timè yo kapab parèt epi se konsa sentom ki gen arevwa ak SIDA a devlope.
  • SIDA avere. Se lè maladi an nan dènye etap li, lè sa a se mouri sèlman malad la rete pou l mouri.

Ki sentòm SIDA yo?

Se yon kesyon pou reponn ak anpil atansyon, paske pafwa li difisil pou idantifye si sentòm yo reyèlman vre se sentòm SIDA oubyen lòt maladi. Kèk sentòm kapab parèt konsa: malad la pèdi fòs yon sèl kou san li pa konnen sa ki pase l, li gen yon lafyèv oubyen yon dyare ki fè plis pase yon mwa sou li san rete, yon ekip ti maleng k ap fè pi parèt sou li chak lè li sot nan kontak seksyèl, l ap gen pwoblem nan nèf li, gangliyon yo ap gonfle, l ap gen yon tous san rete, li posib pou tous sa a asosye ak yon tibèkiloz epi bouton ap parèt sou po l.

Ki istorik epidemi VIH/SIDA?

Nan ane 1981, medsen ameriken yo dekouvri yon seri enfeksyon yo pa abitye wè bò kote mesye masisi ``San Francisco, New-York`` ak lòt gran vil. Enfeksyon sa yo te ra anpil, sof kèk moun ki gen sistèm iminitè yo te vin gravman fèb nan fason sa a. Sa ki pi menasan yo, yo sanble se "Pneumoni Pneumocystic Carini" (PPC) ak "Sarcome de Kaposi" (SK). Men gen yon seri lòt enfeksyon grav yo dekouvri apre dyagnostik yo. Vè finisman menm ane sa a, chèchè yo kòmanse marye enfeksyon opòtinis yo ak domaj sistèm iminitè moun ki afekte yo. Nan ane 1982 "Centre pour le Controle des Maladies" (CDC) nan peyi "Etats-Unis" te dakò ak koze gen yon epidemi ki deyò a, li te defini l kòm "Syndrome Immuno Deficience Acquise" (SIDA). Ale wè tablo rekapitilatif la.

Apre, pifò moun ki t ap fè rechèch, vin asepte se yon viris ki bay SIDA. Apre doktè Luc Montaignier te fin dekouvri VIH la an France nan ane 1983 ak nan peyi Etats-Unis nan ane 1984. Yo kwè VIH ekziste depi nan ane 30 yo, yon sèl bagay, premye ka SIDA yo te rekonèt, yo te dekouvri l nan kòmansman ane 80 yo.

Kisa chaj viral la ye?

Chaj viral la se yon mwayen pou kontwole kantite viris VIH k ap banbile nan aparèy san an (fliyid nan selil sangen yo) Se yon fason ki montre kòman maladi a devlope. Li fè konnnen kantite viris ki la pou domaje sistèm iminitè a. Si VIH la pa trete, chaj viral la ap vin pi plis chak ane k ap pase.

Kisa ki rele enfeksyon opòtinis la?

Enfeksyon opòtinis la (IOs) se yon seri enfeksyon ki pwofite pran woulib sou domaj VIH la koze nan sistèm iminitè a. Enfeksyon opòtinis yo se te kòz prensipal maladi ak lanmò moun ki gen SIDA.

Ki prensipal enfeksyon opòtinis ki genyen?

Nan teyori nou kapab di tout enfeksyon kapab opòtinis, men nan pratik ou rankontre kèk enfeksyon pi souvan kay PVVIH yo. Ki geyen:

  • Tibèkiloz, koz prensipal lanmò PVVIH yo.
  • "Candidose"(migè) se yon enfeksyon yon gratèl bay, ou rankontre plis pase kay 50% nan ka moun ki gen SIDA.
  • "Pneumonie Pneumocystic Carini" (PPC), se yon fòm nemoni patikilye, ou rankontre nan 25% ka bò kote moun ki gen SIDA.
  • "Cytomegalovirus (CMV)", se yon viris ki mache ak yon pati gwo bouton, ki kapab fè malad la avèg, sa rive nan 20% nan ka SIDA.
  • "Sacorma de Kaposi (SK)" se yon ti boul ki leve nan po, nan poumon oubyen nan trip yo. Ou kapab rankontre 15 % nan ka SIDA.
  • "Cryptocoques" ki koze yon enfeksyon na sèvo ki bay menenjit, ou rankontre l nan 9% ka SIDA yo.
    Kisa yon IST ye?

Se yon pakèt enfeksyon yo dekouvri moun kapab pran nan fè bagay. Men sa ou kapab rankontre pi souvan yo:

  • Gonore, se yon mikwòb ki bay li
  • Klamidyas, se yon parazit ki bay li
  • Sifilis se yon mikwòb ki bay li
  • Trikomonaz, se yon mikwòb ki bay li
  • Veri jenital, se yon viris ki bay li
  • Chank mou, se yon mikwòb ki bay li
  • Gal, se yon parazit ki bay li ( ou jwen li kote moun ap viv pil sou pil)
  • Epès jenital, se yon viris ki bay li
  • Epatit B, se yon viris ki bay li, ak
  • VIH/SIDA, se yon viris ki bay li.

Kisa yon moun ki gen IST sa yo kapab santi?

Sentòm ou rankontre pi fasil yo se : doulè nan vant, doulè lè y ap fè bagay (sèks), gratèl, kanal boule lè malad la ap pipi, pi k ap koule soti nan pijon gason an oubyen yon pwès nan bouboun fi a, oubyen nan dèyè, tach wouj ak ti bouton nan vajen yo, san k ap koule menm lè fi a pa genyen règ li. Pifò nan IST yo kapab geri.

Eske gen remèd oubyen vaksen kont SIDA?

Jis kote n ap ekri la a, poko genyen. Gen yon pakèt medikaman ki ekziste pou trete enfeksyon ki asosye ak SIDA, men youn nan yo pa geri maladi a. Remèd sa yo pèmèt sentòm nan pran plis tan pou l devlope kay malad yo, epi malad yo viv pi lontan tou. Gen yon seri medikaman ki ekziste ki kapab anpeche VIH la ogmante kay moun ki kontamine yo epi ki ede yo lonje lavi yo, men li pa detwi viris ki nan kò a.

Kote yo ye ak zafè vaksen y ap eseye yo ann Haiti?

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) konfye Sant Jeskyo misyon pou pase nan dezyèm faz rechèch vaksen kont maladi SIDA. Pandan deroulman rechèch sa yo, Jeskyo ap anrole e lap swiv pandan dizwi (18) mwa 40 volontè adilt ki gen konpòtman arisk pou kontakte VIH/SIDA. Pou le moman gen twa (3) peyi, (Brezil, Trinidad ak Tobago ak Ayiti) ki chwazi nan mitan 50 peyi pou patisipe nan dezyèm faz rechèch sou vaksen kont SIDA a. Rechèch sa yo ap pèmèt yo evalye reyaksyon iminitè volontè yo a vaksen an. Vaksen sa yo rele ALVAC-HIV de Aventis Pateur (France) ke yo ka administre pou kont li ou byen nan konbinezon ak yon lòt vaksen ki soti nan konpayi VAXGEN nan Etazini. Dominikani, Ajantinn ak Ondiras ap pare pou patisipe nan faz de rechèch vaksen kont SIDA a.

"Yo te teste vaksen sila yo sou anpil milye volontè nan Etazini, Lafrans, Tayilann ak Ouganda. Yo dekouvri vaksen sa yo inofansif", dapre sa doktè Rose Irene Verdier, manm konsèy administrasyon Sant Jeskyo te deklare nan mwa jiyè 2001 pandan yon sesyon enfòmasyon pou jounalis CECOSIDA te òganize.

Poukisa yo di VIH/SIDA se yon pandemi?

Paske se yon epidemi ki toupatou sou tout tè a akoz kantite moun ki enfekte ak sa maladi a touye. Gen plis pase 60 milyon moun ki enfekte depi VIH/SIDA parèt nan mond. Pandan lane 2001 an sèlman, yo estime gen 40 milyon moun kap viv ak VIH/SIDA, swa 1.2% granmoun ki gen ant 15 al 49 van, selon ONUSIDA (Desanm 2001). Haiti okipe 24èm plas nan klasman mondyal la nan sa ki gen arevwa avèk dansite epidemi VIH (chif desanm 2000), 23 lòt peyi ki sou tèt Haiti yo, tout se peyi ki nan kontinan afriken an.

Poukisa pifò moun ki gen VIH/SIDA kache sa?

Sa rive, gen yon seri gason ak fanm ki pran maladi a, ki pa gen konsyans pou yo di yo enfekte. Youn nan prensipal rezon ki lakoz yo pè di sa, se paske yo pè pou moun pa vire do ba yo, tankou legliz, sosyete a, fanmi yo kapab ba yo yon bwa long kenbe oubyen yo pè pou yo pa konsidere yo tankou moun k ap viv nan libètinay, tankou madivin, masisi.

Kilès ki fè masisi an Haiti?

Nan peyi Haiti, yo toujou gen tandans kache ekzistans zafè masisi a, yo vle konsidere l tankou yon abitid yo pote soti nan lòt peyi. Selon asosiyasyon masisi yo, se yon pratik ki kouran nan tout kouch nan popilasyon nou an. Presyon sosyete a oblije masisi yo mennen 2 kalte vi. Paske koze gason ap fè bagay ak lòt gason an yo oblije fè sa an kachèt, fè pogram edikasyon ak reskonsab sa, sa pi difisil, epi risk enfeksyon VIH la ap ogmante. San bliye, lwa ayisyèn yo pa di anyen sou pratik masisi yo.

Poukisa moun k ap fè sèks nan dèyè gen plis risk pou bay yon lòt VIH la?

Fè bagay nan dèyè ak medam yo (sa ki pa vle ansent yo) oubyen gason yo, reprezante yon gwo risk pou transmèt maladi a, paske fil nan dèyè yo kapab dechire epi senyen. Pou lè y ap fè bagay nan dèyè ak pwotèj yo, tankou lè yosèvi ak kapòt ki gen grès yo ak pomad ki gen dlo yo, parèt pi bon, men gen anpil moun ki pa sèvi ak yo.

Ki tras relasyon seksyèl ant gason ak gason(masisi) fè sou medam yo?

Mesye masisi yo transmèt VIH la byen dirèk bay medam yo. Akoz, byensouvan mesye ki fè masisi yo, se mouche marye, yo gen pitit epi yo toujou fè bagay ak madanm yo, e konsa mesye ki gen viris la nan san yo kapab transmèt maladi a bay madanm yo oubyen lòt (patnè ) fanm, se konsa youn bay lòt li. Konsa, medam sa yo ki pran l lan kapab pase l bay pitit yo tou.

Ki relasyon ki genyen ant moun ak SIDA?

Simaye VIH la depann, premyèman de metòd yo mete anplas pou fè sèks yo. Mesye yo gen plis posiblite pou pran yo epi transmèt VIH la. Se toujou mesye yo ki chwazi lè ak jan yo vle fè bagay. Byensouvan, mesye sa yo pa asepte mete pwotèj epi yo derefize medam yo mete l tou.Malgre zafè tout dwa nan men gason yo kòmanse chanje, mesye yo parèt fò, gwo, chèf, se yo ki pou premye al travay pou bay fanmi an manje. Nan peyi Haiti, anpilnan mesye yo pa konsidere fè bagay tankou yon aktivite kote tou 2 patnè yo asepte, sa rive souvan, kote se gason an ki deside epi san kapòt. Anpil fwa mesye yo bat medam yo e sa fèt nan plizyèt sikonstans, li prèske pa posib pou medam yo pwoteje yo kont VIH la ak lòt IST yo, paske yo dwe asepte tout sa gason an vle(Yo dwe fè gason an plezi).

Ki konpòtman ki gen plis okazyon pou pran VIH?

Prèske tout gwoup yo kapab pran l sa depann de konpòtman seksyèl la, yon fason ki pi fasil se yon konpòtman ki gen risk. Si yon patnè enfekte, rapò seksyèl nan dèyè oubyen nan devan san pwoteksyon, ke se swa ant yon gason ak yon fanm oubyen 2 gason, sa prezante yon okazyon pou transmèt VIH la. An jeneral, ant 80 al 90 % moun ki gen VIH, yo pran l nan rapò ki gen arevwa avèk fè bagay.Ki enpak povrete fè sou SIDA?

Ki enpak povrete fè sou SIDA?

Povrete kreye yon anviwònman pi ideyal pou transmèt VIH la. Moun sa yo ki pa gen yon lajan y ap touche tanzantan oubyen yon ti tyotyo ki pou yo ta depanse pou sa ki pi fasil yo, plizyè fanm ak gason rantre nan relasyon seksyèl kont volonte yo. Anpil fanm depann de gason ki ba yo lajan oubyen kado pou yo kapab fè sèks ak yo. Patnè sa yo ki byen souvan pi jèn pase yo, se yon seri moun ki byen frajil tou. Povrete mennen gason ak fanm k ap chache yon dyòb, kite lakay yo epi al angaje yo nan yon seri vi seksyèl danjere yo pat atann.

Ki konsekans ekonomik ak sosyal VIH/SIDA yo?

Nan peyi Haiti SIDA touye moun pase tout lòt maladi. Konsekans ekonomik ak sosyal yo grav anpil, paske se granmoun yo ki plis frape. Se yon menm tou ki pi pwodwi nan sosyete a, moun k ap chache manje pou fanmi an. Lè yo malad, lajan fanmi an konn touche bese e sa anpeche timoun yo ale lekòl kote granparan yo pa genyen yon lajan sere pou pran swen yo. Kominote a pèdi tou tout sa li te depanse pou l bay moun sa yo fòmasyon.

Kisa yon fanm ansent ki enfekte fè?

Yon fanm ansent ki gen "VIH kapab bay pitit li l. Pi gran risk la, se pandan akouchman an. Si fi a sèvi ak medikaman antiretwoviwo, sa kapab bese risk la. Lèt manman se pi bon bagay pou bay yon bebe, men lè se yon manman ki gen VIH, se yonlòt bagay. Si manman an enfekte, li kapab chwazi pou pa bay timoun nan tete. Fòk yo veye pou risk ki genyen pou l pa depase risk ki gen nan transmèt VIH la nan yon lèt ki kontamine, jis pou ogmante risk maladi ak lanmò ak lòt koz.

Eske gen yon politik nasyonal pou lite kont maladi a ann Haiti?

Lit kont VIH SIDA se yon lit plizyè sektè ap mennen, yon sèl bagay ou kapab remake manke kòdinasyon nan mitan sektè ki entèvni yo. Ministè Sante Piblik ak Popilasyon te prepare yon plan estratejik pou ane 1999 - 2000.

Kisa Leta Ayisyen kapab fè pou anpeche VIH/SIDA simaye plis?

  • Mennen yon bon batay kont SIDA nan yon tout peyi a, chache asire ou pou travay la byen fèt, pou tout sektè patisipe, ki mete tout aktè nan sektè piblik ak prive ak etranje pou pogram yo ak politik ki konsène SIDA.
  • Mete politik ak pogram ki konsène VIH/SIDA nan tout sektè leta, ekzekitif, lejislatif ak jidisyè, akoz metòd sa a ki pa ekziste, gen yon seri kesyon espesifik yo riske mete sou kote oubyen konsidere kòm reskonsablite lòt sektè .
  • Kreye plizyè komite ant ministè yo ki kapab garanti epi bay koutmen nan mete sou pye yon seri lòt mwayen pou lite kont maladi a, menm jan sa fèt nan anpil lòt peyi.
  • Kreye komisyon palmantè sou VIH/SIDA. Mete sou pye komisyon lejislatif oubyen palmantè, ladan l yo kapab anrichi konesans yo sou epidemi a pandan y ap patisipe nan fora, nan reyinyon ak moun ki gen konesans sou maladi a, men yo kapab kreye yon platfòm tou ki pou vin bay yon refòm jiridik.

Kòman PVVIH yo kapab patisipe nan estrateji lit kont SIDA a?

Youn nan pi bon mwayen pou goumen kont ansyen mès yo epi mennen yon pi bon politik entèvansyon epi favorize kontak ant moun ki enfekte ak afekte yo pou yo kapab pote patisipasyon yo nan lit kont maladi SIDA a. Ann Haiti gen 2 group òganize PVVIH:

  • Nan mwa janvye 1999, PVIH yo ansanm ak senpatizan yo te kole tèt yo ansanm pou kreye ``Association de Solidarité Nationale (ASON) ki gen kòm objektif pou fè pwomosyon pou yon pi bon ankadreman epi pou yo pran reskonsablite PVVIH nan peyi Haiti. Se konsa tou, ASON bay tèt li misyon pou l asire yon bon sansibilizasyon nan mitan popilasyon an, gras ak temwayaj piblik pou ede lòt yo asepte risk nou pa kapab wè ki marye ak maladi a epi apresye nesesite ki genyen pou moun ki pa enfekte fè solidarite ak sa ki ap viv ak maladi a ak sa ki poko genyen yo.
  • Nan kad pwogram GIPA (Greater Inolvement of People Living with HIV AIDS, yon seri òganisasyon tankou: Nations Unies, Fondation des Prometeurs Zéro SIDA ki kòdone travay epi bay groupmoun ki VIH SIDA yo asistans teknik. Youn nan gwoup sa yo nan Pòtoprens lòt la nan Sen Mak (FEBS: Fondasyon Esther Bausicault Stanilas).
    Kilès ki yon ofèlen SIDA?

Òfelen SIDA yo se timoun ki pèdi manman yo oubyen papa yo, oubyen ni manman ni papa yo nan maladi SIDA anvan timoun sa yo gen 15 an. Timoun yo kòmanse viv esperyans kote yo toujou ap reflechi, yon pèt emosyonèl ak ekonomik, byensouvan ka timoun sa yo pi grav pase lòt òfelen yo. Yo konnen pwoblèm menm jan ak lòt òfelen, men yo soufri plis. Fanmi oubyen moun ki reskonsab yo depanse mwens pou yo akoz yo konnen timoun sa yo p ap viv lontan, maladi ap touye yo. Byen souvan òfelen SIDA yo pa byen manje, yo se premye timoun yo pa voye lekòl tou.

Timoun ki gen papa oubyen manman yo k ap soufri ak SIDA kòmanse soufri tou depi anvan paran yo ki enfekte a mouri, souvan timoun sa a dwe jwe wòl paran yo, yo fè travay nan kay la, yo okipe timoun ki pi piti yo, epi yo pran swen paran ki prèske mouri yo.Ki sitiyasyon VIH SIDA nan karayib la?

Ki sitiyasyon VIH SIDA nan karayib la?

Karayib la se dezyèm rejyon ki pi touche nan lemonnn, se sèlman to zewoprevalans adilt yo nan zòn Subsaharienne ki depase to lakay adilt nan peyi Karayib yo. Nan anpil peyi nan karayib la, VIH/SIDA se premye kòz lanmò. Yo estime gen 60 mil adilt ak timoun ki enfekte nan 2001 an. Estimasyon yo bay nan finisman ane sa a,a pou piti 420 mil adilt ak timoun kap viv ak VIH/SIDA nan peyi Karayib yo. yoYo dekouvri te gen 210.000 granmou ak timoun ki te enfekte nan ane 2000 la nan rejyon karayib la yo.To zewoprevalans lakay adilt yo se 2,2%, 50% nan moun ki enfekte yo se fanm.

Dapre rezilta yon etid ONUSIDA te reyalize nan 27 peyi nan Amerik Latin ak Karayib la (Amerique Latine ak Caraibes), "Bahamas (4.13%) Guyane (3.10%) Republique Dominicaine (2.8%), Belize (2.01%)". Haiti nan lis peyi ki gen plis granmoun ki enfekte. Enfòmasyon sa yo soti nan (Sous) : Aide Mémoire de ONUSIDA, Décembre 2001.

Kòman VIH SIDA fè aparisyon an Haiti e kòman li devlope nan peyi a?

Daprè "Plan National Stratégique pour la prévention et le controle du SIDA" ak MST yo, MSPP te prepare nan lane 1995, VIH la kòmanse gaye nan mitan popilasyon k ap viv nan vil nou yo, nan mitan ane 1970 yo, kwak sa, se jis nan ane 1982 yo te dekpouvri premye ka SIDA yo. Nan mwa desanm 1992, ofisyèlman yo te note 4697 ka SIDA , men akoz fèblès ki genyen nan sistèm sa a, chif sa a pat prezante 10 al 20%. Nan ane 1996 nan kèk ka 8 al 10 % fanm ki pat bay non yo te fè tès te enfekte. Nan menm ane a anviwon 4,5% granmoun ta dwe enfekte. Yo estime nan finisman ane 1999, te gen 74.000 timoun ki te pèdi manman yo anba maladi SIDA.

Èske kapòt se yon pwoteksyon kont SIDA?

Wi, si yo byen sèvi ak kapòt yo, maladi seksyèl yo p ap kapab pase soti nan yon patnè pou l ale nan yon lòt. Donk pa gen kontak ant dechay oubyen likid ki nan devan lòt patnè a. Lè sa a pa gen kontak san moun tou. Akoz VIH la ki abite nan likid sa yo, prezèvatif yo anpeche lòt moun pran yo.

Èske lwa ayisèn pwoteje PVVIH yo?

Ann Haiti gen yon vid jiridik nan sa ki konsène pwoteksyon dwa moun yo, PVVIH yo. Sante piblik ayisyèn ak reskonsablite obligatwa leta, ki poko bay yon lwa ki fasilite sèvis prevansyon yo.

Ki wòl lalwa kakpab jwe nan epidemi SIDA?

Lalwa kapab genyen yon enpak rapid ak dirèk sou epidemi SIDA. Frajilite moun ki enfekte yo agrave lè dwa ekonomik, sosyal yo pa respekte. Bese tras ki rete atache ak enfeksyon VIH epi sansibilize moun ki gen risk yo kapab pote kontribisyon yo nan jefò prevansyon yo. Lè manke yon pwoteksyon dwa moun, sa kontribiye de preferans nan bay maladi a plis fòs. Kèk lwa kapab sèvi pou ede kreye yon anviwònman pozitif, li menm kapab kolabore nan ede maladi a simaye mwens:

  • Lwa ki entèdi diskriminasyon kont PVVIH yo nan travay, posiblite pou yo jwenn swen sante, ksetera.
  • Lwa ki poteje konfidansyalite yon PVVIH ak sa ki ekzije konsantman lib moun ki al fè tès.
  • Lwa ki pou pwoteje timoun yo kont vyolans seksyèl.

Kisa lwa ayisyèn nan prevwa kont moun ki enfekte ki transmèt li ak tout konsantman l bay yon lòt?

Lwa ayisyèn nan pa prevwa okenn pinisyon pou moun ki transmèt epi espoze risk pou transmèt ak tout bon sans li VIH la bay yon lòt moun.

Èske ou kapab pouswiv devan lajistis yon moun ki transmèt maladi a?

Yon dispozisyon konsa ta kapab gen yon konsekans limite akoz gran majorite ka transmisyon rive nan moman kote moun nan pa menm konnen pwòp estati li. Èske ou kapab konsidere zak sa yo kòm zak kriminèl oubyen fè rantre sèlman eleman moral ladan l (entansyon manifeste) epi materyèl (fè vyòl la li menm) Obligasyon se yon zouti yon jan brital pou fè yon moun chanje konpòtman l, nan yon domèn ki byen prive tankou seksyalite.

Ki pozisyon legliz pa rapò ak SIDA nan peyi Haiti?

Malgre legliz rann yon kantite sèvis nan sa ki gen arevwa ak lasante an Haiti, depi se koze VIH/SIDA, li pa vle foure kò l nèt ladan l. Pastè yo gen tandans konsidere maladi a tankou yon chatiman oubyen yon pinisyon pou sosyete a, paske l pa respekte lwa Bondye yo. Twò souvan, legliz, kretyen yo kontinye pa pale yo pè maladi a, alò se yon dwa yo genyen pou defann koz moun ki enfekte ak afekte yo nan diskriminasyon, nan yon sosyete tankou pa n kote tout bagay se mistè. Sèvi avèk prezèvatif pou diminye ravaj maladi a ap fè espesyalamn sou jenès la, byen souvan yo konsidere prezèvatif la tankou yon lisans libètinay seksyèl yo lage nan men jenès la. Y ap tann legliz pou l bay yon pozisyon klè san yo pa bezwen bese valè jefò ki kòmanse nan lit kont epidemi sa a. Akoz pastè, pè, layik ak relijye yo ap viv nan yon kominote oubyen yo gen bon kontak ak moun yo, sa kapab sèvi yo pou fè edikasyon ak bay moun yo enfòmasyon sou VIH/SIDA ak dwa moun yo.

Kisa ONUSIDA ye?

ONUSIDA se yon pwogram tèt ansanm Nations-Unies yo sou tout VIH SIDA, 7 enstitisyon nan Nations-Unies yo parene, enstitisyon sa yo, se: UNICEF, PNUD, FNUAP, PNUCID, UNESCO, OMS ak Banque Mondiale. Li te kòmanse aktivite l nan mwa janvye 1996. ONUSIDA fonde nan lide pou l pote yon repons bay VIH/SIDA, nan enstitisyon Nations-Unies yo ak lòt kote ki konsène yo, yo kapab sèvi ak konpetans yo pou pote yon solisyon nan pwoblèm yo, nan sa ki rantre nan kad manda l. ONUSIDA kòdone, ranfòse epi pote koutmen pa l nan tout aktivite Nations-Unies yo ki vize pou l al koupe wout devan VIH, pou bay swen ak soutyen, pou aji kont feblès moun ak kominote yo kont VIH, epi diminye enpak epidemi a.

Se kisa jounen memoryal SIDA ye (AIDS Memorial Day)?

Premye jounen Memoryal SIDA te fèt nan lane 1983, alò yo pot ko konnen kisa ki lakoz maladi SIDA a, sèlman yo te dekouvri moun ap mouri pa milye nan mond la. Òganizatè yo,enfekte yo menm, te gen lide pou onore memwa moun maladi a touye yo, epi pou temwaye sipò yo bay PVVIH yo. Jodi a, yo kontinye evènman nan komemore lanmò moun ki mouri anba maladi VIH SIDA epi mobilize repons kominote yo pote.

Poukisa Riban Wouj sa a ki pase sou mesaj SIDA yo?

Riban wouj la vin tounen yon gwo pati nan mobilizasyon sou SIDA. Se "Visual AIDS" nan NEW-York, ki te kreye riban wouj la nan ane 1991. Depi li kreye, li kontinye rete senbòl solidarite ki pi pisan nan mond la. Fòs prensipal li se nan kreye mwayen kominikasyon pandan l ap kabre tras ak diskriminasyon PVVIH ap viv la. Nivo mobilizasyon senbòl entènasyonal sa a ap grandi chak ane pi plis.

Continuation: Partie 4: Informations additionnelles

Cecosida
Panos Institute
La publication de ce guide a été financée par les Instituts Nationaux de Santé (NIH) des États-Unis.