Productions
The Panos Institute Caribbean supports journalists from all around
the region, to jointly produce and disseminate information. Currently,
Panos brings out the following series of media products in English,
French, Kreyol and Spanish:
Pwoblèm Eta Sivil an Ayiti
Par Jesula PROPHETE
Ou ka sezi tande, pandan w gen 20 lane sou tèt ou, ou pa ekziste sou okenn Rejis Eta Sivil. Se sitiyasyon anpil moun nan popilasyon ayisyèn nan ki gen yon batistè ki pa anrejistre nan Achiv Nasyonal. Se avèk kè sote ak anpil fristasyon sitwayen yo ap fè fas a sitiyasyon sa a. Zafè baptistè an Ayiti marye ak anpil diskriminasyon, anpil gagòt administratif. Yon sitiyasyon ki gen gwo konsekans sou lavi fanm ak timoun nan peyi a.
Si pou kèk moun se lè ya l fè yon ekstrè dachiv ou byen yon ak maryaj pwoblèm dokimantasyon yo komanse. Pou kèk lòt se depi nan redaksyon baptistè yo. Nan yon sitiyasyon konsa, fanm ak timoun reprezante kategori moun ki plis viktim.
Enpotans Batistè
Pou w enskri nan yon lekòl, nan yon inivèsite, pou w fòmile yon demann paspò, pou w regle anpil kesyon enpòtan, ou bezwen yon dokimantasyon ki sitiye w kòm sitwayen anndan peyi a ; Konsa pwoblèm Leta sivil se yon dosye ki konsènen tout moun alawonnbadè. Yon fason oubyen yon lòt. Sèl yon ofisye deta sivil, ki asèmante, gen otorizasyon redije akdenesans la, oswa batistè a.
Batistè se premye dokiman yon moun dwe posede e ki montre apatnans li nan peyi l ap viv. Sa vle di, se yon papye ki jistifye idante ak nasyonalite moun ki genyen l lan. Anpil ayisyen pa gen pyès idantifikasyon sa a. Sa yo ki posede l konn dekouvri pi devan, pyès la a pa valid. Ou byen li pa otantik.
Sepandan, malgre enpòtans dokiman sa a, jisksa prezan pa gen okenn bidjè espesyal pou Eta sivil an Ayiti. Alòske, leta anrejistre pou piti chak ane 250 mil nesans. San konte ak maryaj, ak desè ki pa fè pati chif sa a, daprè yon dokiman GARR(Gwoup k ap Sipòte Refijye ak Rapatriye).
Enstitisyon ki alatèt sistèm etasivil la
Genyen twa gwo enstisyon ki entèvni direkteman nan jesyon dosye Eta Sivil Ayisyen an : Ministè Jistis- Achiv Nasyonal- Ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal. Ministè Jistis gen responsablite pou l nonmen ofisye deta sivil yo. Ministè sa a founi tou materyèl biwo tankou: rejis ak fòm pou anrejistreman akdenesans yo.
Dezyèm enstitisyon an se Achiv Nasyonal ki resevwa dokiman yo, epi ki responsab pou fè rechèch ak delivre nouvèl ekspedisyon tankou batistè, ak maryaj ak desè. Enstitisyon sa a kite anba lobedyans Ministè Lajistis, twouve l pou koulyea sou titèl Ministè Lakilti.
Rejis ki soti nan Konsila ak Anbasad yo se nan sèvis jiridik Ministè Afè Etranjè yo depoze yo. Answit enstitisyon an achemine l nan Achiv Nasyonal. Ministè sa a responsab Eta Sivil tout ayisyen k ap viv nan peyi letranje.
Epi, nan lane 2002, Ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal rantre nan sistèm nan tou. Desizyon sa a fè swit a divès dezòd peyi letranje yo di yo konstate nan aparèy Eta sivil la.
Yon sitiyasyon ki bay kè sote
Daprè ekspè nan kesyon an, gen plizyè tip Eta Sivil : nesans, maryaj, rekonesans, divòs, desè ak adopsyon. Genyen sèlman 180 biwo Eta Sivil nan tout peyi a pou delivre ak sa yo, selon dyaknostik ki fèt sou sitiyasyon an. Mete sou sa a, kondisyon biwo etasivil yo ap fonksyone pa kòdyòm.
Pa ekzanp, jounen jodi a, nan Achiv Nasyonal, se sou machin daktilografye, amplwaye yo ap travay. Se kèk grenn òdinatè ki osèvis seksyon sa a. Selon Yanick François, yon reprezantan Federasyon Literyèn Mondyal, sitiyasyon sa a lakòz gwo dezòd nan sistèm nan.
Dapre Madam François, pa gen okenn kontwòl nan sektè sa a. Resous moun, resous lajan ak dispozisyon lojistik yo, se twa gwo andikap sistèm nan. Nan lane 2002, se sèlman 183 ofisye deta sivil ki t ap desèvi tout peyi a. Anpil nan biwo sa yo nan movèzeta. Nou jwenn responsab yo loje biwo sa yo, nan youn osnon de pyès kay, lè se pa lakay ofisye a ki mete yon chanm lakay li disponib pou fè sèvis la.
Anpil fwa, nan milye riral yo, popilasyon an gen anpil tèt chaje lè l pral fè yon batistè. Paske fòk yo fè plizyè milye kilomèt wout, avan yo rive nan biwo a. Sitiyasyon ki konn dekouraje yo. Konsa, paran yo fè batistè yo sitou, lè yo nan sitiyasyon ijans, kote timoun nan pral bezwen l, tankou pou l enskri l lekòl, pou l fè premye kominyon l, elatriye. Konsa anpil timoun konn fèt san yo pa anrejistre nan achiv peyi a.
Yon lòt gwo pwoblèm sitwayen yo ap fè fas ak li se òtograf non yo; dapre espesyalis yo, gen anpil dezòd nan fason yo ekri non yo nan batistè a ; anpil fwa dezòd sa yo depann de jan non an sonnen nan zorèy klèk oubyen ofisye k ap ekri l la a. Nan ka yon moun ki rele Jessica, òtograf la ka ekri plizyè fason. Gen posiblite pou non an ekri konsa a: Jesicka, Jesica, Gessica. Yon sitiyasyon ki lage gwo konfisyon.
Anpil òganizasyon lokal ak entènasyonal tanmen deja plizyè refleksyon sou dosye Leta sivil la. Sitou aprè desizyon ansyen prezidan ayisyen an, Jean Bertrand Aristide, te pran nan lane 2002 pou l bay ayisyen k ap viv nan Repiblik Dominikenn akdenesans ak batistè. Yon aksyon ki pat pote gwo rezilta pou popilasyon aysyèn k ap viv an Ayiti, tankou sila yo ki nan dyaspora.
Pou plizyè enstitisyon ki entèvni sou kesyon an, li enpòtan pou kesyon leta sivil reprezante yon priyorite nan ajennda gouvènman ayisyen an. Paske batistè, se premye pyès ki montre yon Leta rekonèt pitit li yo ; li enpòtan tou, pou gwo dosye nansyon an, leta swiv kòmsadwa mouvman popilasyon an. Sistèm Leta sivil la se pi gwo enstriman ki kab pèmèt li fè sa a.
Jesula PROPHETE
zazoul2005@yahoo.fr
____________________________________________________________________________________________ Sa pou nou konnen
Atik 55 Kòd Sivil ayisyen an, fè paran yo obligasyon pou fè deklarasyon nesans la a, yon mwa aprè akouchman. Ak la dwe mansyone sèks timoun nan, non l, jou li fèt, lè li fèt ak kibò li fèt. L’ap gen ladan l tou, prenon timoun nan, non paran yo, pwofesyon yo ak kote yo rete si timoun nan lejitim.
Timoun, paran yo pase 2 zan san yo pa deklare yo, p ap gen dwa ak yon akdenesans. Nan sitiyasyon sa, sèl yon jijman ka ranplase pyès enpotan sa. Se tribnal sivil ki plase nan jiridiksyon timoun nan fèt la, kap gen dwa pou l pwononse l sou dosye a.
Nan lane 2005, Konsèy Elektoral Pwoviswa a (KEP) nan tèt kole ak gouvennman ayisyen an, deside fè kat elektoral la a tounen yon kat Idantofikasyon Nasyonal. Konsa, plis moun nan popilasyon an, gen posiblite pou yo gen yon pyès idantite.
Dekre 7 jiye 2005 la sou Kat Idantifikasyon Nasyonal la, prevwa Leta ap kontinye bay kat aprè eleksyon yo. Dekrè sa a prevwa tou bon kolaborasyon ant enstitisyon k ap bay kat la ak Biwo Ofisye Deta Sivil yo.
_________________________________________________________________________________________________ Panos Caraïbes
haiti@panoscaribbean.org
[ Posté le 12/03/2007] |