Productions
The Panos Institute Caribbean supports journalists from all around
the region, to jointly produce and disseminate information. Currently,
Panos brings out the following series of media products in English,
French, Kreyol and Spanish:
Fanm ayisyèn yo ak kesyon batiste a
Par Jesula PROPHETE
Lè Joanne prezante l avèk mari li devan ofisye leta sivil la pou l fè batistè pitit li, li pran gwo desepsyon ak lawont devan tout moun ki t ap swiv anrejistreman an. Tout pwosesis akdenesans lan te regade mari Joanne sèlman. Se li menm yo mande tout enfòmasyon sou pitit la ; se li menm yo mande pwofesyon l. Tout bagay pase kòmsi Joanne pat enpòtan nan fè akdenesans timoun nan, kòmsi li pat egziste. Tankou Joanne, anpil fanm viv gwo difikilte lè pou yo al fè ak denesans yo.
Fanm yo viv anpil difikilte lè pou yo fè batistè pitit yo. Nan sitiyasyon Joanne nan, depi pitit la te gen yon mwa, li te vle al fè batistè a, men li pat kapab paske mari l pat gen tan pou akonpaye l. Lè sa vin posib sou sis mwa, Joanne reyalize ak kè sere, prezans li pat enpòtan ditou pou ak timoun nan te fèt; alòske, li pat dwe al fè li san papa pat la.
Fanm yo viktim tout jan nan pwosesis akdenesans la. Yo viktim anvan menm ak la fèt, yo viktim pandan y ap fè deklarasyon an, yo viktim apre deklarasyon an tou. Sila yo ki pa marye viv plis diskriminasyon toujou. Daprè espè yo, anpil lwa nan Kòd sivil la responsab move trètman fanm yo ap sibi chak fwa pou yo fè batistè pitit yo. Diskriminasyon sa yo parèt sou plizyè fòm.
Okenn fanm pa gen dwa deklare ki moun ki papa pitit li. Nan ka yon papa rebelyon ki pa deside bay timoun nan batistè, lalwa bay manman an otorizasyon pou l fè deklarasyon an. Men fòk li pa mansyone non papa a sou batistè a. Nan ka sa a, otorite yo pa prevwa okenn kote pou mete non papa a nan batistè a. Se yon fòm espesyal ki rele “ Deklarasyon maman”. Poutan nenpòt gason gen dwa debake nan yon biwo eta sivil pou l di li fè yon pitit ak yon fanm. Nan ka sa yo, leta prevwa yon batistè pou chak sitiyasyon yo.
Selon Colette Lespinasse, kòdonatris GARR(Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo), nan sitiyasyon papa a rekonèt pitit la, sou ankenn pretèks timoun nan pa gen dwa pote siyati maman l. Lalwa pa bay fanm nan dwa pou timoun nan pote non l daprè mèt Dilhia Lemaire, yon militant nan Mouvman Fanm pou Ledikasyon ak Devlopman (MOUFED). Dapre de espesyalis sa yo, sitiyasyon sa a konplike lavi tout manamn nan peyi a. Pa ekzanp, fanm ki fè pitit ak plizye papa, kote chak timoun yo gen yon siyati diferan.
Medam k ap fè pitit ak mouche marye pa ekate nan lis la a.Yo menm tou ap konfwonte anpil pwoblèm. Lawont kouvri lavi fanm sa yo. Mesye a lib pou l gen yon ti fanm sou kote. Aloske leta retire dwa pou papa sa yo rekonèt pitit yo fè ak fanm deyò a. Tout timoun ki fèt andeyò maryaj otomatikman pa gen papa. Nan biwo ofisye deta sivil yo, kategori fanm sa yo toujou fè fas ak yon dividal kesyon bò kote ofisye a, e kote objektif kesyonnman sa yo, anpil fwa, se pou imilye medam yo.
Yon lòt pa, pakèt diskriminasyon sa yo ta vle di, manman pa pote anyen nan istwa timoun nan, ni nan sa li gen pou devni. Pakèt dispozisyon ki pa kole ditou ak reyalite ya lè nou konnen ki sa fanm reprezante nan edikasyon ak nan devni pitit yo. Avoka Dilhia Lemaire denonse fason otorite yo trete fanm nan dosye Eta Sivil. “ Ofisye a pa poze fanm nan okenn kesyon. Se gason ki bay tout detay pou redaksyon batistè a. Se kòmsi fanm nan pa konsènen ditou nan sa l ap redije a”.
Nan zafè batistè timoun an Ayiti, manman yo pa lib pou yo pran desisyon deklare pitit yo devan yon ofisye deta sivil. Lwa sa a deposede medam de tout responsablite fas ak timoun sa.
Konsekans diskriminasyon yo
Lwa sa yo montre aklè diskriminasyon fanm ak timoun yo ap sibi. Konbyen fwa nou tande moun ap di se manman ki gen pitit. Diskriminasyon sa yo lakòz fanm nan vin pi pòv paske l toujou gen sou bra l plizyè pitit san papa. Pou Jocelyne Colas, sitiyasyon sa a lage gwo divizyon ak prejije nan mitan divès fanmi.
Nosyon natirèl oswa lejitim poze pakèt pwoblèm, non sèlman pou fanm yo, men tou pou timoun yo, ki gen yon epe kondanasyon poze sou tèt yo, depi yo fèt. Konsekans yo gen anpil pou wè avèk lavi sikolojik timoun yo. Anpil fwa, nou konn jwenn lekòl refize kategorikman asepte timoun ki gen mansyon “ Natirèl “ ekri nan batistè yo. Kèk paran konn blije mete pitit yo nan lòt etablisman eskolè. Gen kèk ladan yo ki konn kouri fè yon maryaj fòse, nan lide pou sove onè pitit sa a.
Jen gason ak jen fanm ki pote siyati manman yo pa egzante de pwoblèm sa yo. Gen moun ki konn rele yo, pitit san papa. Otomatikman, yo klase mesye dam yo nan yon kategori. Se avèk anpil jimnasti yon timoun explike poukisa a li pote non manman l. Lawont toujou kouvri kategori moun sa yo.
Pwoblèm diskriminasyon an pa selman poze nan nivo sa. Li konsène tou peyizan k ap viv nan seksyon kominal yo. Pa twò lontan, ou te ka rankontre 2 tip akdenesans pou yon peyizan. Youn kite gen mosyon peyizan e yon lòt sitaden. Okenn mezi pa janm pran pou elimine batistè sa yo vrèman vre. Mem si lwa sa a pa an vigè ankò, moun kite gen mansyon « peyizan » yo toujou rete avèl nan dokiman yo.
Sa dwe chanje
Fasa sitiyasyon sa a nan lane 2004 la, yon rezo ki genyen sis òganizasyon te lanse yon kanpay pou yon veritab refòm nan Eta Sivil la ayisyen an. Divès òganizasyon sa yo(GARR, JILAP, FLM, POHDH HSI ak RNDDH) te fè plizyè pwopozisyon nan demach yo pou leta ayisyen reyöganize kesyon leta sivil la, tankou :
1 Pou responsablite ofisye deta sivil yo byen defini ;
2 Pou rekrite pèsonel ki kalifye, pou fè travay la a.
3 Pou yo rann pwosedi yo pi senp, epi senplifye fòm rejis yo ;
4 Pou yo asire bon jan atikilasyon nan mitan enstitisyon piblik kap jere yo;
5 Popilasyon an dwe gen aksè a sevis la, epi enfòmasyon yo dwe disponib;
6 Leta dwe kreye yon fon espesyal pou seksyon Eta Sivil yo.
Jesula PROPHETE
zazoul2005@yahoo.fr
______________________
Panos Caraïbes
haiti@panoscaribbean.org
[ Posté le 12/03/2007] |