About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

Se ki sa Island Beat ye?

Nouvèl sou kominote nan Caraïbe la kòmanse resevwa yon vwa..``Island Beat`` se yon seri pwogram tou nèf ki fèt pou radyo ak jounal ki trete sijè ki gen arevwa ak anviwònman, sante, egalite nan kesyon dwa fanm ak gason ak jistis sosyal. Jan de sijè sa yo, sèvi ak enfòmasyon ki baze sou anviwònman nan kominote a pandan yo mete an premye esperyans kominote a fè deja nan chache solisyon pou pwoblèm sa yo. Se yon seri jounalis nan Caraïbe la ki reyalize travay sa yo, yo gen nan tèt yo pou fè plis epi repòtaj ki gen pi bon sou sijè sa yo. Jis kote n ap pale la a, emisyon radyo Island Beat yo fèt nan lang anglè sèlman, tandiske yo enprime yo nan lang kreyòl, anglè, fransè oubyen espanyòl.

Island Beat te kòmanse nan ane 1997 ak yon seri pwogram pou radyo yo fè chak semèn nan lang angle epi yon ekip enstitisyon difize yo, tankou : Panos Port-au-Prince ak Washington, CERN (Réseau Caraïbéen de Reporters Environnemntaux) ki gen baz li nanBarbade, CANARI (Institut des Ressources Naturelles de la Caraïbe) ki gen baz pa l tou nan Barbade.

Pwogram sa a rele : ``Island Beat`` se yon seri nouvèl enpòtan sou anviwònman nan Caraïbe la. Jis jounen jodi a, sou prensipal sijè yo travay se : Jesyon fatra, debwazman ak rebwazman, travay medam yo, VIH/SIDA, pwòpte, migrasyon, jaden byolojik, endistri pèch dirab, edikasyon sou anviwònman ak sensibilizasyon, kreye pak natirèl ak zòn pwoteje ak timoun yo.

Se manm CERN yo ki nan Barbade ki fè pwogram radyo, tandiske pwogram sou papye yo se Institut Panos ki prepare yo nan Port-au-Prince.

Kòm korespondan yo gaye sou tout kwen zile ak peyi yo. Gen teknoloji dijital ki fenk parèt ki kòmanse sèvi pou voye repòtaj yo sou papye ak kasèt bay redaktè yo.

Nouvèl teknoloji sa a byen parèt pou zòn Caraibe la. Korespondan yo anrejistre repòtaj yo sou materyèl ki resevwa son (kasèt) yo konvèti travay la epi yo voye l Jamaïque sou fòm kourye elektwonik, kote yo fè prepareasyon yo sou òdinatè nan mòd dijital.

Teknik sa yo pèmèt ou pa pèdi kalite son ou lan ( sa ki ta rive si ou ta kopye kasèt ki gen son ou lan) epi ou fè ekonomi tou sou kantite lajan ou ta dwe depanse pou tenb ak tèks la.