About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

Yon doktè ameriken nan mitan pòv ayisyen yo
Fevriye 2003

Tèks sa a se Michaël Deibert ki ekri l.

 

Cange, Ayiti. - Pandan li nan yon sal pou timoun nan sant sante Zanmi Lasante ki nan zòn plato Santral ann Ayiti, se la doktè Paul Farmer ap prepare preskripsyon oksijèn ak medikaman pou yon jèn gason ki malad. Jèn gason sa a ki pa ka respire byen, ki ap pran sou anlè, ap soufri anba yon maladi tibèkiloz, kote anpil medikaman pa fè anyen pou li. Jèn sa a ki mèg pase taso, fèb pase sa ou pa konnen, nan je l ou kapab wè tout tribilasyon l ap pase, kòman li pa anpè. Doktè Paul Farmer di "li prèske pa ka respire ditou". "Nou dwe fè l respire".

Nan yon ti lakou ki sou deyò kay lopital, gen plis pase 100 moun ki soti toupatou, genyen ki soti pi lwen pase vil Okay ki nan zòn sid jis nan yon distans 145 kilomèt, moun sa yo k ap soufri anba tout kalte maladi, kanpe ak espwa, y ap tann pou wè si yon doktè a konsilte yo.

Gen 2 gramoun gason, yo chak ak yon gwo chapo nan tèt yo, yon vye gramoun fanm maladi tibèkiloz ploye an 2, ak yon lòt jenn gason, sou figi l ou ta di li pa malad, epoutan l ap viv ak maladi SIDA a, tout moun sa yo ap tann tretman nan lopital la, nan men yon moun ayisyen yo rele "Polo".

Farmer, se yon doktè ki diplome nan inivèsite Harvard, li soti nan kè "Floride" la, li genyen tou yon doktora nan antropoloji. Se nan ane 1981, doktè s a a te premye rantre ann Ayiti, apre li te fin travay ak ayisyen ki nan fèm "Floride" ak "Carolines" yo.

Li di li pa janm fasil pou kèlkeswa moun ki ta chwazi travay nan vye kondisyon sa yo, sa ki parèt kèk fwa pou doktè a prèske miyò pase esklavaj. Li mande imigran Ayisyen yo "Nou menm, Nou p ap janm al ann Ayiti?". Apre premye vwyaj li a, Farmer kontinye vini ann Ayiti toujou. Pantan l ap travay ak patnè rezo sante l yo, nan ane 1958 li fonde "Clinique Bon Sauveur" avèk yon pè nan zòn nan, se pè Fritz Lafontan, se te premye pa doktè Farmer te fè nan kreyasyon sa ki vin tounen nan kèk ane lopital ki pi sofistike, ki gen plis materyèl nan peyi a jodi a.

Koulye a, konplèks sante (Zanmi Lasante ki vle di "Partenaires en Santé", nan langaj ayisyen an) te fonde sou yon tè yon ekip moun te abite ki pa t pou yo, akoz konstriksyon baraj idwo elektrik Pelig la nan lane 1956, yo te oblije wete yo nan zòn nan. Konplèks sa a vin tounen premye kote ann Ayiti nan kote k ap goumen kont maladi andemik yo tankou tibèkiloz ak malarya menm jan ak dènye maladi k ap fè ravaj nan dènye tan sa yo , ki rele SIDA a.

Pou anpil moun, lopital sa a sèvi ekzanp pou montre sa èd yo bay yo kapab fè, lè yo byen depanse yo, pou yon peyi pòv konsa nan Karayib la ki gen yon popilasyon 8 milyon moun k ap viv ladan l. Byen souvan, klinik anbilan sant lan resevwa anviwon 300 moun malad nan klinik optik li, sa vle di plis pase 90 nan yon jounen.

Se yon ekzanp ki nesesè anpil nan yon peyi konsa, paske daprè chif "Programme Alimentation Mondiale" (PAM pibliye, gen twaka moun nan popilasyon an k ap viv nan lamizè, gen 4.5 % nan yo k ap soufri anba yon gwo malnitrisyon.

Selon Minis Sante Ayisyen an, gen 4.5% moun, pou pi klè 360 mil moun nan popilasyon an ki gen viris VIH la nan san yo, pa bliye se viris sa a ki vin bay SIDA a. Pwoblèm sante Ayisyen yo te vin pi grav akoz yon gwo doulè ki sanble ap vin pi grav chak jou pi plis: sitiyasyon politik peyi a sou yon dodin l ap balanse. Ansyen pè katolik Womèn nan, Jean Bertrand Aristide, ki te kòmanse dezyèm manda l kòm prezidan Ayiti nan mwa fevriye 2001 an, twouve nan yon machwè gonfle ak sektè opozisyon an pou zafè eleksyon ane 2000 yo, sa ki anpeche peyi a jwenn yon bourad lajan ki plis pase 500 milyon dola nan men peyi etranje.

Konfli sa a te vin pran yon vizaj makawon nan dènye mwa ki sot pase la a yo, ak yon seri manifestasyon, grèv ak mach ki te òganize nan tout peyi a kont pouvwa a. Pandan Farmer mete men l sou zèpòl yon ti gason byen timid ki rele Charlemagne ki te kouri vin jwenn li, pou di l bonjou, Farmer te di pandan li t ap pwonmennen nan gwo kay lopital la "Maladi SIDA touye manman l", "koulye a Charlemagne li menm, li fè maladi Tibèkiloz, men nou gen konfyans l ap trete kanmèm".

Yon lòt ti gason ki kapab genyen ant 10 al 11 an vin jwenn Farmer ak tout dan l griyen, li fè yon ti leve mayo pou l montre gwo mak kote yo te fè l operasyon nan vant li. Se nan lopital Cange lan, yo te fè ti gason sa a operasyon an. Se yon ekip doktè ameriken ak ayisyen ki te opere l. Li t ap soufri ak yon kriz rimatis ki donmaje vav kè l. Operasyon sa a sove lavi ti tonton an. Ak yon bèl ti souri sou vizaj li, ti tonton an di "Tout bagay anfòm koulye a pou mwen", li kontinye pou l di, "Mèsi Senyè poutèt ou te ban nou doktè Farmer".

Nan klinik la, Farmer ap voye je, sou yon konstriksyon yon nouvèl inite respiratwa avèk yon seri vantilatè ki pouse van pase sa ou pa konnen, pou yo kapab fè plislè byen sikile nan sal yo ak yon seri limyè iltra vyolè ki rantre nan goumen kont jèm mikwòb tibèkiloz la tou.

Se premye fwa peyi a ap genyen yon klinik konsa, l ap genyen 10 chanm pou ka tibèkiloz ki pi grav yo. Tout moun deja konn Cange kòm yon sant referans pou tretman maladi sa a. Gen 2 milyon dola Minis Sante Ayisyen an, mesye Henri Claude Voltaire te bay Zanmi Lasante nan 67 milyon dola yo te resevwa nan mwa me a ki te soti nan "Fonds Global" pou goumen kont maladi SIDA, Tibèkiloz ak Malarya. Zanmi Lasante pa gade l pou kont li.

Lajan sa a se pa sèlman Cange k ap sèvi ak li, men yo pral separe l pou ranfòse travay kèk lòt kote k ap lite nan domèn nan tou. Farmer kontinye di "Se pa Cange li menm ki pral resevwa lajan "Fonds Global la, men pito yon pakèt entitisyon nan tout depatman an, kote ki genyen yon ekip enstitisyon k ap travay nan tèt kole nan menm domèn nan.

"Gwoup nou an ap eseye tou pou l wè si l a ranfòse enfrastrikti piblik sante, p ap gen okenn pwogrè k ap fèt ak pwojè sa a, si nou pa ede rekonstwi sisyèm sante piblik yo". Malgre Farmer toujou kenbe klinik li genyen yo, tankou nan Lima, Péru ak an Russie, nan 20 dènye ane sa yo, se Cange ki reprezante baz prensipal mesye sa a ki genyen 43 ans sou tèt li.

Kay kote li abite a, li bati nan pwent yon ti wout chaje ak pye bwa bò kote klinik la, se yon kay ki gen 2 chanm ki pentire ak yon maryaj bèl koulè penti, ozalantou kay la plen ti kay ayisyen. Andedan kay la genyen yon òdinatè sou yon biwo ak yon pakèt liv ki ranje nan tout kwen kay la.

Pandan Farmer t ap soti nan yon reyinyon, gen yon bèl jèn fi ki vin bo l nan figi l. Li konnen jèn demwazèl sa a, gen yon jèn anplwaye, ki apèn sot dekouvri l enfekte tou. Lè li te pi jèn, gen yon polisye ki te konn pran plezi fè bagay avè l, staf Cange lan ap degaje l tankou Mèt Janjak pou wè si y a frenenn maladi a pou anpeche l fè twòp dega sou jèn sa a. Se konsa li vin deside pran chemen lekòl pou premye fwa nan lavi l, pandan l ap ouvè valiz li, pou l montre yon seri kopi tou mal fèt, kèk liv tankou gramè kreyòl, istwa d Ayiti, li di "Mwen konn alfabèt mwen, menm si m pa konn li ankò". "Tout leson sa yo ou wè la a pale sou pouvwa yo ki pa byen pataje, gwo pouvwa nan mitan rich ak pòv yo nan mond la, "se sa Farmer, te ajoute. "Swen sante ak edikasyon se 2 bagay yo dwe konsidere tankou yon dwa fondamantal yon moun genyen, paske san yo, travay sa a p ap bay randma, se yon travay k ap fèt pou granmesi, se lave men siye atè, se menm bagay la pou lavi plizyè santèn milyon moun ki rete ap tann yon amelyorasyon nan lavi yo, si sa pa mache byen y ap echwe tou".

Li lòt atik "Island Beat" nou yo