About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

Kadejak sou timoun
Desanm 2001

Luma Brutus, Radyo Tele New Star, Pont-Sondé, Bas Artibonite

Link to Plan Internationale Web SiteAtik "Island Beat" sa a rive reyalize gras ak sipò finansye Plan Ayiti, nan kad yon pwojè "Dwa timoun ak patisipasyon medya nan sosyete sivil la."

Vizyon Plan Ayiti se yon mond kote tout timoun ka devlope kapasite yo nan yon sosyete kote yo respekte dwa ak diyite moun. Plan cherche à assurer la survie, la protection et le développement sulubre de l'enfant, et la santé reproductive des adolescents et adultes, particulièrement les femmes en âge de procréer. Nan pogram entèvansyon l, Plan chache miltipliye pou yon bon bout tan kapasite manm kominote yo pou jere pwojè ki afekte byennèt timoun yo. Li gen ladan l kapasite òganizasyonèl, teknik, finansye menm jan an tou ak atitid pou enfliyanse sa ki gen priyorite ak kalite sèvis enstitisyon ak òganizasyon lokal yo. Plan rekonèt, enpòtans ki genyen nan ranfòse kapasite enstitisyon ak òganizasyon sa yo pou lontan.

English
français
español
kreyol

Ase souvan nan peyi Dayiti ti fi ki rete kay moun ki e ki pa gen manman ak papa toujou viktim kadejak. Majorite timoun sa yo viktim mechanste sa a anba men, pwòp fanmi yo, swa yon tonton, yon kouzen, yon bòpè oubyen yon pitit bèlmè. Mechanste sa yo fèt souvan akòz lajistis ki pap mache byen nan peyi a.

Istwa yon ti fi 11 lane yo kele Madlèn montre aklè kòman sa pase. Apre l finn pèdi manman l ak papa l Madlèn te oblije al rete lakay yon matant bò kote manman'l. Nan mwa jiyè 2001 lan nan Ponsonde kote l ap viv Madlèn pase yon move nwit anba men mari matant il ki se yon pwofesè lekòl nan menm lokalité a.

Mèt Bebe yon nèg 37 lane, papa pitit twouve'l lage kòl nan fè kadejak sou Madlèn yon jou kote madanm li pat la.

Mèt Bebe rele Madlèn ak otorite epi li fòse'l wete rad sou li. Li mete li kouche epi li rantre nan relasyon ave l . Madlèm fè yon tonton l konn sa. Tonton an mennen l kay doktè men li fè l konnen " rad sal lave nan mitan fanmi", lap fè yon kase fèy kouvri sa.

Le li aprann nouvèl la, Ti Rena, matant Madlèn , te konprann mari li pap fè yon bagay konsa sa, se pito ti fi a k ap fè rizèz. Matant lan fè mari l voye yon manda la jistis bay pwòp paran l.

Sepandan lè matant lan vin aprann tou doktè te gen tan byen konnen kadejak la li pat mete pye nan tribinal la. Moun yo pat vle pousib bagay la pou anpeche eskandal. Jounen jodi a Madlèn tounen kay grann li . Sak pase a rete grave nan memwa l.

Jounen jodi a zafè kadejak sa pran lìt dimansyon. Se chak jou òganizasyon fanm yo ap denonse konpòtman lajistis nan tretman dosye sa yo.

Anpil moun rete kwè, si anyen pa fèt nan sans sa a pou konbat mòd abi seksyèl sa yo, yon valè timoun an Ayiti ap pote tras move ajisman sa yo.

[350 mò]


Li lòt atik "Island Beat" nou yo