![]() |
![]() |
Site Map . Contact . Help . Home |
| Regional Programmes . Productions . Resources . About Us | ||
Dife ki ravaje nan vil Okay sant pou ede timoun nan lari ki rele CRÉER (Centre de Réhabilitation des enfants de la Rue) nan lannuit 28 pou rive 29 me 2000 a genyen gwo retonbe sou lavi ti moun nan lari vil sa. Lokal sant lan ak tout materyèl te boule. Dife sa mete nan lari 25 timoun ki te abite nan sant la san konte 20 lòt ki te konn pase chak jou pou resevwa sèvis. Se yon gwoup sitwayen nan vil Okay ki te mete sou pye sant CRÉER nan lane 1996. Sant sa a ki se yon zèv imanitè, te konn sèvi kèk timoun kap viv nan lari Okay. Li te chita nan yon lokal Dèyè Fò, yon katye ki nan direksyon sidwès vil la. Se premye fwa yon gwoup sitwayen Okay te pran yon inisyativ konsa. Aksyon mesye dam sa yo kapab parèt etonan pou anpil moun ki konnen Okay byen. Se yon vil ki gen tradisyon kote chak moun ap regle zafè pèsonèl li san l pa enterese konnen sa kap pase nan vil la, ki pwoblèm ki genyen. Mesye Jean Marie Osni Sénat, ki se yon manm fondatè "CRÉER",te eksplike nou pou kisa yo te anvizaje pran yon inisyativ konsa. Li deklare "Se chak jou nap konstate kouman timoun yo ap viv nan lari a. Fòk ou pa ta moun ditou pou w pa ta panse pou yo. Menm jan ou reflechi pou pitit pa w, ou ta bezwen panse pou timoun sa yo tou Si yon sitwayen ap panse pou vil la, li oblije panse wè timoun yo tou." Pandan kat (4) lane ekzistans li yo,"CRÉER"te konn jwenn èd kèk enstitisyon pou li te kapab sèvi timoun sa yo . C.R.S (Catholic Relief Service) te konn ba li souvan èd manje. Lakomin Okay, nan tan J.F.Frantz Gullit te konn ede li peye lokal la chak ane. Kontribisyon lajan manb yo se te pi gwo resous sant la te genyen. Sa te pèmèt li fonksyone chak jou, epi peye anplwaye li yo. Daprè Misye Sènat, kèk mwa apre dife a CRS te dispoze 25 mil goud pou repare lokal la epi achte kèk materyèl pou ranplase sa ki te pèdi yo. Sepandan lè C.R.S. te kontakte nouvo Majistra a Jean Raymond Clergé pou l konnen si meri a ap toujou ede "CRÉER" li pa jwenn repons. Majistra a fè konnen meri a gen difikilte ekonomik, li pap kapab peye lokal pou sant la. Li kontinye pou l di meri a ap fè pito jefò pou l bay sant la yon tèren pou bati yon lokal definitif. Pwopozisyon sa te parèt pi enteresan pou misye Sènat men sa fè preske 10 mwa "CRÉER" kontinye ap tann tèren sa a. Majistra Clergé fè konnen:"pou kounye a, meri a pa gen okenn tèren disponib nan alantou vil la li ka ofri sant la. Apre dife a, timoun yo te rete nan kay yon anplwaye sant la annatandan paske responsab yo te kwè yo pral repare lokal la touswit. [525 mò]
|
|||||
|
|
|||||