![]() |
![]() |
Site Map . Contact . Help . Home |
| Regional Programmes . Productions . Resources . About Us | ||
Pandan dènye ane sa yo responsab touris ayisyen yo pale anpil sou nesesite pou relanse sektè touristik la nan peyi a. Selon plizyè moun ki save nan domèn sa Ayiti se yon peyi ki gen anpil posiblite pou atire touris. Posiblite sa yo chita sou listwa peyi a, kilti li ,klima, plaj ak lòt avantaj ou pap jwenn lòt kote. Depans yo fè ki gen rapò ak devlopman touristik, swa nan enfrastrikti oubyen nan pwomosyon monte plizyè milyon dola. Nan lane 1996, depans yo te rive 32 milyon dola ameriken selon chif ki sòti nan Oganizasyon Mondyal Touris (OMT) nan lane 1998. Pou menm lane sa a te gen 15147 touris ki te vizite Ayiti sa te pèmèt peyi rantre 81 milyon dola ameriken toujou selon OMT Responsab yo konte sou aktivite touris la paske yo kwè se
yon sektè ki kapab rantre anpil deviz nan peyi a. Gen yon diferans ant Touris Altènatif la ak touris klasik". Touris Altènatif la plis gen yon siyifikasyon moral pou moun kap chèche yon lòt mòdèl pa rapò a kèk retonbe negatif aktivite touristik yo genyen. Se pa deviz sèlman aktivite touris mennen nan yon peyi li ankouraje tou devlopman pwostitisyon, alyenasyon kiltirèl, elatriye. Daprè Bernardin Constant yon dirijan SITE, yon senkika kap fè aktivite nan zafè touris ki gen rapò ak anviwonman (Syndicat d'Initiative pour le Tourisme Ecologique) "touris altènatif la gen ladan l plizyè dimansyon. Li chita sou kesyon kiltirèl, anviwonnman, pelerinaj, elatriye. Pi gwo diferans li genyen se paske li fèt nan kominote yo,
kote abitan yo patisipe ladan l, vizitè yo dòmi, manje
lakay abitan yo." Pou lane 1999 la SITE te akeyi 76 vizitè, majorite ladan yo se te ayisyen sitou elèv lekòl, etidyan ayisyen tankou etranje. Nan lane 2000 lan li te akeyi 40 vizitè dapre B. Constant. Pou fè pwomosyon touris altènatif la nan tout depatman Sid la, kèk enstitisyon ki abitye travay nan domèn nan deja tankou SITE, ADEPAM(Asosyasyon pou devlopman touris anviwonman Pak Makaya) avèk kèk sitwayen mete ansanm pou kreye ATAS(Asosyasyon Touris Altènatif Sid ). ATAS ankouraje tou devlopman atizana nan depatman Sid la. Pou Telès Polyné, yon dirijan ATAS, depatman Sid la gen anpil posiblite nan zafè touris, li gen plizyè sit istorik se poutèt sa yo kreye ATAS po yo kapab mete yo an valè. Asosyasyon sa gen baz li nan chak komin nan depatman an, men se sitou nan lokalite Pliche, Formond-Macaya ak Camp-Perrin li gen plis kapasite pou resevwa moun paske zòn sa yo te deja gen eksperyans nan resevwa touris. Kèlkeswa kalite touris la gen yon seri ekzijans sitou lè se etranje ki ap viv nan bon kondisyon lakay yo ki toutafè diferan ak milye riral ayisyen an. Daprè Telès Polyné sa ki rann aktivite a posib se touris yo ki deside nan ki zòn yo vle ale . "Le nap deplase avèk touris yo , nou eksplike yo kondisyon zòn yo gen pou ale a yon fason pou yo pa pantan lè yo rive." T.Polyné rekonèt fè pwomosyon yon fòm
touris konsa se pa yon bagay fasil an Ayiti .Sa mande yon travay
edikasyon ki kapab pran anpil tan pou moun nan milye riral yo aprann
byen sèvi ak sa yo genyen, pwoteje anviwonman yap viv la.
Polyné gen konviksyon se yon mouvman ki gen anpil avni e
li kwè aktivite sa a ap pwofitab non sèlman pou moun
ki angaje anndan ATAS men tou pou depatman Sid la ak rès
peyi a. [650 mò] Nòt: * Depi 7 fevriye 2001 Sekreteri Deta Touris transfòme an Ministè Touris
|
|||||
|
|
|||||