About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

Andikape epi l ap viv nan lari .... se ka yon dam ki rele Bertha
Jiyè 2001

Nicole Siméon, Jounalis
English
français
español
kreyol

Atik (Island Beat) sa a reyalize ak sipò finansye Save the Children Canada (SSC) nan kad pwojè "fi nan lari, y ap koute ou - pwomosyon vwa medam nan lari yo nan medya yo se pou ouvè deba piblik yo."

"Mwen rele Bertha. Mwen te tou piti lè m te kòmanse lage kò m lari a. Mwen pase prèske toupatou nan vil la, pou m kapab jwenn yon lavi miyò. Mwen fè 3 pitit nan lari a ak 3 papa diferan. Ti fi a mouri. Paran papa Alain, pi gran pitit mwen an, yo reskonsab li apre papa l te fin mouri. Jean ki gen sèlman yon mwa, l ap viv avè m. Viv nan lari se pa yo n bagay ki fasil, menm lè ou poukont ou. Lè ou ak yon timoun sa pi di toujou. Depi lè Jean fèt mwen pa mennen okenn aktivite ankò. M ap tann li gen 3 mwa pou m retounen nan lari a epi kontinye chache lavi m."

Se temwayaj yon fi nan lari Okap Ayisyen, ki se 2èm vil peyi a ki gen yon distans 252 kilomèt ki separe l ak kapital la.

Yo pi konnen l sou non "7 dwèt" akoz li andikape depi l fèt .

Koulye a Bertha abite nan yon dòtwa nan Site Lesko, yon katye popilè nan vil la. Avèk bebe l la li abite avèk rat sou kote yon twou dlo sal ki pa menm kouvri ak tout kalite fatra, se la l ap viv ak kèk lòt moun nan ti espas sa a ki mezire 2 mèt kare.

Nan yon kwen nan refij li a, yon kote ki separe ak yon moso twal, se la Jean, pitit Bertha a kouche sou yon pati vye ranyon, ti kò l deja montre ou se yon timoun kò pa bon, men Bertha pa kache montre kijan li renmen pitit sa a.

Se yon ban avèk kèk vye bout mamit chabon nwasi ki sèvi l dekorasyon. "7 dwèt" eskize moun ki te vin vizite l yo paske li pa gen anyen ankò.

Jean gen yon tè nan jè. Gen yon doktè nan lopital Jistinyen ki se prensipal lopital nan rejyon an, ki te bay Bertha yon echantiyon medikaman pou achte pou Jean, men Bertha di li pa janm gen lajan pou l achte medikaman sa a.

Bertha dwe gen anviwon yon ventèn ane konsa, men li pat kapab di ekzateman laj li. Li se dwayèn fi k ap viv nan lari Okap Ayisyen yo, paske li gen pou pi piti yon kenzèn lane nan zòn sa a. Li konnen tout fi k ap viv nan lari yo. Selon li menm, gen pou piti yon dizèn fi k ap viv nan menm kondisyon sa a nan vil la.

Kèk nan yo prefe kouri kite move sitiyasyon sa a. Gen lòt ki lage kò yo nan plase oubyen genyen yon fanmi ki pase pran yo, lè konsa yo tou bay vi sa a do.

Pwoblèm ki makònen ak sitiyasyon fi ak gason an (yo pa konsidere fi yo menm jan ak gason yo) sa rann sitiyasyon yo pi mal toujou.

Malgre se yo menm, yo toujou ap arete san rezon, yo akize yo pou delenkans (vòl, dwòg) ak pwostitisyon, byen souvan gason k ap viv nan lari menm jan ak yo oubyen lòt gason ki vle esplwate yo, yo bat yo.

Akoz move sitiyasyon sa yo , gen kèk ki chwazi pou retounen nan peyi yo, tandiske gen yon ekip lòt ki kontinye kenbe, se sa Barthelemy Joel Marc Amedée esplike, li te travay ak òganizasyon non gouvènmantal ``Ènfants du Monde`` nan rejyon Nò peyi a deklare.

Sa montre kòman kantite fi nan lari Okap yo bese, apre yon etid Martine Bernier ak doktè Francois Ponticq te reyalize nan lane 1999, se Save the Children Canada (SSC) ak UNICEF ki te finanse l.

Deplasnman fi yo ap fè pou al nan kèk lòt zòn ki gen plis aktivite, kote yo kapab jwenn yon alemye, tankou nan peryòd fèt patwonal ak fèt chanpèt yo nan kèk epòk nan ane a, se yon mwayen ki pèmèt kantite medam sa yo bese konsa tou.

"Natacha, Huguette, Mamaille, Nadège, Dieudonne, Jessie, ak mwen nou konn dòmi pafwa devan biwo delegasyon Nò a (sou plas dam nan) nan ri 18, pafwa se nan mache a oubyen dèyè legliz Sakrekè nou dòmi.

"Medam yo, espesyalman Dieudonne, yo te vyole l, alò nou tou chanje plas. Mwen menm, m pa pè gason. Yo kite m anpè. Lè mwen vle, m kouche ak yo pou yon ti monnen epi tout bagay fini. Mwen pa janm sèvi ak kapòt, men mwen toujou tande lòt medam yo ap pale de sa, san dout yo konn kèk bagay sou li (...) Mwen pa ta renmen pran SIDA, paske li touye moun. Menm lè m ap pase mizè, mwen ta renmen ap viv toujou.

"Koulye a, mwen prèske pa wè medam yo. Yo di m Dieudonne nan prizon Limonad paske li te vòlè zafè moun. Huguette malad, mwen pa konn ki bò li ye. Natacha ansent, Mamaille menm, matant li mennen l lakay li. Mwen menm, mwen gen yon tonton m ki abite na ri Zewo ki ede m tanzantan ak bebe a. Papa bebe a mechan, li konn kite m ap pase plizyè jou san manje. Mouche se yon moun k ap pote chay pou moun.

"Alain pi gran pitit mwen an gen 6 an. Kèk fwa m al wè l lakay fanmi papa l. Se yon kriz tansyon ki te touye misye. Il menm, il te byen, se pat yon gason k ap viv nan lari."

Bertha sonje "anvan mwen te vin nan lari, mwen te rete kay yon nèg ki te rele ‘Boutròs.' Li te gen yon boutik sou plas mache a. Li te byen okipe m, il te voye m lekòl. Il pat janm maltrete m, men papa m te vin chache m. Papa m te konn bwè tafya, li te konn bat mwen tanzantan.

"Lè papa m vin mouri, gran sè m nan pran m li mete lakay li epi li vann kay papa n te mouri kite a. Mwen te konn al nan lari pou al mande, se konsa mwen vin gen abitid, m tou rete. Koulye a mwen ta byen renmen jwenn yon pi bon kote pou m rete," se sa li di.

Selon chif ki te disponib nan mwa me 2001 an, te gen anviwon son santèn timoun ak adolesan fi kou gason nan laj 6 al 22 an ki t ap viv nan lari Okap. Gen nanti gason sa yo, ki pase moso tan yo nan lari a, moso nan tan yo nan pwojè Pierre Toussaint, ki se yon fwaye èd pou timoun nan lari Okap yo, fwaye s a a ede yo.

[1090 mò]

Li lòt atik "Island Beat" nou yo