![]() |
![]() |
Site Map . Contact . Help . Home |
| Regional Programmes . Productions . Resources . About Us | ||
Tèrye Wouj, se yon komin nan depatman nòdès peyi Ayiti. Li chita nan yon distans 36 kilomèt ak Okap ki se prensipal vil depatman Nò a. Depi nan lane 1984 Legliz Episkopal Ayiti mete yon sant agrikilti nan komin nan. Sant sa fòme jèn fi kou jèn gason nan domèm agrikilti espesyalman nan kilti marechè (legim). Nan kòmansman lane 2001 an, sant sa a te genyen 37 etidyan nan premye ane, nan mitan yo genyen 3 fi, tandiske nan 2zyèm ane li te genyen 36 etidyan, ladan yo gen yon fi. Etidyan sa yo gen pou yo pase 2 lane ap aprann anvan pou yo diplome. Yo gen yon ti vakans yon semèn apre chak trimès. Lontan, prensipal aktivite moun Tèrye Wouj sete plante pit. Te gen nan zòn nan de (2) izin, Fayeton ak Derak, ki te konn achte pit la nan men abitan yo. Apre izin Plantasyon Dofen yo fin fèmen nan lane 1986, popilasyon zòn nan jete kò yo nan fè gadinay. Daprè plizyè moun, tè yo pa ka fè anyen ankò nan plas pit la. Daprè temwayaj Erno Etienne, yon natif natal nan komin nan zafè gadinaj la gen pwoblèm pa l tou: "Lè lapli pa tonbe, bèt yo mouri anpil poutèt yo pa jwenn manje ak dlo pou yo bwè." Pou retire lide "tè a se sèlman pit li kapab fè" nan tèt popilasyon an, Legliz Episkopal parèt nan lane 1982 ak pwojè pou mete yon lekòl teknik nan komin nan. Se konsa 2 lane apre, sa vle di an 1984, rèv la te gentan tounen yon reyalite. Selon Yves Mary Etienne, ki se sansè sant lan: "Lekòl sa gen 2 objektif: Fòme pitit peyizan ki pa fè gwo klas epi ki pa kapab rantre nan gwo lekòl teknik nan vil yo, ak montre peyizan yo, tè a kapab bay kichòy depi gen bon mwayen teknik."
Youn nan bagay ki etone kèk reskonsab nan sant sa a, se yon jèn ki te nan 2zyèm ane lekòl Dwa Gonayiv ki te fèmen dosye l, epi li te vin etidye nan sant lan. Misye diplome nan mwa sektanm ane ki sot pase la a. Sant sa a ki bay kilti marechè premye enpòtans pa sèlman rete ap travay nan jaden sèlman ak elèv yo, men li ba yo kou ki chita sou metod, etid sou plant ak zanimo, kontablite, animasyon koperativ, kòd riral, antrepriz pou fè komès, kizin, elatriye. Yves Mary Etienne fè konnen rezon ki pouse sant la fè tout kou sa yo pou etidyan yo, se paske responsab yo pa vle lè yo fin diplome pou yo rete chita ap tann dyòb, men pou yo kapab kreye pwòp aktivite pa yo ak peyizan nan zòn kote yo sòti a. Sant lan pa sèlman fòme jèn ki lekòl la, men li ankadre peyizan yo tou, sa vin fè gen anpil koperativ ki rantre nan kilti marechè a. "Selon sansè sant lan, lontan yo te di zòn sa sete yon zòn sèch, yo montre klè depi gen dlo, semans, pwodwi pou ensek, tout tè kapab fè kichòy." Nan zafè legim nan, sant lan kiltive tou yon seri varyete yo pa twò konnen nan peyi a, tankou: pwatann jòn, chou vyolèt, chou chinwa, aspèj, elatriye. Yo menm rive plante yon mayi dous, yon moun kapab kase l ou manje l konsa. Akoz wout la ki pa bon pou sant lan ta va voye legim sa yo vann lòt kote nan peyi a, anpil fwa se elèv yo, moun ki abite nan komin nan, kèk relijye nan vil Fò Libète, ak kèk moun nan vil Okap ki achte nan men yo. Konsa, legim yo rete gaspiye paske yo pa gen chanm fwad pou konsève yo. Kiltive legim se toujou yon tèt chaje ak koze ensèk k ap vin anmède plantasyon sa yo. Pierre Antoine Ferde ki se yon teknisyen ki genyen 12 lane depi l ap travay nan sant lan, li di n: "Sa gen 4 lane depi gen yon maladi yo pa t konn abitye rankontre ki tonbe sou kilti tomat yo, se yon viris yo bay ti non TYCC. Malgre anpil pwodwi yo sèvi pou kouri dèyè ensèk sa a, chak sezon se pa pakèt tomat pèdi. Se yon maladi yo di ki sòti nan peyi Dominikani." Pou semans yo, sant lan oblije al achte yo kote ki gen tanperati ki prèske menm jan ak Ayiti, tankou Dominikani ak zòn Florid la nan peyi Meriken. Malgre 17 lane lekòl la genyen depi l ap travay, jiskaprezan, li poko kapab kenbe kò l pou kont li, se misyon episkopal la ak legliz Presbiteryèn ki nan peyi Etazini k ap lonje men ba li tanzantan. Youn nan pi gwo rèv direktè sant lan "enjenyè achitèk Ernst Delvar" se pou l ta agrandi kad la pou l pa rete chita sèlman nan kilti marechè a, anpil moun nan popilasyon an deja kòmanse pratike trè byen. Li ta vle aprann etidyan yo ak kominote a, plis lòt teknik toujou, tankou fason pou yo prepare yon serie pye bwa, epi fè yon rak ak tout kalte bwa, tankou bwa konstriksyon menm jan ak sa ki donnen fwi. [900 mo]
|
|||||
|
|
|||||