About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

"Clean up" pou Twou di Nò
Fevriye 2001

Patrique Lamour, Korespondan Radyo Ibo, Nòdès

Link to Plan Internationale Web SiteAtik "Island Beat" sa a rive reyalize gras ak sipò finansye PLAN Parenaj / Ayiti, nan kad yon projè "Dwa timoun ak patisipasyon medya nan sosyete sivil la."

Vizyon PLAN parenaj se yon mond kote tout timoun ka devlope kapacite yo nan sosyete kote yo respekte dwa ak diyite moun. PLAN parenaj osire-l ke timoun yo grandi nan kay ki pwòpe ki gen sekirite. Nan pwogram li yo, PLAN pèmèt tout moun lap travay avè yo gen aksè egal e ekitab pou itilize resous natirèl yo. PLAN reyalize travay sa-a selon kompreyensyon relasyon moun yo ak envirònman.

Soti 20 pou rive 22 oktòb ane 2000 la, gen yon kanpay pwòpte yo te bay non "Clean Up Twou di Nò" ki te fèt nan lokalite sa a ki nan Nòdès peyi a.

Pou aktivite sa a, yo te jwenn bourad lajan nan men Plan Haiti, epi kèk bizismann ak antrepriz lavil la. Aktivite koukouwouj dèyè fatra sa a te reyini anviwon 10.000 moun, ladan yo anpil pwofesè, elèv, timoun, granmoun, manm legliz, bizismann, ki nan anpil komite katye.

Pou fasilite travay sa a ki reyalize nan kad pwogram "Clean up the world" (pwòpte le mond), yo te mete sou pye premye fwa nan peyi Ostrali nan lane 1989, gen yon komite yo te fòme pou sa pou separe ekipman.

Pandan 3 jou travay sa yo, chak jou yo te ofri chak moun ki te mete men pou travay la te kapab fèt, yon bèl plat manje (yon pla cho).

Kèk jèn yo te poze kesyon sou operasyon dechouke fatra sa a, te deklare lajan yo te depanse yo te kapab sèvi pou enfrastrikti nan vil la.

Necker Eustache, ki se prezidan kanpay pwòpte a deklare malgre sa yo di "clean up" la te byen reyisi.

Daprè Wilfrid Pierre Noel ki se direktè lopital Twou di Nò a epi an menm tan ki se konseye nan komite pwòpte a. "Aktivite sa a gen yon enpòtans espesyal. Lide a mande pou yo pale de li, akoz
relasyon sere ki genyen nan mitan sante ak anviwònman".

"Anviwònman pa konsène sèlman dlo, lè, pye bwa yo, kote ki vèt yo, men kote ou ap viv la, katye ou la, lakay ou," se sa li te ajoute.

Selon Richemond Luckny, ki se prezidan katye "Tout moun jwenn" aktiivte a byen pase.

"Nou fè yon bon travay pandan 3 jou sa yo. Gade koulye a kòman lè a pi lejè isit la. Men kòman pou n fè pou anpeche moun yo pa vid jete okenn vye bagay la a ankò. Mwen panse travay ki rete dèyè yo gen plis enpòtans. Nou swete lakomin ak komite netwayaj la kenbe pwomès yo pou travay sa a kapab dire," se sa li te kontinye di.

Bò kote pa l, majistra lavil la Luccio Seraphin, deklare, li satisfè de aktivite sa yo. Li fin pa dekouvri koze pwòpte a pa rete sèlman zafè ki regade meri a. Pou diminye salte yo, pral gen yon seri gwo bak avèk poubèl yo pral mete nan yon seri zòn espesyal. La komin ak komite netwayaj la angaje yo pou yo pote fatra yo yon kote ki la pou sa.

Yon sèl bagay, Plan Haiti ak komite netwayaj la ap chache posiblite pou kenbe anviwònman an sen epi pwòp nan komin nan, pou lontan

Yo pral triye fatra yo, yon seri ajan ki la pou sa epi ki genyen esperyans pou fè fatra yo tounen konpòs (angrè), y ap mete yo nan yon sak pou yo vann moun k ap travay tè nan zòn nan yo, ki bò kote pa yo pral sèvi pou tè yo. Yo pral mete sou pye tou pou timoun yo, yon seri aktivite nan tretman fatra ak bagay ki kapab resikle yo epi yo pral kreye yon bon sistèm pou leve fatra yo.

PLAN ede kanpay netwayaj nan lòt zòn tankou: Jakmèl, Fòlibète ak Wanament.

Twou di Nò se youn nan gran vil nan depatman Nòdès la. Li chita nan limit depatman Nò avèk Nòdès. Li gen anviwon 62.000 moun k ap viv ladan l.

[580 mo]

Li lòt atik "Island Beat" nou yo