![]() |
![]() |
Site Map . Contact . Help . Home |
| Regional Programmes . Productions . Resources . About Us | ||
Anpil milye timoun lage kò yo nan lari a tou piti, gen nan yo ou jwenn nan lari nan kapital la, genyen ou jwenn nan vil pwovens yo. Yo lage san yo pa soukont okenn moun, byen souvan, yo lage kò yo nan tout vye aktivite, tankou vòlè, dwòg, postitisyon. Nan Jakmèl ki se metwopòl Sidès peyi a, ki chita nan yon distans 118 kilomèt ak Pòtoprens ki se kapital peyi a, fenomèn sa a kòmanse ap bese, daprè yon etid doktè Francois Ponticq ak Martine Bernier te reyalize nan lane 1998. Pa gen anpil nan timoun nan lari yo ki genyen paran ki abite nan zòn nan k ap ede yo, oubyen ki gen yon kote pou yo rete. Pogrè sa a ki fèt nan sitiyasyon sa a, se pa yon mirak. Gen yon asosiyasyon sosyo kiltirèl ak atistik ki rele Lig Atis ki pa gen fontyè, ki gen ti non (LASAF) ki espesyalize l nan pran reskonsablite timoun nan lari yo. Youn nan reskonsab lig la esplike n, chemen asosiyasyon an pase ak fason li ede timoun yo. "Timoun yo bezwen yon bon kote pou yo rete, pou yo jwe." Se sa Pierre Antoine Jean, ki se reskonsab LASAF, yo pi konnen sou non Familus te fè konnen. Travay LASAF chita ekzateman nan fòme timoun, li okipe yo, nan domèn edikasyon fizik, sivis, seksyalite ak atizana, se sa Familus esplike. Akoz gwo mwayen finansye LASAF pa genyen pou l okipe timoun yo, li pran timoun yo pandan peryòd lete yo, li mete yo nan yon seri fanmi, apre sa li voye yo ale pou rès ane a. LASAF kòmanse travay ofisyèlman depi nan mwa fevriye 1995, otorite yo pa ba li oken èd. Selon reskonsab la se gras ak kèk zanmi epi koutmen òganizasyon Plan Haiti asosiyasyon sa a ap kenbe. Tanzantan Plan Haiti ba l yon asistans lojistik ak alimantè (bis transpò piblik, manje, mayo) lè yo genyen pou y al flannen deyò vil la. Daprè Jean-Marie Dieumercie, ki se manadjè pogram Plan Haiti nan Jakmèl, Plan Haiti pa gen gwo mwayen nan moman sa a, nan konsa li pa kapab bay lig la yon sipò tanzantan. Manadjè a di tou, nan kad politik Plan Haiti pou ede timoun ak jèn yo pou patisipe nan posesif devlopman kominote yo, PLAN ankouraje timoun ki nan parenaj yo pou yo pote kolaborasyon yo bay timoun ki pa gen mwayen sa yo. Se konsa, nan kad yon pwojè devlopman atizanal lokal ak penti PLAN te sipòte, timoun ki nan parenaj yo ak plis pase san (100) timoun LASAF yo te resevwa yon fòmasyon de baz nan men youn nan fondatè endistri atizanal nan Jakmèl. Objektif kolaborasyon sa a se kreye yon anviwònman kote timoun yo kapab esprime lide yo epi devlope potansyèl aktivite yo, se sa Jean-Marie Dieumercie deklare. Timoun yo te sèvi avèk papye mache, kontreplake ak lòt bagay lokal pou reyalize travay atizanal yo. Travay yo kòmanse pèmèt yo rantre lanjan yo itilize pou achte materyèl pou yo travay. Yo kòmanse travay di e yo prevwa òagnize de (2) espozisyon ak objè atizanal ak penti pou ane 2001 an. Y ap fè youn pou premye Me nan okazyon fèt patwonal vil Jakmèl, ak yon lòt pou kanaval. Aktivite sa a pral pèmèt yo rantre lajan k ap soti nan pwòp afè yo. Yo separe an plizyè gwoup ki nan yon seri zòn diferan nan Sidès la, koulye a, asosiyasyon an genyen 258 timoun nan vil Jakmèl, 159 nan lokalite Zoranje, 721 pou tout zòn Kap Wouj (Klemès, Tou dlo, Kay Fransik, Mòn Salyè, eksetera) ak 129 ki nan Mabyal ak Fon Melon. Selon reskonsab la, asosiyasyon an vize pou bay timoun yo disiplin epi prepare yon manyè pou yo kapab rive ranpli obligasyon moral ak sivik yo pou demen, LASAF ofri tou yon espas pou jèn yo separe konesans yo epi byen rekreye yo. Jean-Marie Dieumerci di, sa esplike poukisa nou bay timoun ak jèn yo yon mwayen pou yo devlope yon seri teknik ki pral sèvi yo pita pou òganize lavi yo. Tanzantan gen lòt timoun ki rantre nan asosiyasyon an, pafwa menm se pwòp fanmi yo ki mande sa, paske yo wè kijan asosiyasyon an kapab ba yo koutmen nan sa ki konsène zafè edikasyon timoun yo. Byen souvan timoun ki rete ak moun, moun k ap travay tè oubyen sa k ap fè ti komès (madan sara, etalajis) pifò nan paran yo pa gen tan pou yo okipe timoun yo. Timoun sa yo, yon fwa se yo menm ki ap leve tèt yo, yo kapab vin tounen nenpòt move je nan sosyete a, se yo menm ou jwenn nan pifò ka timoun vakabon, ka timoun ki tonbe nan relasyon seksyèl anvan lè, selon Familus. Kòm yon asosiyasyon ki pa la pou fè lajan, ki reyini timoun ki nan laj soti 4 pou rive 24 an, asosiyasyon sa a rankontre anpil pwoblèm materyèl ak finansye tou ki anpeche l reyalize sa li ta renmen. Familus di, pou asosiyasyon an kapab reponn a obligasyon l genyen pou timoun yo, asosiyasyon an sèvi ak lokal lekòl nasyonal Exima Gilles Ka-Wòlf. Annatandan, biwo yo chita kay yon zanmi ki ofri yo yon pyès kay pou sa. Akoz koze lajan ak materyèl li manke a, òganizasyon an oblije voye timoun ki pi gran yo ale oubyen li chache yon ti travay pou yo. Selon Familus, gran pwojè LASAF se pou l gen yon bon sant pou l mete biwo l epi kote pou l fòme timoun yo. Apre aktivite regilye l yo, tankou prezante pyès teyat, fè emisyon nan radyo ak televizyon, òganize eskisyon, aktivite espòtif, konferans deba, yo fè ak timoun yo, travay asosiyasyon an fè deja yo poko anyen nan tout sa l genyen pou l fè. Gen yon pepinyè pye bwa ki donnen fwi ki kòmanse prepare pou finisman lane 2000 la. Yo pran desizyon sa a pou sansibilize jèn yo epi ofri yo yon okazyon pou bay koutmen pou jefò k ap fèt nan domèn anviwònman an. Familus fini pou l di, li rete sèlman pou ankadre timoun yo ak jèn yo pou wete yo nan vye twou sitiyasyon sosyo ekonomik la plonje yo a. Pou rès bagay yo, yo kapab fè yo kont yo. [1020 mo]
|
|||||
|
|
|||||