About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

SIDA: Medam pwostitye yo pale san yo pa wont
Desanm 2000

Fritznel Octave, IPS, Ayiti
English
français
español
kreyol

Depi anviwon kenz (15) ane lè yo te kòmanse resanse premye ka "Sendom Inimodefisyans Akiz" (SIDA) medam pwostitye yo pat montre enkyetid yo pou maladi a. Avèk tan an epi jan viris (VIH) ki reskonsab maladi SIDA ap simaye anpil, medam pwostitye yo santi yo vin pi konsène.

Atansyon danje.

"Mwen pat janm kwè SIDA te ekziste reyèlman vre, se jis yon jou, mal syèk la frape youn nan zanmi m yo". Se deklarasyon Katia Juste ki konsidere l kòm yon moun ki pa gen yon kay fiks, k ap viv nan Gonayiv ki se prensipal vil nan depatman Latibonit la ki chita nan zòn nò kapital ayisyèn nan, yo gen yon distans disèt (17) kilomèt ki separe yo.

Katia ki asepte pale ak tout franchiz li, se yon jèn fi ki gen 23 zan. Nan laj sa a li deja genyen 2 pitit, san li pa menm an mezi pou l di kilès ki papa timoun sa yo. Pandan l ap fè yon ti souri, li deklare "deja nan laj 17 an, mwen te gentan genyen anpil kliyan". Soti nan yon otèl ale nan yon lòt, li pase nan tout gran vil peyi Ayiti yo, sa depan de epòk la.

Tojou nan chache pi bon zafè, Ketia deklare "anvan maladi pi bon zanmi fi m nan, sa ki te inisye m nan (sa ki antre m nan bizniz la), mwen pat vle tande pale de SIDA, epi zafè kapòt la, mwen te konsidere l tankou yon ensilt". Akoz sa mwen wè zanmi m nan pase, sa vin fè m kwè nan ekzistans SIDA a.

Zanmi Katia a, te mouri nan kòmansman mwa me 2000 la, apre yo te fin gaspiye tout sa yo genyen kay ougan (papa bòkò oubyen prèt vodou).

Avèk anpil lapenn, li deklare " jodi a, mwen gen konsyans pou fason maladi a ap simaye anpil akoz inyorans nou, nan pè pou yo pa imilye nou menm ki gen maladi a nan sosyete ayisyèn nan ak tèt di nou".

"Isit yo rele nou "misyonè", se jis pou yo di lajounen kou lannwit nou toujou ap chache kliyan nan otèl yo. Nan yon sèten sans, mwen dakò ak non sa a, paske mwen angaje mwen nan yon misyon pou anpeche VIH la simaye plis". Se sa Denise Pierre Fils ki gen 16 an, deklare. Avèk anpil mepri, Denise di " Pa gen moun sou tè a ki gen lajan pou l ofri m pou m antre nan relasyon seksyèl avè l san kapòt.

Denise parèt dekòlte, figi l byen makiye tankou yon renn ki pral monte sou yon cha kanaval, li kwè, pwostitiye yo sa vle di ni fanm ni gason, se moun ki pi kapab simaye maladi VIH la bay lòt moun akoz moute desann y ap fè nan peyi a, nan bi pou yo jwenn kliyan. Li di, pa konsekan, se yo menm pwostitiye yo, yo ta dwe chwazi an premye pou fè kanpay sansibilizasyon kont maladi a.

"Misyonè, lajounen kou lannwit, mwen pa konnen estati sanitè mwen (non mwen). Senpman, mwen espere mwen pa deja enfekte pou m pa janm konsa, pandan y ap goumen kont maladi a, se sa li di ak anpil tristès akoz lanmò pi gran sè l ak 2 zanmi l, nan maladi SIDA.

Jessicat Saget, li menm ki gen 19 lane, panse bò kote pa l, SIDA dwe yon sijè pou yo pale de li chak jou, nan kay, nan kafe (otèl ki gen pwostitye) nan restoran dansan, nan lekòl tankou nan legliz yo. Jessica enstale l nan otèl (Merci Jesus) nan Gonayiv depi 3 lane. Pandan lajounen, li vire won nan tout vil la ak lespwa pou l jwenn kèk kliyan pou nwit la.

Selon yon pwostitiye nan Miragwàn, pi gwo jefò ki dwe fèt se nan nivo leta ayisyen ki reskonsab sosyete a ak kontwòl li. Leta dwe mete estrikti ak enfrastrikti pou moun zafè pa bon yo, pou moun sa yo sispann trennen diyite yo atè " m ap viv nan kondisyon sa yo paske lavi m gache akoz paran m yo pòv epi gason ban m anpil manti.

Nan vil sa a ki chita nan yon distans ki anviwon 96 kilomèt kòt sidwès kapital la, yo rele medam pwostitye yo "demwazèl lan nwit". Yon non kèk nan jèn medam pwostitiye k ap fonksyone an kachèt yo, konsidere kòm imilyan. Sèl medam ki soti, nan repiblik Dominikèn yo, lòt kote nan peyi a, yo asepte pou yo rele yo konsa nenpòt lè. Men vil la twò piti, youn konn lòt.

Pwostitye nou te rankontre Miragwàn yo, kritike sistèm machis la, ki byen fò nan peyi a ki gen tandans ankouraje zafè paspatou a." Sou pretèks virilite, anpil gason pa konsanti pou sèvi avèk kapòt pou yo pwoteje tèt yo oubyen lòt patnè yo a". Se sa yo fè konnen, pandan yo souliye, yo konprann pwoblèm SIDA a, men yo pa gen lechwa akoz nesesite sosyal ekonomik yo.

Daprè sa 3 pwostitye esplike ladan yo gen 2 Dominikèn k ap fè ale vini ant plizyè vil bò lanmè peyi Ayiti yo. " Lè kèk nan kliyan nou yo rive nan bato, yo soumèt ak kondisyon sa a, men nan moman relasyon an dire anpil oubyen lè bagay yo vin serye, yo mete koze prekosyon an sou kote. Yo deklare, yo endinye akoz byen souvan mesye yo pase dwa medam yo anba pye, nan sa ki konsène rapò seksyèl (sèks).

Medam sa yo di tou "mesye yo toujou di " si pou m sèvi ak kapòt mwen p ap peye ou". Yo di se jan de konpòtman sa yo ki gen kay mesye yo ki amize yo ap abize nesesite medam pwostitiye yo.

Selon yon pwostitye k ap trennen baton pelerinaj li nan Pòdepè, ki chita nan yon distans 257 kilomèt zòn nòdwès kapital la. "Mwen enfekte akoz jan de rapò seksyèl sa yo, malgre mwen toujou vle mete yon kapòt anvan m ale nan tout kontak seksyèl.

Pwostitye sa a ki gen 31 lane, deklare li toujou pwoteje kliyan l yo, men byen souvan yo refize sèvi ak kapòt sou pretèks bagay sa a anpeche yo jwi plezi yo.

Nan mitan vil Pòdepè ou jwenn "Bienvenue Hotel". Nan otèl sa a, gen yon pwostitye ki gen 33 lane, ki enstale l chak swa nan rantre 2èm etaj otèl sa a, kote l ap fè lanavèt nan chanm yo. Chak lè gen yon nouvo kliyan ki antre nan otèl la, li di "mesye oubyen jènjan, ban m 10 goud, souple. Epi se konsa dyalòg la kòmanse (...)

Selon li menm, nòdwès la, patikilyèman vil Pòdepè defye estatistik ak pwojeksyon yo fè sou SIDA." Li se moun Sen Mak (96 kilomèt nò kapital la), isit mwen fè ale vini depi 6 zan. Jèn yo pa twò gen sousi pou SIDA ak lòt maladi ki kapab transmèt nan fè bagay (MST), se sa li esplike.

Twò souvan yo panse maladi sa a pa ekziste. Li di, moun ki gen viris SIDA an nan san yo, toujou ap chache lage mal yo a sou lòt kòz, tankou fetich, se sa li rakonte.

Li di " pou mwen, se swa ak kapòt oubyen mwen refize lajan kliyan an. Mwen wè twòp bagay sou maladi sa a, pou m ta pran l alejè. Mwen p ap janm ni kriminèl ni yon tiyè".

Koulye a gen yon sitiyasyon ki mande pou moun ki krye, ki kòmanse devlope nan kapital Ayisyèn nan. Plizyè dizèn fanm, pifò ladan yo se timoun, y ap vann sèks yo, menm atè nan lari nan kèk katye pòv yo nan nwit, sitou ak koze pa gen limyè nan yon seri kwen yo. Gen lòt menm ki rete fèmen lajounen kou nan nwit nan chanm otèl nan mitan lavil la.

Sèks la se pou piyay anba lavil la, lajounen tankou lannwit andeyò tout mezi prekosyon. Yon espektak ki bay degoutans. Jenn fanm ak jenn timoun yo fè konnen, move kondisyon sosyal ak ekonomik peyi a se youn nan koz prensipal yo, ki fè yo lage kò yo nan jan aktivite sa a.

Ou pa ta kwè, men se vre!

Gwo jounen, pwostitye yo chita bò lari yo oubyen nan pòt chanm ki disponib pou sa yo, yo ap envite moun ki pa menm sèks ak yo pou vin fè bagay ak yo. Souvan anvan y al fè bagay la, kliyan ki enterese a mande "konbyen, madanm, matmwazèl oubyen cheri. Repons la tonbe byen vit 15 goud (pi piti pase yon dola ameriken) pou pi piti, jiskaske yo fin antann yo.

Malgre jefò ki deplwaye nan divès kanpay edikasyon ak sansibilizasyon pou anpeche maladi SIDA, simaye pi plis, yon grenn bagay toujou rete koz prensipal yo, se zafè povrete a.

[1440 mo]

Atik sa a pwodui ak kolaborasyon epi sipò finansye Ministè sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), UGP- MSPP - IDA, nan kad pwojè ASON -Panòs: Ranfòse deba piblik sou VIH/SIDA ak pwogram prevansyon avèk patisipasyon moun k ap viv avèk VIH/SIDA.

Li lòt atik "Island Beat" nou yo