About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

Ayiti - SIDA : Yon lit san mèsi, men ki pa san espwa*
Desanm 2000

Nicole Simeon, Le Nouvelliste, Haiti
English
français
español
kreyol

Isit, SIDA touye prèske 110 moun chak jou. Yo di chak minit ki pase, se konsa gen 6 moun ki enfekte. Chif sa yo soti nan ONUSIDA nan yon rapò ki te parèt nan desanm 1999 la, temwayaj sou fason epidemi an ap pwogrese an Ayiti. Mwatye nan moun sa yo, pran maladi a nan kontak seksyèl.

Youn nan bagay ki retni atansyon moun nan dènye ane sa yo. Plizyè moun ki enfekte pran reskonsablite yo epi deside pale de maladi a devan toun moun. Yo rakonte diferan pwoblèm y ap rankontre epi yo patisipe tou nan kanpay sansibilizasyon.

Ni sideyen sa yo, ni moun ki bò kote yo ap soufri tou. Anpil nan yo pale de konpòtman iresponsab epi yo blame yo jodi a. Yo pale de esperyans yo.

Soeurette Jeudi, se yon jèn fi ki gen 26 lane. Li gen yon pitit gason ki gen 9 van. Li te fè pitit sa a pandan li te lekòl. Li pa gen lontan depi li fè tès ki montre li malad. Li deja twouve l nan yon move eta. Soeurette rakonte li deja depanse tout sa l te posede kay doktè ak ougan, paske li te kwè se maladi moun ki rayi l voye sou li.

Koulye a, li vin rann li kont lavil ki deranje a se maladi a ki lakoz epi li asepte pwoblèm li. "Koulye a, pa rete anyen ankò, sèlman m ap tann lanmò m. Mwen pa gen lajan ankò pou m pran swen m".

Nan moman n ap pale la a, Soeurette ap viv nan yon sant akèy pou moun malad ki pa gen lajan, se yon ekip bon samariten katolik ki reskonsab sant sa a. Tandiske pitit gason l lan ap viv lakay youn nan matant li yo. " Mwen pa gen zanmi ankò koulye a. Youn nan yo pa vini wè m kote m ye la a. Fanmi m fè sa li te kapab pou mwen, men li pa gen gwo mwayen.

"Jodi a, m regrèt, men m p ap kapab tounen dèyè. Mal la deja fèt. Mwen te tojou tande y ap pale de SIDA, men mwen pat janm mete nan tèt mwen, mwen kapab pran l. Mwen pa menm kapab di se Jean oubyen Paul ki ban mwen l. Mwen te fè ougan yo konfyans ki te konn di se mal y ap fè m ak maji. Yo chak bò kote pa yo te toujou pwomèt mwen, mwen pral geri, men jou t ap pase epi ka m t ap vin pi grav. Youn nan yo te rive geri bouton ki te sou po m yo. Sa te ban m moso espwa, se sa Soeurette te deklare.

Kernso Jules, ki gen 16 lane. Li se 2èm piti Christian Jules, ki gen 31 an, ki se yon moun ki gen SIDA. Misye esplike se premye esperyans li avèk yon moun ki gen SIDA. Li te konn tande pale de SIDA nan radyo, nan kanpay piblisite pou kapòt, men li pat janm panse youn nan paran l ta kapab enfekte."Mwen pa janm wè yon moun ki gen SIDA, se sa li esplike.

Yo abite kot plaj (Cote Plage), yon katye nan kafou (carrefour) yon zòn ki chita nan sidwès kapital la. Tout moun vire do ba yo apre Christian te fin patisipe nan yon emisyon nan televizyon kote li te deklare li enfekte.

"Depi lè sa a, zanmi n nan katye a pa vle wè nou, yo pote move akizasyon sou nou. Vwazen nou yo akize papa m kòm moun ki kapab kontamine dlo nan fontèn piblik nan katye nou an ak SIDA, epi gen kèk vwazin ki konseye manmman m pou l kite papa m".

Kernso te konnen papa l nan vi lib, nan dezòd "gen defwa papa m te konn dòmi deyò oubyen li rantre byen ta. Li menm ak frè l ak sè l yo, se premye moun ki te konn soufri ak chòk ant paran yo, epi koulye a, timoun yo ap gade kòman sante papa yo ap depafini. Temwayaj Christian an pa ranje sitiyasyon fanmi l ki p ap janm kapab konte sou li ankò pou fè yon bagay pou fanmi an. Manman m te konn pale l men li pat konn tande"

Yon lòt kote Christian avwe "mwen te chache SIDA, men premye bagay mwen te panse fè lè m te aprann mwen enfekte, se pat kite madanm mwen konn sa. Li te toujou parèt yon fanm modèl pou mwen, se pat sa li te merite. Erezman, ni li, ni timoun yo, yo pa enfekte".

Christian di, yo pa gen gwo mwayen, yo resevwa èd nan men "Association Solidarité Nationale" (ASON), MSPP ak Fondation Esther Bourcicault.

Anpil moun k ap viv esperyans sa yo, ki ap rankonte pwoblèm sikolojik ak ekonomik apre pwoblèm fizik yo. Kèk nan yo toujou rete kwè se yon maladi ki pa natirèl (mistik), yo pèdi tan yo epi ap gaspiye lajan kay ougan. Anpil malad pa konnen si yo enfekte epi yo transmèt viris la san patnè yo a pa panse si yo malad.

Nan bi pou youn sansibilize lòt sou konsekans SIDA, yo fè anpil aktivite jiskaske yo rive nan premye desanm ki se jounen mondyal SIDA, yo fè aktivite sa yo nan lide pou goumen kont maladi a. Dènye manifestasyon ki fèt nan tan n ap pale la a, se karavàn jèn atis yo kont SIDA, ki deja fè yon kanpay sansibilizasyon ak enfòmasyon nan 7 vil nan peyi a pandan ane 2000 la.

Nan mete sou kote, konferans - deba teworik pou yon piblik salon, pwojè karavàn nan mete l pi pre popilasyon an pandan li ale bò kote l epi kreye pou yo aktivite sosyo kiltirèl, (seyans sinema, konsè blag ...) Ankouraje youn ak lòt reflechi sou pwoblèm SIDA a pandan y ap rekreye yo.

Sou kote aktivite karavàn nan, minis Sante Piblik la prezante divès kalte pwogram MSPP ansanm ak gouvènman an vle reyalize, tankou prekosyon pou yo pran ak fanm ansent ki enfekte apati yo gen 36 semèn gwosès, jis pou yo evite pou bebe yo pa pran viris SIDA a.

Yon lòt pwojè ki enskri nan kad yon maketin sosyal apati li menm, ministè a dwe mete l nan tèt kole avèk komèsan yo pou mete plis kapòt deyò a.

Yon lòt bò, yon pwogram ant Ayiti, Brezil, ak Trinidad, 3 peyi nan rejyon Amerik yo, ta dwe reyalize pou yo kapab fè yon vaksen ki sèvi pou diminye efè maladi a. Gen yon premye kagezon vaksen yo dwe eseye sou moun ki pa enfekte an Ayiti, vaksen sa yo te rive15 oktòb ane pase a, se sa Minis Sante Piblik la te fè konnen.

Epi anfen, yon pwojè ekzonerasyon medikaman pou malad yo, jis pou yo fasilite tretman an pou yon ti monnen.

* inter-titre d'un article paru dans la revue: "Les lettres des Nations Unies pour le trimestre octobre-décembre 2000."

Atik sa a pwodui ak kolaborasyon epi sipò finansye Ministè sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), UGP- MSPP - IDA, nan kad pwojè ASON -Panòs: Ranfòse deba piblik sou VIH/SIDA ak pwogram prevansyon avèk patisipasyon moun k ap viv avèk VIH/SIDA.

[1160 mo]

Li lòt atik "Island Beat" nou yo