![]() |
![]() |
Site Map . Contact . Help . Home |
| Regional Programmes . Productions . Resources . About Us | ||
Jwenn kèk solisyon pou pwoblèm anviwònman yo, se yon bagay ki enterese gouvènman yo, òganizasyon entènasyonal ak prensipal òganizasyon sou tout tè a. Se konsa tou, Organisation des Nations-Unies (ONU) li enterese nan chèche solisyon pou pwblèm yo e li sipòte divès kalte pwojè nan anpil peyi nan lemonn. Youn nan pi gwo jefò ONU, se te yon konferans li te reyalize kote li te mete anpil aksan sou Les Petits Insulaires en Developpement (PEID). Nan kontinye travay sou evènman sa a ki te fèt Babad la, anpil pwojè ONI finanse ap devlope pou atake pwoblem ki pi enpòtan PEID a genyen. Nan domèn anviwònman, La Grenade se youn nan peyi ki jwenn sipò ONI. Youn nan espè li yo ki soti Nouyòk, Jeffrey Griffin, li bay kolaborasyon l nan ede yo reyalize yon strateji pou byodivèsite a ak yon plan aksyon nasyonal. Griffin di `objektif strateji a ak plan sa a, se pou chèche rezoud kantite pwoblèm anviwònman ki posib, san li pa bliye lè ki anpwazonnen ak resif koray yo k ap fin detwi. An retou, sa kapab ede la Grenade respekte youn nan prensipal responsablite li genyen nan Convention Internationale sur la Biodiversite. Li di ``Tout moun ki nan òganizasyon gouvènman oubyen òganizasyon non-gouvènmantal an ladan l, yo gen lide sou sa yo dwe fè. Gen sijesyon ki soti anpil kote. Genyen tou yon kantite pwojè nan rejyon an ak lòt peyi etranje yo dwe pran an konsiderasyon``. Li ajoute ``Objektif nou se te pou n mize sou tout jefò sa yo, pou n kòmanse gras ak sa ki fèt deja ak enfòmasyon nou kapab jwenn, nou eseye foure tout enkyetid yo ki gen relasyon ak byodivèsite. Toupatou nan lemond, moun k ap pale toujou montre jan kè yo ap bat fò pou anviwònman e yo ta renmen jwenn solisyon. Griffin di, kle solisyon an chita nan chache konnen vrè koz pwoblem yo, pa egzanp, yon strateji pou konsève resous lanati paka mache san ou pa chache koz ki fè anviwònman an ap detui. `Koz sa yo se prèske menm bagay toupatou sou tè a, ou ta kapab di yo parèt sou plizyè figi, sa depan de kote a. [371 mo] Nan tèt ansanm ak Reseau Caraibeen des Reporters de l'Environnement (CERN), Panòs pwodwi yon emisyon radyo chak semèn ki dire 10 minit : "Island Beat- sou nouvèl cho ki soti nan karayib la." Emisyon sa a reyalize ak dokiman ki gen relasyon ak anviwònman nan zòn nan, espesyalman esperyans yo fè nan chache solisyon pou pwoblèm sa yo, jan jounalis nan rejyon Caraibe la bay yo. Atik sa a soti nan yon pwogram radyo ki fèt nan mwa jiyè 1997.
|
|||||
|
|
|||||