![]() |
![]() |
Site Map . Contact . Help . Home |
| Regional Programmes . Productions . Resources . About Us | ||
Ste. Lucie mangwov Mankòtè se pi gwo forè mangliye ki gen nan sidès kòt la. Li chita sou anviwon 50 ekta tè. Menm jan ak anpil mangwov nan zile a, pou jan yo frajil, ekosistèm sa a se yon zòn pwoteje. Malgre se yon zòn pwoteje, Mankòtè se tou mwayen prensipal pou kominote sou kote Aupikon yo viv. Kominote a fè prèv ak jan l ap jere l la, mangwov la toujou rete san pwoblèm, malgre li kapab sèvi pou fè anpil bagay. Nicolas Samuel, ki se prezidan gwoup Producteur Chabon Aupikon Ste. Lucie yo, di chak jou pandan peròd sechrès yo, moun soti nan tout kwen zòn riral yo vin peche nan mangwov la. Se yon kote pwason gwosi vit gras ak manje yo jwenn nan mangwov la. Li bay resif ki bò lanmè yo pwason ak manje pou yo viv. Li ta kapab bay enfòmasyon sou nenpòt mangwov ki anfòm nan Caraibe la, paske ekosistèm sa a pwodwi anpil. Nan Vieux Fort, mangwov yo gen kote pou divès kalite zwazo vwayajè pran lèz kò yo menm jan an tou ak anpil lot bèt. Ti Heron Bleu, yo rele nan lokalite a Kayal la, Brochet lanmè yo rele isi Bushay, Kapon yo rele Buddy Kai ak Tilapia yo rele Akison. Krab tè ak krak vyolonis, oubyen Mafford depann tou de kote sa a, ki se Mankòtè. Mete sou kote bèt yo, moun yo sèvi ak mangwov tou. Gen yon komès chabon bwa pwodiktè Aupikon yo fè ki rapòte anpil lajan. Men se pa sa sèlman ki gen nan Mankòtè. Julius James, ki se responsab rejyon sid pou Fonds National Ste. Lucie, li afime : pwojè sa a fè pati yon plan devlopman ekotouris pou Ste. Lucie. Institut Caraibeen des Ressources Naturelles (CANARI) ak Fonds an òganize yon atelye travay sou ekotouris nan tèt kole ak yon gwoup Universite York, yo te pran desizyon ke mangwov Mankòtè ta ka yon zòn ideyal pou yon pwojè konsa. Gwoup Universite York la te chita pale ak CANARI ansanm ak Fonds an, epi li prezante pwojè a devan Departement Planification. James tou se responsab Centre Interpretation Ile Maria yo. Li esplike sa ki konpoze ekotouris nan Mankòtè a, li gen nan tèt li pou l mete mwayen pou moun k ap fè chabon Aupikon yo kapab toujou gen yon bagay pou yo viv, paske komès chabon an p ap kapab fèt lè gen sechrès. Li fè konnen tou, li deside konstwi yon tou obsèvasyon ak mangwov, jis pou moun yo kapab wè zwazo yo, divès kalite mangwov ak divès kalite bèt. Agence Canadienne pour le developpement International (ACDI) bay kantite lajan y ap bezwen pou yo kòmanse pwojè konstwi tou a. Malgre li apèn kòmanse, pwojè ekotouris la sa kòmanse ap mache byen. Selon James, nou kòmanse rann lavant pwodwi lokal eskisyon yo pi fasil. Nou gen yon biwo nan antre mangwov la, epi nou sèvi ak tout teknik pou nou fè moun enterese vin fè eskisyon nan mangwov yo. Nou fè sa nan atelye travay, nan seminè, nou distribiye depliyan, nou mennen elèv yo nan eskisyon e nou òganize aktivite edikativ pou yo. Chak dimanch nou gen yon bon kantite vizitè nan mangwov la. Angwo, nou kapab di bagay yo kòmanse mache e moun k ap pwodwi chabon, yo kontan lè yo wè yon kalite komès konsa ap mache. Samuel ajoute, resous imèn pwojè a yo deja la. Gen gid ki pou akonpanye vizitè yo nan tou a. Nou vle edike kominote a epi tou tout peyi sou mangwov, n ap esplike yo itilite mangwov la pou peyi a ak sa ki genyen andedan mangwov la. Nou fè yon jan pou moun yo aprann, se pou rezon sa a, yo deside mete nan Mankòtè, pwojè ekotouris sa a. James bay yon lide sou sa ki kapab rann vizit nan mangwov la enteresan, swa sou tè oubyen sou lanmè. Tou obsèvasyon se premye etap nan devlopman ekotouris nan mangwov Makòtè a. Tou a se pwen santral eskisyon an. Lè ou la ou kapab pran divès ti chemen pou kapab al nan lòt pati mangwov la. An plis, nan mitan bèt k ap viv nan mangwov yo tankou zwazo ak lòt bèt yo, ou kapab wè yon seri lòt gwo bèt sou kote yo fè lapèch yo. Se yon eskisyon enteresan ki mennen moun yo nan pati mangwov ki sou tè a jis nan lanmè a. Dapre James, menm genyen yon kote pou ti biznis devlope. Li panse si eskisyon nan mangwov yo ap devlope, pral gen plas pou lòt aktivite apre pa gwoup prodiktè chabon Aupikon yo. Pa egzanp nou panse òganize nan mangwov la, yon tou gide nan bato, pi espesyalman nan sezon lapli yo. Lòt moun ap vini ak yon bato oubyen yon bwa fouye ki fèt pou kalite tou sa yo, sa kapab fè l rantre yon ti kòb tou. Nou panse tou, gen yon espas pou ti biznis, pwodui atizanal ki fèt ak bagay ki soti nan mangwov la. Istwa Mankòtè se istwa yon jesyon mangwov ki byen bon, se pa ni gouvènman an ki reyalize l, ni ONG yo, men moun nan kominote sou kote l yo. Yo jwenn pouvwa pou yo jere pwòp resous yo. Moun ki abitye yo, ki te kòmanse ak zafè fè chabon an sèlman pou yo viv, vin ase pou yo, gras ak divès kalite aktivite y ap mennen pou rapòte yo lajan. Producteurs Charbon Aupikon yo, ouvè aktivite yo ak travay tè, gadinay bèt, e koulye a ak ekotouris. Yo resevwa èd nan men kèk patnè sosyal, tankou ONG ak lòt enstitisyon tankou Departement des Forets, CANARI ak Fonds Nationale de Ste. Lucie. Daprè Yves Renard, ki se direktè CANARI, se pi bon fason pou marye konsèvasyon resous natirèl yo ak lòt anje ekonomik yo. Direktè Walcot di : sa ki kache paka renmen. Dwe gen yon entèrelasyon ant ekonomi ak resous yo. Se lè li depann de entèrelasyon an, maryaj sa ka pral dire. [1090 mo] Nan tèt ansanm ak Reseau Caraibeen des Reporters de l'Environnement (CERN), Panòs pwodwi yon emisyon radyo chak semèn ki dire 10 minit : "Island Beat- sou nouvèl cho ki soti nan karayib la." Emisyon sa a reyalize ak dokiman ki gen relasyon ak anviwònman nan zòn nan, espesyalman esperyans yo fè nan chache solisyon pou pwoblèm sa yo, jan jounalis nan rejyon Caraibe la bay yo. Atik sa a soti nan yon pwogram radyo ki fèt nan mwa out 1997.
|
|||||
|
|
|||||