![]() |
![]() |
Site Map . Contact . Help . Home |
| Regional Programmes . Productions . Resources . About Us | ||
Nan lane 1997 plizyè lekòl nan kapital Ayisyèn nan ki te jwenn èd yon òganizasyon non gouvènmantal ki rele Reseau d`Enseignement Propfessionnel et d'Intervention Ecologique ki gen ti non REPIE, te deside mete yo ansanm nan yon rezo ki gen pou objektif sansibilize jèn elèv lekòl nan peyi a sou pwoblèm anviwònman epi pouse yo fè aksyon pou rezoud pwoblèm yo. Se nan yon ti bout tan, yon pakèt lekòl primè kou segondè, nan kapital la, tankou nan pwovens te montre jan lide sa a enterese yo. Se konsa yo te kòmanse ak 6 lekòl ki te fòme rezo sa a, yo rele l << Reseau des Ecoliers Vertes>> (REV) Rezo Lekòl Vèt yo. Nan moman n ap pale la a, REV gen 22 lekòl andedan l, 16 nan yo se lekòl ki chita nan pwovens. Selon Jean Robert Julien ki se youn nan prensipal reskonsab rezo sa a, pou ane akademik 1999-2000 lan, REV ap genyen pou pi piti 35 lekòl ladan l. Mesye Julien di tou, kantite lekòl nan Pòtoprens ak nan kominote ki byen lwen k ap mande pou vin manm yo, anpil. Yon sèl bagay, gen anpil difikilte pou resevwa yo tout, oubyen pou satisfè tout demand sa yo, paske yo pa gen anpil mwayen. Deja, sa òganizasyon Haitiano-Québecoise ak Sociététe pour le Reboisement d`Haiti (SRH) ba yo a, pèmèt yo reyalize sèlman yon bèl pati nan pwojè yo, men li pa ase pou yo fè tout bagay. Jean Robert Julien ki se sekretè ekzekitif REPIE tou, presize, se pa sèlman asepte yo asepte nouvo manm yo fè pati rezo a, men tou, fòk rezo a ba yo bonjan ankadreman ki pou pèmèt yo ranpli wòl yo nan rezo a san pwoblèm. REV deja tabli katye jeneral li, nan depatman Lwès, Sid, Latibonit ak Nò. Depatman Nòdès ak Sant deja fè demand pou vin manm, men sa poko fèt. Nan lekòl ki manm yo, se yon komite ki gen ladan l pwofèsè, paran, elèv ak lòt moun ki reprezante rezo a. Komite sa a kapab genyen menm 3 delege nan rezo santral la, li gen pou devwa pou l travay chak ane nan prepare epi reyalize pwogram sou ekoloji pou manm li yo, ki se elèv ak pwofesè. Ti komite yo reyalize tou, aktivite sou pwoteksyon ak amelyorasyon anviwònman, tankou rebwaze mòn yo ak pwòpte vil yo. Apre kòdone li kòdone travay yo ak chache lajan pou reyalize yo, biwo santral Rezo Lekòl Vèt la reskonsab pou l bay ti rezo yo ankadreman teknik yo merite. Georges Dady ki se kòdonatè gwoup ekolojik de baz nan kolèj Les Normaliens Reunis ki chita nan Pòtoprens, deklare rezo sa a ki te gen kòm deviz Ayiti kapab vin vèt, fè anpil jefò nan 2 zan. Jean Robert kontan anpil, akoz li wè yo rive depase sa yo t ap tann rezo manm lekòl yo fè, pou jwenn yon chanjman nan konpòtman manm yo ki anfavè anviwònman an. Ti komite kolèj les Normaliens Reunis a, se youn nan rezo lekòl yo ki pi travay plis. Komite sa a ki jwenn ankadreman nan men moun k ap dirije lekòl sa a, pote non Comité d`Action et de Concertation en Education (CACE). CACE travay nan tèt kole ak yon ventèn lekòl ki nan : Leyogàn, yon zòn ki chita nan pati sid Pòtoprens, li gen yon distans 35 kilomèt ki separe yo. CACE travay tou ak yon latriye lekòl nan Lagonav, yon zile ki mezire 684 kilomèt kare ki nan Sidwès Pòtoprens ak yon distans 75 kilomèt ki separe yo. Sa montre CACE jwe wòl yon ti rezo. Ti rezo sa a reyalize pwojè ansanm ak kèk asosiyasyon lekòl, tankou Association pour le developpement Ecologique de Bellevue (Leyogàn) ak Association des Pecheurs de l`Anse - à - Galets (Lagonav). Lekòl yo ak gwoupman kominote Cavaillon - Pliché ki gen baz li nan depatman Sid la, antre nan mouvman ekolojik REV la tou, kote CACE toujou ap kolabore ak yo. Selon Georges Dady ki se kòdonatè Comité Action et de Concertation en Education, prepare yon zòn pwoteje bò lanmè a. Gen yon pakèt aktivite yo te gen nan pwogram yo ki deja reyalize, tankou : amenaje yon zòn ekolojik nan Bellevue/Leyogàn, rebwaze pou pwoteje bò lanmè a, netwaye vil yo, fè edikasyon jèn ak granmoun yo pandan y ap gade yon sèlkou plizyè pwoblèm sou ekoloji a, rezo a deja fè tout bagay sa yo. Toujou daprè Dady ki se yon pwofesè chimi ak byoloji `` rezo sa yo ki pase nan pwogram CACE a, foure elèv ak lòt moun k ap viv nan kominote a nan tout rechèch y ap fè sou anviwònman jis pou yo kapab fè yo pran konsyans, epi pou l kapab montre kòman yo lakoz tou pwoblèm k ap boulvèse peyi a``. Rezo ekolojik a deja fè rechèch sou plizyè sijè, tankou : fatra ak pwazon, sante ak anviwònman, konsekans mangliye ak lanbri yo detui bò lanmè nan zòn lavil yo. Li di tou: zafè resèvi ak fatra pou prepare konpòs ak detèjan an, antre tou nan aktivite CACE yo. Yon lòt kot, li fè konnen, aktivite rezo a rantre nan kad yon pwogram ki pa gen sèlman pou l angaje jèn elèv lekòl an Ayiti yo pou pote yon amelyorasyon nan anviwònman an, pou konsève espès natirèl yo, men tou pou pouse yo pran desten yo nam men. Pandan baz REV ki nan kolèj Les Normaliens Reunis an te òganize yon jounen vèt, 3 jen pase a, sete yon moman pou pliyè santèn moun ki te la te dekouvri kantite pwojè òganis k ap travay nan pwoteksyon anviwònman an te fè. Moun ki te nan pwogram yo te konstate kijan elèv ak moun ki soti kèk kote andeyò nan zòn rezo a ye, te gentan gen anpil konesans sou koze ekoloji a. Yo te espoze kèk echantiyon konpòs ak detèjan elèv yo te reyalize avèk vye fatra, tankou ak vye moso fèblan, plastik, eksetera. Jounen vèt kolèj Les Normaliens Reunis a, te jwenn koutmen nan men Reseau d`Enseignement Professionnel et Intervention Ecologique (REPIE), Organisation des Nations Unies pour l`Education la Science et la Culture (UNESCO), le Réseau des Ecoles de BreatLand (REVB) ki chita nan peyi Canada ak Association Culturelle Haitiano-Dominicaine (ASCOHADO) ki gen baz li nan République Dominicaine. Se pa sèlman reskonsab yo ki te montre jan yo satisfaksyon pou aktivite fòmasyon ak rechèch rezo a te fè nan domèn ekolojik la. Oriol Lapointe, yon elèv filo nan Normaliens Réunis, te montre kòman li satisfè tou, dèske li te patisipe nan aktivite rechèch rezo a t ap fè a. "Gras ak pwogram fòmasyon ak rechèch REV la fè a, sa pèmèt mwen konnen kijan anviwònman an fonksyone, itilite ak jan chak espès yo depann youn de lòt nan yon sistèm ekoloji, epi mwen prèt pou m separe sa m konnen nan domèn nan ak lòt yo". Sa tèlman kreye yon anvi travay pou amelyore epi pwoteje anviwònman an lakay Lapointe ak kèk lòt kamarad lekòl li ki abite nan menm katye ak li, yo mete tèt yo ansanm ak yon lòt gwoup jèn ki abite bò lakay yo, epi yo fòme yon gwoup ekolojik nan katye a. Se konsa li gen nan tèt li pou l ankouraje lòt moun nan vwazinay la pou vin rantre nan aktivite pwoteje ak pwòpte zòn y ap viv la. Gwoup ekolojik Oriol ap dirije a, òganize tanzantan seyans refleksyon sou rebwazman mòn yo, ibanizasyon ak pwoteksyon espès natirèl yo. Yo òganize fèt teyatral sou ekoloji pou yo kapab pi byen sansibile moun k ap viv nan kominote a. Bò kote pa l, Fritner Sainrizier montre kòman li kontan paske rezo a sèvi l gid nan wout li pran pou l al etidye medsin. Etidyan sa a di tou, koulye a, li pa gen pwoblem pou l pale devan nenpòt piblik. [1310 mo]
|
|||||
|
|
|||||