About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

St. Lucie : Yon kominote nan yon zòn pwoteje
Janvye 2000

Barbara Jacobs-Small, korespondan CERN, Ste. Lucie
English
français
español
kreyol

Pandan anpil ane, Fonds National de Ste Lucie te travay pou prepare yon sistèm zòn ki sou pwoteksyon. Gwo desizyon sa a vize yon zòn espesyal ki sou kot ès, ki gen ladan l tou kominote Praslin ak Maniku. Nou jwenn nan peyizaj la, rezèv natirèl l`Ile Frigate ak rezèv natirèl Praslin. Akoz enpòtans resous natirèl ak kiltirèl fondamental yo, kominote sa yo genyen yon gwo atirans pou touris nan matyè zòn natirèl ak patrimwàn touristik.

Lavi sosyal ak ekonomik moun Praslin ak Maniku mare ak resous natirèl peyizaj la. Se poutèt sa, Fonds Nationale Ste. Lucie lage dyòb devlopman zòn nan, nan men manm kominote a, paske l rekonèt patisipasyon kominote a gen anpil enpòtans nan pwoteksyon anviwònman an.

Gils Romulus, direktè pwogram pou Fonds Nationale Ste. Lucie yo, esplike kòman sa fèt. "Kominote Praslin ak Maniku tou piti. Lapèch ak travay tè se 2 bagay sa yo ki plis pèmèt yo viv. Nan lane 1994, Fonds Nationale Ste. Lucie t al kole tèt li ak manm kominote a pou yo gade ansanm kisa kominote yo pi bezwen, ladan yo p ap sèlman gen pwoblèm pou yo jere fatra ak vye dlo, vye lwil eksetera, men tou sa ki konsène edikasyon nan kominote a yo tou. Ranfòse kominote yo vin reyalize gras ak lòt teknik yo prezante yo. Avèk sa ou kapab atake pwoblèm devlopman ekonomik yo."

Li ajoute ankò. " Yo mete sou pye yon mwayen nan kominote a, yo kòmanse ak manm kominote a, yo chache wè sa yo gen bezwen. Yo mete tou yon vizyon pou kominote a. Pandan peryòd sa a, kominote a fè yon resansman tou. Pa egzanp yo te mache konte kantite kay ki gen twalèt. Fatra solid ak likid ki soti nan twalèt yo poze anpil move pwoblèm pou anviwònman an. Nan travay sa a, nou jwenn 41 kay ki pa gen twalèt e nou jwenn tou pwoblèm jere fatra kòm yon pwoblèm ki pa ka tann."


Comité pour le Devlopement de Praslin ak Maniku se yon pati nan lòt òganizasyon ki gen nan zòn nan k ap mete men. Gen ladan l tou Cultivateur de mousse de mer de Praslin, Comite pou l`Environnement Naturel, Comite des sports, Comite Education ak Comite Anti drogue. Tout gwoup sa yo egziste nan yon ti kominote ki gen anviwon 400 moun, y ap travay ansanm pou fè rekonèt kominote a kòm yon kote ki plen bagay enteresan (byen rich).

Leo Francis, prezidan l di : " Nou tante abòde kèk nan pwoblèm prensipal k ap bay kominote a pwoblèm yo. Nou eseye jwenn lajan pou n reyalize divès kalite pwojè nan kominote a, tankou pwoblèm edikasyon sou pi bon fason pou n elimine fatra ak sou fason pou moun yo sèvi ak mangrov yo."

Li ajoute ankò, kominote a gras ak Fonds National, al mande kòb nan "Fonds pour les petits Projets relatifs à lènvironnement Global." Oganizasyon sa a asepte yon pwopozisyon kominote a t al prepare ansanm ak Fonds National, pou yo kapab enstale twalèt nan 41 kay``.

Romulus di anplis, kominote a vin mete kamyon pou ramase fatra. "Yon sèl kou yo atake 2 pwoblèm : Jere fatra solid ak likid yo. Gouvènman Ste Lucie a patisipe tou nan bwote fatra solid yo al jete deyò komin nan pandan 2 fwa chak semèn. Li rapòte, koulye a yo kòmanse ap etidye sou kèk aktivite ki kapab rapòte yo lajan nan kominote a. Praslin genyen yon bèl kantite resous natirèl ki kapab atire moun, gen zòn ekolojik, bèl peyizaj, lanmè, yo sèvi ak teknik tradisyonèl pou yo fè kannòt epi moun yo bò kote pa yo, yo konn resevwa moun lakay yo. Nou gen tou Reserve Naturelle de l`Ile Frigate ki nan nò vilaj la epi Fonds an kòmanse ranfòse amenajman tèritwa yo pwopoze nan zòn yo chwazi a. Tout konkou sa yo ede chanje pwodwi touristik yo e yo vin atire plis vizitè nan kominote a."

Benefis vin jwenn pechè yo dirèteman, anplis kòb yo konn antre sou aktivite pèch yo, yo vin fè kòb tou nan mennen moun al flannen sou lanmè. Pete Ernst, ki se responsab Rejion Est pou Fonds National, fè konnen Reserve Naturelle l`Ile Frigate depi yon bon bout tan, te gen dyòb yo te gentan kreye pou moun k ap viv nan kominote a.

Lè gen yon eskisyon, Ernst avèti youn nan yo, tankou Ginette Francis, e li prepare manje pou vizitè yo. Li di se ak pwodwi peyi a li fè manje yo, tankou patat sikre (patat dous), yanm, pwason. "Mwen prepare yo pandan mwen vlope chak pla pou kont yo tankou yon bifè. Moun yo renmen manje m fè a anpil e sa ede m bay tèt mwen lavi."

Anplis de lajan y ap fè, Francis santi li jwe yon gwo wòl nan kreye ti biznis nan Praslin. Li se manm tou Cominote sur l`Environnement Naturel e li di : "Mwen fyè anpil de pwojè sa a. Zafè netwayaj ak pran swen plas la, sa soukont nou e kominote a vin pi alèz. Moun yo bay koutmen tou poukont yo. Yo kòmanse panse yon lòt jan e yo bay koutmen pa yo."

Selon Ernst, tout komite yo wè bagay yo yon fason espesyal. Li sonje avèk enstalasyon twalèt nan kay yo ak sèvis piblik ranmase fatra yo, se komite edikasyon an ki fè yon depliyan (fèy papye) pou l montre kijan pou yo sèvi ak ekipman yo.

Romulus di : "Transfòmasyon Praslin ak Maniku se yon bagay ki apèn kòmanse. Apwòch nou bay la pèmèt nou depase pwoblèm anviwònman yo. Anvan lontan manm kominote a pral kòmanse prepare yon plan devlopman pou kominote a pou 3 ane k ap vini yo. Fonds an ap eseye demontre, ou pa kapab anvizaje devlopman ti moso pa ti moso. Devlopman dwe fèt an blòk, nou dwe patisipe tou, menm lè se pa nou dirèkteman ki reskonsab sèvis telefòn, dlo, eksetera."

Li ajoute "Fonds an jwenn nan men Institut Caraibeen pour la Sante Environnemental, lajan pou yon lòt pwojè pou Praslin ki konsène dlo. Fonds an reyini : Institut a, gouvènman an, moun ki reprezante distri yo ak lòt patnè ki gen konpetans yo, pou ansanm yo al chèche solisyon pou pwoblèm dlo ki gen nan yon kominote tankou Praslin."

[1047 mo]

Nan tèt ansanm ak Reseau Caraibeen des Reporters de l'Environnement (CERN), Panòs pwodwi yon emisyon radyo chak semèn ki dire 10 minit : "Island Beat- sou nouvèl cho ki soti nan karayib la." Emisyon sa a reyalize ak dokiman ki gen relasyon ak anviwònman nan zòn nan, espesyalman esperyans yo fè nan chache solisyon pou pwoblèm sa yo, jan jounalis nan rejyon Caraibe la bay yo. Atik sa a soti nan yon pwogram radyo ki fèt nan mwa jiyè 1997.

Li lòt atik "Island Beat" nou yo