About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

Jamaique : Yon konkou sou anviwònman nan lekòl yo
Janvye 2000

Michael Siva, Korespondan CERN, Jamaique
English
français
español
kreyol

Anpil nan pwoblèm anviwònman nou rankontre nan jou sa yo, se rezilta enfòmasyon moun pa jwenn. Epesyalman kominote ak moun yo ki pa pran konsyans sou konsekans kèk nan aksyon yo fè gen sou plizyè ekosistèm. Anpil moun pa menm anviwònman an enpòtans, ni yo pa konnen kòman si yo kite kèk vye abitid yo kapab chanje l.

Fonds Jamaicain pou la Conservation et le Developpement (JCDT) ap chache rezoud pwoblèm sa a ak jèn ak lekòl yo. Sa gen 3 zan, Fondation an te mete nan tout lekòl nan peyi a yon konkou, ki te gen pou tèm anviwònman, yo te fè konkou sa a pou yo te kapab ankouraje elèv ak pwofesè yo fè travay ki pi pozitif nan anviwònman an, pandan y ap reyalize kèk aktivite pratik.

Responsab pwojè JCDT a, Susan Otuokan, di objektif konkou a, se fè etidyan yo pratike sa yo te aprann yo. " Konkou sa a soti nan pakèt pale anpil nan pwogram sou aniwònman. Moun yo gen nan tèt yo pou y al vizite lekòl yo, pou montre kèk bon foto,oubyen koze ak yo, diskite ak yo, ba yo sijesyon sou sa ki te dwe fèt, fè konkou afich, konkou disètasyon pou yo, eksetera. Men si tout moun pa fè anyen, pwoblèm nan ap toujou rete la.

"An konsekans, nou kòmanse pwojè a avèk aktivite sa yo, kote etidyan yo kapab fè aktivite pratik. Yo kapab pote rezilta travay sa yo nan kominote yo a pou montre lòt moun, lakay yo pou montre paran yo, pou bay prèv ke yo menm kapab chanje kondwit yo."


Etidyan yo rantre nan yon resiklaj fatra solid, yo kòmanse jere fatra ki pa kapab fonn yo, yo netwaye lakou lekòl yo, yo resèvi ak kèk fatra, yo fè jaden byolojik, yo prepare pestisid ki bon pou anviwònman an ak lòt aktivite menm jan an. JCDT blayi pwogram li sou tout zile a, pandan y ap kontakte lekòl yo gras ak òganizasyon nan domèn anviwònman ki gen nan chak pawas yo. Pwogram nan gen tou yon paj nan "Children's Own," yon jounal ki soti chak semèn, se konpayi Gleaner ki fè l epi li distribiye nan lekòl yo. Yo sèvi ak jounal sa a pou òganize yon konkou. Judy Lwarence, yon manm gwoup anviwònmantal lekòl Mont Alvernia ki nan Montego Bay, li deklare li santi chanjman pozitif pwogram nan fè sou medam yo nan lekòl li a.

Selon Susan Otuokan, JCDT jwenn anpil reyaksyon, espesyalman bò kote moun Montego Bay, gras ak yon travay Environment Watch te fè, se yon òganizasyon prive ki gen baz li isit. " Pwojè konkou sa a mache vre! Se yon bon egzanp ki mete ansanm divès gwoup moun. Gen lekòl avèk etidyan yo, pwofesè yo, manm direksyon an, menm jan ak kominote a ak yon gwoup anviwònmantal tankou Environment Watch ki t ap travay deja ak anviwon 5 lekòl nan rejyon Montego Bay la. Lekòl sa yo fè anpil siksè nan konkou yo te patisipe yo akoz travay Environment Watch ak klèb anviwònman yo te fòme nan lekòl yo."

Nan premye ane yo, 23 lekòl te patisipe. Koulye a gen 65 lekòl ki patisipe. Gen yon seri aktivite yo fè pou lekòl primè, preskolè, pou tout laj epi pou lekòl segondè. Youn nan lekòl ki fè plis siksè, se Collège Cornwall, ki chita nan Montego Bay. Youn nan pwofesè yo, Robert Gordonn, panse koulye a lekòl la gen esperyans nan chanjman kondyit ak vye bagay yo konn pratike yo. Ak aktivite sa yo, vin gen plis elèv ki pran konsyans.

Pigwo patwon konkou sa a se Peat Marwick ki te bay demi milyon dola jamaicain. Gen lòt ankò, tankou Fondation Environnement Jamaique ak Synthetics des Antilles ki posede yon izin pou resikle. Pou ane lekòl k ap vini la a, JCDT prevwa ouvè lòt konkou pandan l ap fè yon sèl ak sa yo te fè ak 27 lòt lekòl, Fondation Environnement Jamaique te òganize. Yo espere fè yon sèl konkou, sa ap reyini plis pase 150 lekòl ki pral patisipe nan pwochen konkou nasyonal ki gen pou tèm anviwònman nan lekòl yo.

[689 mo]

Nan tèt ansanm ak Reseau Caraibeen des Reporters de l'Environnement (CERN), Panòs pwodwi yon emisyon radyo chak semèn ki dire 10 minit : "Island Beat- sou nouvèl cho ki soti nan karayib la." Emisyon sa a reyalize ak dokiman ki gen relasyon ak anviwònman nan zòn nan, espesyalman esperyans yo fè nan chache solisyon pou pwoblèm sa yo, jan jounalis nan rejyon Caraibe la bay yo. Atik sa a soti nan yon pwogram radyo ki fèt nan mwa out 1997.

Li lòt atik "Island Beat" nou yo