About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

Ste. Lucie : Jesyon lanmè yo ak bò lanmè nan lide pou konsève, rekreye epi tire pwofi
Oktòb 1999

Barbara Jacobs-Small, korespondan CERN, St. Lucie
English
français
español
kreyol

Kominote Soufrière nan St Lucie, se yon egzanp nan pati tè yo konnen tankou Helène nan zantiy yo. Vil istorik sa a ki soukont La France, chita sou kòt wès, li chaje ak yon bèl peyizaj, divès kalte bèt nan lanmè l la ak sou kote lanmè a ki diferan de anpil lòt kote. Ou kapab jwenn yon pati pwent mòn byen wo yo rekonèt sou tout tè a menm jan ak kote vòlkan zile a konn vide, ki kache pi gwo pati nan forè twopikal frèt St. Lucie a. Tout bagay sa yo se yon seri leman pou rale touris etranje ak touris peyi. Toutefwa, touris la gen anpil enpak sou endistri pèch la nan kominote a, ki se yon biznis ki rapòte anpil.

Yves Renard, ki se direktè Institut Caraibeen des Ressources Naturelles (CANARI), fè konnen, nan la Soufrière avèk popilasyon an k ap vin pi plis, chanjman ki vin genyen nan ekonomi a ak eksplozyon touris la, lakoz anpil moun kòmanse ap sèvi ak menm resous yo pou yo fè divès kalite bagay. Sa vin mete yon chirepit grav nan mitan yo. Rena esplike kèk nan diskisyon yo ki egziste depi kèk tan nan kominote a.

"Gen chirepit nan mitan pechè ak gran plonjè yo. Pechè yo ap plenyen yo di se plonjè yo ki koupe filè yo, tandiske plonjè yo menm akize pechè yo poutèt yo tann filè sou resif yo. Apresa te genyen chirepit tou nan mitan pwopriyetè yatch ak pechè yo, paske pwopriyetè yatch yo jete lank nan zòn pechè yo ap peche a. Gen chirepit tou poutèt yon waf yo fè nan lanmè a pou moun kapab al sou ti batiman yo, yo fè waf sa a nan youn nan zòn pèch yo. Nou kapab jwenn lòt chirepit ankò."

Pale anpil sa yo pa atire atansyon CANARI sèlman, men tou lòt enstitisyon yo tankou Departement des Peches ak Fondation Regionale pour le Developpement de la Soufrière.

Selon Renard " moun yo fè konnen fason pou yo rezoud pwoblèm yo byen senp, tankou amenaje apa resous lanmè yo ak zòn kote yo peche yo, pa t ofri okenn bon solisyon. Okontrè lè yo separe moun k ap sèvi ak resous lanmè a, lè yo mete pechè yo yon bò, plonjè yo yon lòt bò, sa te kreye plis diskisyon olye pou l pote solisyon. Nan lane 1992, anpil esntitisyon reyini pou yo chèche solisyon. Yo negosye ant ansyen gwoup enterè yo ak lòt gwoup enterè k ap konsève epi jere resous yo."

Nan chemen dyalòg ak konsiltasyon san rete, sa vin bay kòm rezilta, kreyasyon Aire de Gestion des Ressources Marines de la Soufirère (SMMA). Daprè Kai Wulf, ki se responsab enstitisyon sa a, jere resous ki nan lanmè yo ak lòt resous natirèl ki anndan ak sou kote Soufrière yo, se Comite Consultatif et Technique ki reyalize l, li gen ladan l anviwon 22 enstitisyon. Li gen ladan l pechè Soufrière ak koperativ yo, depatman pechè yo, dwàn yo, endistri bato flann yo, asosiyasyon taksi sou dlo yo, eksetera. Selon Wolfe, se ansanm gwoup sa yo pran desizyon sou nenpòt kalite pwoblèm ki touche rejyon Soufrière yo. .

Youn nan prensipal aktivite SMMA se voje je sou zòn yo, soti Anse Ivrogne rive Anse Jabon. Yo fè separasyon zòn nan, gen zòn yo retire espesyalman pou zòn bato flann yo, zòn rekreyasyon, zòn lib, zòn priyoritè pou lapèch ak 4 zòn rezève.

Nan yon ti koze ak Edward Mango, ki se prezidan Cooperative des Peches de la Soufrière, li di SMMA antan ke kote ki jere konfli yo, se yon enstitisyon ki gen yon teknik fasil pou l rezoud pwoblèm. Li esplike : " Nou menm pechè, nou panse te gen twòp kote ki rezève, ki pwoteje nan lanmè a. Sou 11 kilomèt ki se longè bè a, gen 9 ladan l yo konsidere kòm zòn lanmè rezève. Lè nou gen anpil pechè k ap fè divès kalite pèch, nou panse yo ta dwe fè kèk zòn rezèv tounen zòn pou moun peche. Sa ap kapab rezoud pwoblèm ki genyen ant pechè yo ak zòn jesyon resous nan lanmè yo."

Renard deklare "diskisyon tankou sa SMMA ap rezoud yo, ap toujou rive. Sa vle di nou p ap kapab rezoud pwoblèm yo nèt, pi bon teknik la se jere konfli yo. Pou sa fèt, fòk gen yon enstitisyon ki sèvi ak yon lòt apwòch, pou l rezoud pwoblèm yo, li fè tout moun patisipe nan reyinyon yo lè l ap pran yon desizyon, jis pou yo kapab touche oubyen chèche yon solisyon nan diskisyon yo."

Glen Miller responsab operasyon bato plezyans yo pou mouyaj Mango, panse li te lè li te tan lè yo kreye SMMA, se te yon nesesite epi tou lide a byen tonbe. " Se yon bon lide . Depi enstitisyon sa a derape ak regleman li tabli yo, mwen kapab di touris k ap pase ak plezansye yo an jeneral, pa plenyen menm jan an ankò. Koulye a gen pi piti pwoblèm, touris ki ap pase yo kontan pou yo rete nan zòn Soufrière a."

Depi yo te kòmanse an jiyè 1995, SMMA, nan kolaborasyon avèk enstitisyon yo, moun k ap sèvi ak resous yo ak ONG yo, yo gen yon enpak ki bay tout moun satisfaksyon ak yon metòd yo mete anplas pou yo òganize yon bon aktivite touris, dirabilite endistri ki kole tèt yo ansanm ak konsèvasyon resous nan lanmè. Kòm pwoblèm sa yo pral toujou parèt, se menm yo menm nan ki jistifye presans antite sa a. Siksè SMMA chita nan fason li jere chirepit yo.

Enstitisyon sa a te dwe jwenn tout mwayen pou l jere tèt li pou kont li nan kotizasyon moun l ap rann sèvis yo. Kai Wulf di yo rantre kòb yo gras ak lè yo mete yon regleman SMMA yo an pratik, okòmansman ak bato ki konn kanpe nan zòn nan, yo peye pou ti tan yo fè a, plonjè yo peye tou si yo vle al plonje nan zòn rezève yo.

Li di " Se SMMA ki ranmase lajan sa yo e tout lajan yo depanse nan aktivite SMMA. Koulye a, SMMA fè tout depans yo poukont li gras ak lajan yo ranmanse yo."

Pandan divès douzèn touris moute nan yon bis ki pran yo pou y al fè yon ti flann, se yon lòt jou nan lavi Soufrière. Wulf esplike zafè ap pran plezi nan lanmè a, se yon bagay ki toupatou sou tè a, se yon komès ki rapòte. E se menm bagay la tou nan Soufrière. " Se poutèt sa, Pak maren yo dwe fonksyone ak antite ki gen regleman. Toupatou sou tè a, yo kòmanse ap mete zòn pou jere resous ki anba lanmè. Nan St. Lucie, nou nan yon bon chemen. Koulye a anpil moun gen je yo fikse sou esperyans yo fè sou Soufrière a. Nou resevwa plis èd ki soti nan men yon seri enstitisyon tankou Mission Francaise pour la Cooperation Technique, menm jan ak ENCORE ak Association Caraibeene de Conservation. Sitiyasyon sa a bay anpil espwa pou demen. Menmsi yo kritike nou anpil, espesyalman pechè yo, SMMA pral jwenn plas li nan mitan kominote Soufrière a."

[1196 mo]

Nan tèt ansanm ak Reseau Caraibeen des Reporters de l'Environnement (CERN), Panòs pwodwi yon emisyon radyo chak semèn ki dire 10 minit : "Island Beat- sou nouvèl cho ki soti nan karayib la." Emisyon sa a reyalize ak dokiman ki gen relasyon ak anviwònman nan zòn nan, espesyalman esperyans yo fè nan chache solisyon pou pwoblèm sa yo, jan jounalis nan rejyon Caraibe la bay yo. Atik sa a soti nan yon pwogram radyo ki fèt nan mwa out 1997.

Li lòt atik "Island Beat" nou yo