![]() |
![]() |
Site Map . Contact . Help . Home |
| Regional Programmes . Productions . Resources . About Us | ||
Byensouvan, pak yo ak zòn yo pwoteje yo, konn pa mache kole ak kèk moun k ap viv bò kote yo, se movèzeta yo ki toujou prèv deblozay sa a. Se pou rezon sa a Montagnes Bleues ak Parc National des Montagnes John Crow, yo mete anpil aksan sou konsekans youn ka gen sou lòt nan kominote a. Lè Pak la te amenaje, nan 10 dènye ane sa yo, nan divès kominote sou kote yo, yo te mete sou pye kèk komite nan rejyon an. Se te yon bagay espesyal paske gouvènman ak pati politik ki sou pouvwa a yo, te bliye kominote sa yo nèt. Yo te mete youn nan komite sa yo sou pye nan Mill Bank, yon ti vil nan vale Rio Grande, kote ki gen yon popilasyon ki apèn depase 100 abitan (moun). Susan Otuokan, ki nan Fonds Jamaicain pou la Conservation et le Developpement (JCDT) di nan kòmansman, pak la te bay tèt li angajman pou l travay ak kominote a. " Nan objektif pou l pwoteje epi konsève resous natirèl nou yo, ou dwe konsidere bezwen ak egzijans sosyal e ekomik kominote yo k ap sèvi ak resous natirèl yo. Fòk ou gade sa yo fè ak bwa, si se chabon, bwa pou yo fè chapant, pou yo fè manje eksetera. Sa te byen klè ni pou moun k ap fè jesyon pak la ni pou JCDT, koulye a pou reskonsab jesyon Pak la." Vilaj Mill Bank lan te gen yon vye pon ki te kòmanse kraze. Pon sa a te enpòtan anpil pou moun yo nan tout pwen. Paske lè pon an te anbonneta li te pèmèt moun k ap fè agrikilti nan Mill Bank yo, gen aksè ak tè ki kapab kiltive yo lòt bò Valle Rio Grande a. Selon Susan Otuokan, Pak la te genyen tou, avantaj li pou l te jwenn nan pon sa a. "Pou sa ki te konsène Pak la ak resous natirèl yo, li epòtan pou genyen plizyè ray ki posib epi ki ala dispozisyon moun yo. Lè yon ti chemen ap kraze, ou kapab fèmen l e pou ouvè yon lòt nan yon lòt zòn, pou l kapab pèmèt yo repare lòt la. Ou kapab jere ti chemen yo, yon fason pou tout moun pa pase sou yon sèl." Moun yo pa fin kwè nan plan responsab pak yo te genyen pou repare pon an, akoz pale metla gouvènman an toujou ap fè a, tankou fo pwomès yo konn fè lè gen eleksyon. Men pak la ak JCDT te vle pon an repare. Mill Bank gen bèl forè twopikal ak bèl vejetasyon, ti chemen ki mennen moun nan chit Rio Grande a ak Rivière Blanche. Mill Bank chita nan pwent yon wout ki kapab mennen yon moun nan Port Antonio, li se yon zòn ki ideyal pou touris epi nou ka espere kèk aktivite ekonomik pou moun k ap viv nan kominote a. Madan Otuokan di, finansman pwojè sa a te asire gras ak doub jefò Pak la ak JCDT. Koulye a pwojè sa ap koute plis pase 1.5 milyon dola Jamaicain. Nan fason fondasyon an jere l ak gwo èd lòt òganizasyon ak moun bay, koulye a nou kapab bese depans yo. Nou te rive jwenn lajan ki pi enpòtan gras ak yon don 250.000 dola Haute Commission Britannique ak yon lòt 240.000 dola Canadian Green Funt ba nou. Gen yon kantite kontribisyon an nati yo te fè nou tou, se Compagnie Jamaicaine des Services Publiques ak Alkan Jamaique Ltee ki te bay plis pase mwatye bwa n ap bezwen pou fè chapant yo. Travay la te kòmanse nan mwa novanm 1996, li fini nan mwa fevriye 1997 avèk don ki soti nan lòt ti biznis ak pwofesyonèl yo. Sòlda des Forces Armées Jamaicaine yo te travay ansanm ak manm kominote a pou rebati pon an. Kote n ap pale la a Mill Bank se yon zòn ekotouristik ki anfòm avèk sipò yon ekip touris peyi Ewòp yo. Mill Bank ofri yon konsyans ekolojik ak plis avantaj pase bèl enstalasyon yo fè pou touris nan Montego Bay Ocho Rios ak Negril. Nan espas sa yo, ou ap jwenn dezyèm pi gwo papiyon sou tè a, se Papillon Geant Porte Queue (Oubyen Machaon). Koulye a, Parc la ak JCDT vle pote atansyon sou wout ki nan movèzeta yo. Gras ak presyon yo fè nan non kominote a, yo fòse gouvènman an lanse yon pwogram pou l repare tout wout nan rejyon an ki pa t bon. Nan tout Pak la y ap travay sou pwojè : gen yon lòt komite konsiltatif rejyonal nan Yallas, k ap rebati yon wout sou yon ge siklòn Gilbert te kraze nan lane 1988. Avèk komite sa yo, kominote yo pran konsyans ak pouvwa yo genyen. Yo vin dekouvri yo kapab jwenn solisyon pou pwoblèm yo pou kont yo. [815 mo] Nan tèt ansanm ak Reseau Caraibeen des Reporters de l'Environnement (CERN), Panòs pwodwi yon emisyon radyo chak semèn ki dire 10 minit : "Island Beat- sou nouvèl cho ki soti nan karayib la." Emisyon sa a reyalize ak dokiman ki gen relasyon ak anviwònman nan zòn nan, espesyalman esperyans yo fè nan chache solisyon pou pwoblèm sa yo, jan jounalis nan rejyon Caraibe la bay yo. Atik sa a soti nan yon pwogram radyo ki fèt nan mwa out 1997.
|
|||||
|
|
|||||