About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

Gen lespwa pou peyizan peyi karayib yo
Oktòb 1999

Fritznel Octave, Radyo Vwa Fawès, Pòdpè
English
français
español
kreyol

Ekperyans Pe Legliz nan Pawas Sent Mari ki gen yon distans 52 kilomèt ak lavil Kingston, Kapital peyi Jamayik, ak eksperyans kap fèt nan Plato Santral, 137 kilomèt ak vil Pòtoprins, Kapital Ayiti se yon gwo siy ki montre kongregasyon relijye yo ka met tèt ansanm ak peyizan yo nan karayib la, pou ede yo chanje kondisyon lavi yo.

Sa gen 7 lane konsa, depi pè Jezuit, moun peyi Kanada, tabli yon sistè koperativ agrikïl nan pawas Sent Mari. Objektif la, se ede peyizan nan rejyon an òganize yo pou amelyore kondisyon lavi yo. Konbit tèt ansanm sa a genyen kat (4) gwoupman koperativ ladan l : Koperativ Wout Long, Koperativ Bèl Fil, Koperativ Fò Lòj ak Gwoupman # 41 ki nan kominote Annoto Bey.

Anvan 1991, peyizan nan rejyon Sent Mari te konn sibi eksplwatasyon anba machann revendè, (sil yo nou rele Madanm Sara isit yo). Anplis, yo se ti peyizan ki pa gen moyen pou pwodui jan yo ta dwe, yo te toujou ap soufri anba pwoblèm manke ankadreman, epi pwoblèm irigasyon popu ogmante kantite pwodiksyon an. Kounye a sa a pa pi mal. Efò kongragasyon Pè Jezuit yo nan Sent Mari, plis konkou Legliz nan Kanada, pèmèt majorite peyizan kap travay tè rale yon gwo souf.

Anplis peyizan yo jwenn asistans teknik, semans, dirijan koperativ yo achte rekòt yo nan men peyizan yo sou plas, epi transpòte yo lavil. Peyizan nan rejyon Sent Mari rekòlte tout kalite pwodwi, sitou: banann, fig, fwi ak legim. Pou kounye a, se mache banann nan ki pi interesan. " Demann sou mache lokal la rive 16 mil liv chak jsemèn. Men se 4 mil liv nou ka pwodwi. Nap fè anpil efò pou nivo pwodiksyon an rive satisfè demann mache a nan mwa k ap vini yo", deklarasyon Wistonn Mils, yon agronòm kap travay nan pwogram nan depi lane 1997. Agronòm Mil fè konnen, y ap travay pou reponn demann mache entènasyonal la tou.

Ki rapò sa gengnen ak Platosantral

Nan Platosantral (ann Ayiti), rejyon Tomond ak Panndyasou se prèske menm sitiyatsyon an ti peyizan yo t ap viv nan kòmansman lane 80 yo. Lavichè, feblès pwodiksyon, sechrès. Anplis pifò peyizan yo pa t gen tè pou travay. Jèn yo pa t ka ale lekòl, yo pat gen posiblite pou al aprann pwofesyon oswa yon metye nan vil Ench (prensipal gwo vil Plato a) osnan nan Pòtoprens.

Nan Tomond, Pè Levèk Byenneme debake en 1983 ak lide pou ede peyizan òganize yo an gwoupman tèt ansanm, yon fason pou jwenn yon lòt kalite lavi. Legliz achte anviwon karant (40) kawo tè pou bay ti peyizan travay gratis. Pi fò tè sila yo sèvi pou plante kann piske kann se prensisal kilti komin Tomond. Answit yo transfòme kann nan an rapadou ki parl sèvi kòm sik. Mache rapadou a trèzempòtan pou ekonomi zòn nan. Se nan chan kann ak etablisman moulen kann, pi fò moun nan popilasyon an jwenn travay.

Anvan pwogram tèt ansanm nan, peyizan yo tap sibi eksplwatasyon anba men gwo zouzoun, mèt moulen ak grandon. Kounye a, yo gen moso tè pa yo, plis yo gen twa (3) moulen modèn pou transfòme kan ann rapadou. Lè yo pa t ko gen moulen kominotè, 30 al 35 pou 100 pwodiksyon peyizan yo te konn al nan pòch gran pwopyetè moulen. Alèkile, yo peye 15 pou 100 sèlman pou pi plis kòm frè antretyen ak finansman kolèj Jan Batis Dekòs k ap sèvi peyizan yo depi 1988.

Nan panndyasou (7 kilomèt ak lavil Ench) kongregasyon Ti Frè Enkanasyon yo ap potekole ak peyizan yo depi 1977. Kongregasyon an tabli bon jan pwogram agrikòl, rebwazman, sante, edikasyon ak kay pou moun rte, pou pèmèt peyizan nan rejyon an viv yon lòt jan. Jèn yo jwenn ankadremen pou yo etidye epi aprann yon metye. Apre sa, kongregasyon an mete estrikyi sou plas pou ankadre yo sou mache travay la.

Nan domèn agrikilti, frè yo chèche solisyon pou rezoud pwoblèm sechrès ki te konn anpeche peyizan Panndyasou travay nan tout sezon. Yo mete yon sistèm lak kolinè, kote tout moun ka jwenn dlo pou wouze jaden yo pandan tout lane a. Anplis, frè yo tabli plizyè sant transfòmasyon pwodwi agrikòl nan zòn nan.

Pi gwo pwoblèm peyizan yo nan karayib la, se bon tè yo pa ka jwenn pou yo travay ak eksplwatasyon y a sibi. Nan Panndyasou ak nan Tomond, Legliz patisipe nan achte tè pou peyizan yo travay. Gen lòt zòn tankou latibonit, gouvènman Ayisyen an kòmanse separe tè leta bay peyizan. Nan Pawas Sent Mari, Jamayik, peyizan nan mòm kòmanse desann vin pran tè leta nan plenn yo. Sitiyasyon sa te kòmanse gras ak demach 4 peyizan nan kominote Annoto bey te fè, an 1997. Kounye a, plizyè peyizan ap benefisye nan menm eksperyans sa a tou, kote kondisyon travay yo vin chanje nèt nan bout yon lane sèlman.

Pwoblèm eksplwatasyon peyiozan yo pa chita nan relasyon ant gwo ak piti, machann ak peyizan anndan peyi yo sèlman. Li chita tou, nan relasyon ant peyi ak peyi. Ann Ayiti, peyizan ak atizan yo viktim anba pwodwi pèpè. Se egzanp Sendomeng ki fin envayi mache ayisyen an san okenn kontwòl. Alòske pou peyizan Jamayik yo menm, yp plis gen pwoblèm ak pwodwi ki soti Ozetazini.

[879 mo]

Soti 1997 pou rive 1998 Enfosèvis (Info-Services), Enstiti Karayibeyen pou Medya ak Kominikasyon (CARIMAC, an anglè) ak Panos te òganize yon seri seminè pou bay jounalis ayisyen plis fòmasyon. Yon fason pou yo ka fè plis repòtaj sou kesyon k gen rapò ak lavi kominotè, epi devlopman nan rejyon Karayib la. Fritznel Octave te ekri atik sa a nan okazyon dènye sesyon fòmasyon nan kad pwogram nan.

Li lòt atik "Island Beat" nou yo