About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

Grenade : Goumen kont ewozyon plaj yo ak fatra lanmè yo
Oktòb 1999

Odette Campbell, Korespondan CERN, Grenada
English
français
español
kreyol

Pou rezoud pwoblèm anviwònman byensouvan sa mande pou gen anpil bra ak bon kou lajan. Moun nan Grenade yo bay lanmen pou wè si yo kapab rezoud pwoblèm ewozyon nan plaj yo ak fatra nan lanmè a ki anmède aktivite pechè yo lè y ap peche ak lè yo bezwen pran yon ti lèz kò yo. Avèk konkou Agence de Developpement Communautaire de la Grenade, moun ki abite nan vilaj kòt wès la, yo bay prèv klè ki montre pwovèb sa a ki di "Men anpil chay pa lou a, se yon verite."

Moun ki abite Beausejour ki sou kòt wès peyi Grenade, se lapèch ki prensipal aktivite ki fè yo viv. Nan vilaj sa a, vè 4è al 5è di maten, ou kapab wè pechè yo ki tann filè. Youn nan pi gwo defi pechè nan vil la genyen se frennen zafè bò lanmè a ki fin ale a. Pou rezon sa a, kominote a wè nesesite pou l pwoteje yon bagay k ap fè l viv, se konsa yo ale chèche yon koutmen bò kote Association pour le Developpement Communautaire de la Grenade.

Selon Benny Langaigne, ki se manm asosiyasyon sa a, moun yo rankontre 2 gwo pwoblèm. "Youn nan yo se rezilta anpil domaj nan plaj la, se konsekans anpil ane yo te fè ap bwote sab yo. Lòt la se yon bèl kantite pyebwa ki disparèt, sa lakòz lanmè a rantre sou tè a. Plaj la plen vye chouk ak bout bwa ki tonbe nan lanmè a san yo pa wete yo. Dejouwanjou moun yo te vin genyen pi piti kote nan plaj la ki disponib pou yo benyen. Pechè yo soufri de sa, paske filè yo toujou ap kwoke nan chouk bwa, yo antòtye e fòk yo repare yo."

Nan mwa me 1997, moun nan kominote a te atake pwoblèm yo, yo netwaye plaj yo. Landaigne di "Sa byen pase, prèske 45 moun te rantre nan travay la e yo te fè yon bon travay. An reyalite, plaj la tèlman byen netwaye, pechè yo vin gen posiblite pou yo lage 3 filè ansanm, olye yon sèl paske pa t gen espas anvan."

Yo te anvizaje kòm solisyon pou yo ranplase pyebwa ki disparèt yo. Langaigne afime reyinyon ki te fèt ant moun yo ak òganizasyon nan kominote a te pote pi bon rezilta. "Pou ranplase pyebwa ki te disparèt akoz ewozyon ki koze nan zafè sab yo te konn charye ak lanmè ki te antre nan tè a, kominote a pran desizyon pou l plante lòt pyebwa. GRENCODA apiye pwojè sa a, yo te kontakte Departement des Forets e yo resevwa yon bon valè lwil (esans litoral). Soti nan fen ane 1996 pou rive nan kòmansman ane 1997, yo plante 86 pyebwa."

Se pa t yon bagay ki te fasil, men Langaigne deklare, dabò yo te dwe retire pyebwa ki mouri yo. Bwa ki mouri yo te enfekte (malad), se yon ti bèt woz ki vare sou plant sa yo jis li touye yo, anvan pou yo replante pyebwa nan zòn nan, yo dwe elimine tout ti bèt sa yo. "Yon lòt fwa ankò kominote a te pote koutmen pa l pou travay la kapab fèt, yo koupe e yo boule sa ki enfekte yo. Moun yo al kote yo jete fatra nan peyi a, e yo pran kèk vye kawotyou machin pou fè dife pou boule bwa ki enfekte yo. Apre yo fin kite plaj la reprann kò l pandan anviwon yon mwa, reprezantan Departement des forèts yo fè kominote a konnen yo kapab kòmanse ak koze replante pyebwa a."

Langaigne di ankò GRENCODA jwenn divès òganizasyon ki pote sekou ba li, tankou l'Institut Caraibéen des Ressources Nationales (CANARI), Unite de Gestion des Ressources Naturelles de l'Organisation des Etats de l'Est de la Caraibe ak lòt ti èd ki soti nan Global Environment Facility, yon ajans nan Etats-Unis. Netwaye plaj ak rebwazman yo fè nan Beausejour yo, chanje lavi moun k ap viv nan kominote a, espesyalman lavi pechè yo, ki kapab tann 3 filè olye yon sèl. Apresa, moso tè sa a y ap viv sou li a, reprezante yon gwo sous pou lavi abitan an yo.

Langaigne di tou, yo gen lòt pwojè ankò. " Kominote a vle fè zòn nan tounen yon pak ki kapab atire plis vizitè, touris ak vakansye peyi a ki vin fè piknik eksetera. Moun yo gen espwa apre yo fin regle tout bagay sa yo, y ap kapab mennen ti biznis ki kapab ba yo posiblite pou yo viv."

[761 mo]

Nan tèt ansanm ak Reseau Caraibeen des Reporters de l'Environnement (CERN), Panòs pwodwi yon emisyon radyo chak semèn ki dire 10 minit : "Island Beat- sou nouvèl cho ki soti nan karayib la." Emisyon sa a reyalize ak dokiman ki gen relasyon ak anviwònman nan zòn nan, espesyalman esperyans yo fè nan chache solisyon pou pwoblèm sa yo, jan jounalis nan rejyon Caraibe la bay yo. Atik sa a soti nan yon pwogram radyo ki fèt nan mwa out 1997.

Li lòt atik "Island Beat" nou yo