About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

Fenomèn timoun nan lari yo - yon veritab defi sosyal
Oktòb 1999

Carril Desrosiers, Jounalis endepandan
English
français
español
kreyol

Depi kèk ane, Ayiti menm jan ak kèk peyi nan karayib la, ap fè fas ak yon fenomèn sosyal ak timoun nan lari yo. Nan Pòtoprens, Okay, Okap ak nan lòt vil an Ayiti yo, ou wè yo anvayi lari yo.

Yo pye atè, gen nan yo k ap trenen nenpòt vye bagay anba pye yo, yo abiye ak nen pòt ranyon, y ap fè lanavèt nan vil yo pandan y ap mennen tout kalite aktivite. Yo ba yo tout non : san fanmi, vagabon, vòlè, delenkan, eksetera.

Jiskensi tout jefò yon seri enstitisyon tankou: Foyer Lakay, Foyer Portes Ouvertes, Foyer Arc-en-Ciel, le Fond des Nations Unies pour l'enfance (UNICEF) pou jwenn yon solisyon ak pwoblèm sa a, malgre sa, sa toujou pa ase.

Selon reskonsab (UNICEF) yo, kantite timoun k ap viv nan lari yo, ogmante anpil epi rapid. Malerezman, sa pran nivo yon vrè defi sosyal, si nou ta vle repete menm pawòl Claudette Bontemps Francois ki se reskonsab pwojè dwa timoun, timoun ki nan move sitiyasyon yo.

Selon yon ankèt Sant Devlopman Resous Imèn yo (CDRH) te reyalize nan lane 1991, li di kantite timoun nan lari yo rive 2 mil, pifò nan yo ap viv nan Kapital la.

Bò kote pa l, Madan Mathild Flanbert, ki se minis Afaires Sociales la, e ki an menm tan reskonsab dosye sa a, deklare nan yon ankèt sou ensidan anbago yo te mete sou peyi a, nan lane 1992 pou rive nan lane 1994 apre koudeta militè, ki te kapote gouvènman prezidan Jn. Bertrand Aristid la, bay 6000 pou 1993 epi 10.000 pou 1996, chif sa yo se kantite timoun ki nan lari a.

Nan menm chif sa yo, yon moun kapab remake kouman chif yo gwosi fasil. Fò n sinyale pa gen resansman ki fenk fèt sou timoun nan lari yo epi chif yo pa ekzat.


Pami timoun ak jèn nou wè lajounen nan lari yo nan move sitiyasyon, pifò nan yo se timoun nan lari. Gen yon kategori nan yo ki toujou kenbe bonjan relasyon ak fanmi yo, kategori sa yo toujou tounen pote kichòy nan sa yo fè a pou fanmi yo. Gen yon lòt kategori ki koupe fache ak kote l soti a, tankou moun ki bliye kote l te fèt la, yo chwazi lari a kòm kote pou yo travay ak pou y abite.

Pifò nan ekip timoun sa yo, se ti gason ki gen laj soti 6 pou rive 18 tan, fi yo pa anpil, yo byen ra. Yo gen gwoup zanmi yo ak baz yo, yo bay non " Baz Nòmal."

Daprè sa anpil moun konstate, espesyalman reskonsab Foyer Lakay yo, timoun sa yo soti nan bidonvil yo, nan fanmi k ap viv nan mizè e ki pa gen anyen pou yo fè. Gen lòt analiz ki fè kwè fenomèn sa a poze, poutèt se lè yo jwenn yo pran yon bagay, pa gen yon lè pou yo manje tout bon vre, bidonvil k ap pouse kou djondjon, moun k ap pèdi djòb chak jou, bòt pipòl yo k ap tounen nan peyi a, moun ki pa kapab achte anyen akoz jan pri bagay yo monte, eksetera.

Vid ki gen nan sèvis sosyal yo akoz yo pa chita sou anyen ak esperyans yo pa genyen, sa se kèk nan pi gwo rezon yo.

Timoun sa yo, malgre yo di yo malere, epoutan se yon seri gwo travayè yo ye, ki pre pou fè nenpòt travay pou yo pa tounen 2 men vid nan baz yo. Gen kèk, pase pou yo mande yo tonbe nan siye vit ak pòt machin ki pran nan blokis oubyen yo lave machin. Gen malveyan ki pwofite mizè timoun sa yo, pou fè yo travay pou grenmesi. Gen nan yo pou danri ki tonbe nan vòlè, yo pran bous ak lòt bagay ki gen valè pou yon seri moun ki pa konn si timoun sa yo konn vòlè, oubyen moun ki nan lari men lespri yo lwen.

Toujou selon sa kad (UNICEF ) yo konstate, timoun sa yo ap viv nan tout move kondisyon, anpil fwa gen move maladi ki antre sou yo. Tankou maladi sou po yo, nan trip yo, tibèkiloz, tifoyid ak malarya, se yon seri maladi timoun sa yo fè pi souvan. Yo p ap viv nan pwòpte, yo pa jwenn swen doktè, y ap viv anba pye lanmò chak jou.

Pou yo ka reziste ak lavi sa a, gen nan yo ki lage kò yo nan postitisyon, pafwa ou wè yo devan otèl ak nayklèb yo. Byensouvan yo tonbe nan fè masisi ak moun ki gen kòb. Konsa, fasilman yo pran yon seri maladi enfektyez oubyen maladi moun ka pran nan fè bagay, tankou : Sida ak Blenoraji.

Malgre nan kondisyon y ap viv la, yo resevwa agresyon fizik tou. Nou kapab sonje ka Ti Boutèy, bon non l se Jameson Dominique, li te gen 12 zan, lè yon machin blende Ameriken ki te vin remete lòd konstitisyonèl nan peyi a 19 sektanm 1994 la, te kraze ti tonton sa a. (Se Foyer Lakay kote Pè Attilo Stra ap dirije ki te bay nouvèl sa a).

Yo viktim tou feblès sistèm jistim la. Paske, nan yon enfòmasyon Collin Granderson, ki se kòdonatè Misyon Sivil obsèvasyon dwa moun OEA /ONU an Ayiti (MICIVIH) fè nan dat 14 sektanm 1995 lan, li di nan prizon jèn yo nan Fò Nasyonal gen 125 ka yo jwenn, 75 nan yo se pou deli kriminèl. Yo kondane pou kèk zak tankou : vagabon, batay, eksetera.

Yo fèmen nan yon kacho ki gen twòp moun. 9 prizonye nan yon kacho 2,50 mèt kare, yo pa voye yo devan jij natirèl yo. Yo jwenn nan dosye yo kèk ka asasina ak vyòl.

Lè mizè ap frape pòt timoun sa yo chak jou, grangou, fatig mantal ak fizik, kèk nan yo fasilman tonbe nan pyèj dwòg la. Yo fimen marigwana e yo santi odè kòl nan boutèy plastik yo.

Rigobert yon timoun 14 zan k ap viv bò estad Silvyo Katò, fè n konnen rezon ki fè li pran dwòg . "Mwen se yon òfelen, se lari a ki kay mwen. Chak jou m ap kwaze ak lamizè sou wout mwen. Mwen pa gen okenn chans nan lavi a. Pou mwen, dwòg la se sèl mwayen pou neye doulè yo e pou m kapab meprize enjistis sosyal yo."

Kontrèman ak sa sosyete a panse, timoun sa yo ka fè anpil bagay, yo gen anpil talan. Se konsa yo kapab fè tout bagay ak men yo, yo ka mennen aktivite pwofesyonèl, atistik, espòtif, atizanal, eksetera, sèlman si yo jwenn bonjan ankadreman. Kèk enstitisyon k ap fè zèv tankou Lafanmi se Lavi, Foyer Portes Ouvertes, Foyer Arc-en-Ciel bay kèk bon egzanp, ak pwojè yo genyen pou pran sa yo ankadre yo epi ede yo prepare yon demen miyò.

Okès timoun La fanmi se Lavi yo ki gen Sony Thélusma, yo rele Ti Soni, misye gen 16 zan, li se chantè nan òkès sa a, se youn nan ekzanp nou ka bay.

Sepandan pwoblèm nan poko rezoud. Defi a rete tenmfas, tandiskte solisyon y ap pote pou pwoblèm sa yo sanble pa pre. Se chak jou timoun ki nan lari nan gran vil yo ap kontinye viktim anba yon sistèm k ap bouskile yo chak jou pi plis.

[1217 mo]

Li lòt atik "Island Beat" nou yo