![]() |
![]() |
Site Map . Contact . Help . Home |
| Regional Programmes . Productions . Resources . About Us | ||
Kon yon moun tande pale de fèm ITAL, touswit li dwe panse ak yon agwoforestri kominotè ki nan Ste. Lucie ak aktivite yo fè sou fèm nan, tankou agwoforestri, rebwazman, kontwole tè k ap desann nan lanmè ak yon mwayen pou esplwate forè a pou l pa janm fini. Se yon òganizasyon ki fòme ak moun ki fè agrikilti ki gen anpil fòmasyon, yo separe nan zòn diferan nan mitan Etat Pelouse nan Praslin ki chita nan kòt ès Ste. Lucie. Kiltivatè sa yo kwè nan Rastafari. Enfomasyon yo jwenn nan relijyon yo a, fè yo kwè nan espòtans nati a genyen pou yo, sa vin fè yo travay avèk yon relasyon byen kwense ak tout sa nati a ofri yo. Se la a, gwoup la pratike agrikilti byolojik, se yon fason yo kiltive san yo pa sèvi ak angrè chimik. Gwoup sa a mele tou nan travay agwoforestri, tankou yo kiltive fwi nan mitan ak sou kote pyebwa forè yo. Yo plante zèb ki konn sèvi pou medikaman tou. Agrikiltè yo kòmanse plante pye bwa lokal nan zòn ki degrade yo, jis pou yo kapab mete yon fren nan zafè tè k ap desann al nan lanmè a. Yo plante pyebwa yo pou yo fè chabon ak bwa espesyal. Youn nan aksyon ki pi enpòtan yo mennen, se edikasyon gwoup la bay lòt moun k ap travay tè yo sou enpòtans forè yo ansanm ak pratik agrikilti byolojik la. Moses Degonzague, ki avèk gwoup la depi nan kòmansman, sa vle di depi nan mitan ane 80 yo, fè konnen se te youn nan premye desizyon ki pi nesesè yo te pran. " Nan lane 1984, tout travayè nan zòn nan lage nan fè plantasyon bannann. Yo reyaji san pèdi tan, yo rantre nan forè a e yo koupe tout pyebwa, netwaye tè pou fè lòt plantasyon bannann. Plizyè santèn ekta tè kòmanse detwi. Sa nwi rekòt yo akoz solèy, pa gen ti van k ap vante ankò, dife pran pi souvan nan forè a. Brid sou kou, nou vin deside mete sou pye yon pwogram edikasyon pou yo, pandan nou mete aksan sou enpòtans forè a genyen." Moses Degonzague ap jere Fèm Millet, tandiske Eliud ki se frè l nan tèt operasyon yo. Eluid di se li menm ki te vini ak lide agwoforestri a nan gwoup la. Li di " nou pa t anpil, nou te dezoutwa. Nou santi nesesite pou n rantre nan jan travay sa yo, e nou pa t vle plante bannann menm jan ak lòt yo. Nou kòmanse ap kiltive viv, se la tou sa vin devlope." Gwoup la tande y ap pale sou pwogram agwoforestri kominotè gouvènman an te mete sou pye ak agrikiltè Aupicon yo. Koulye a, pwogram sa a ba yo tou yon èd epi Fèm ITAL yo ap ranfòse pi plis. Fèm ITAL se yon sous fyète pou agrikiltè yo, menm jan ak enstitisyon ki asosye avèk li yo. Jodi a, Fèm ITAL kòmanse ak yon pepinyè pye bwa, li konte separe ak lòt gwoup nan kominote a, sa fè pati yon pwojè rebwazman yo genyen. Gwoup la gentan transplante 4.000 ti pyebwa nan plizyè fèm. Sèlman nan Pelouse, li prèske plante 2.000 ti pyebwa. Sa montre nan ki pwen kominote rastafari a pran angajman l nan jesyon forè Pelouse yo. Gwoup la kontinye ap blayi aktivite l yo; pou koulye a, agrikiltè yo ap travay pou fè pwodiksyon pou manje lakay yo. Yo kòmanse devlope yon mache kote pou yo vann bagay yo pwodwi anplis yo. Anplis de sa, yo kòmanse ap plante pyebwa ki gen flè pou yo kapab bay myèl yo atirans. Kontwòl sou pwodiksyon chabon bwa ap rekòmanse anvan lontan, sa ap depann de matirite forè a. Selon Eliud Degonzague, malgre yo plante tout kalite plant sa yo, anvan tout bagay, gwoup la bay zafè rebwazman an priyorite, yo di "fòk se yon moun ki pou fè l." [661 mo] Nan tèt ansanm ak Reseau Caraibeen des Reporters de l'Environnement (CERN), Panòs pwodwi yon emisyon radyo chak semèn ki dire 10 minit : "Island Beat- sou nouvèl cho ki soti nan karayib la." Emisyon sa a reyalize ak dokiman ki gen relasyon ak anviwònman nan zòn nan, espesyalman esperyans yo fè nan chache solisyon pou pwoblèm sa yo, jan jounalis nan rejyon Karayib la bay yo. Atik sa a soti nan yon pwogram radyo ki fèt nan mwa jiyè 1997.
|
|||||
|
|
|||||