![]() |
![]() |
Site Map . Contact . Help . Home |
| Regional Programmes . Productions . Resources . About Us | ||
Nan peyi Jamayik, espesyalman Montego Bay, lè ou ap pale de pwoteje anviwònman, ou kapab remake gen yon endiferans total nan mitan pi fò moun k ap viv nan zòn nan. Anpil moun pa bay tèt yo pwoblèm pou sa ki kapab rive anviwònman an. Kèk ekspè kwè, nan lekòl yo, yo pa twò ensiste sou enpòtans anviwònman an. Gen òganizasyon ki esesye fè kèk aksyon ki kapab gen enpak nan domèn edikasyon an. Youn nan yo, se "Environment Watch", ki gen baz li Montego Bay, li kreye depi 4 ane ak lide pou fè moun pran konsyans sou anviwònman, epi tou, yo mennen aktivite nan pawas St. James ak lot zon sou kote l yo. Ak mwayen edikasyon, y ap eseye konsève epi amelyore anviwònman an pou li kapab amelyore lavi moun tou. Youn nan pwoblèm yo, Elizabeth Dodson ki se prezidan Environment Watch soulve, se plas yo bay anviwònman nan pwogram lekòl yo. " Etidyan klas segondè yo fè anpil travay pou yo pwoteje anviwònman lanmè a, men sa pa vle di li byen pwoteje pou sa. Paske se plis teyori yo fè, tandiske yo ta dwe fè plis pratik. Environment Watch te demare avèk sèlman 4 manm, koulye a li vin genyen 30. Nan pwogram li prepare pou lekòl segondè yo, li mete ladan l tou pwòpte pou lekòl yo, epi li mete sou pye kèk jenn klèb. Yo kòmanse an desanm 1993, yon mwa apre, ak demand vis prezidan Ecole Superieure Technique Hebert Morisson. Klèb jenn yo ofri pwogram enteresan ak manm aktif li yo, tankou pwomnad, eskisyon nan Rivière Noire, lè ane lekòl la fini. Etidyan ki nan mouvman "Kembe klas yo pwop" la, jwenn lajan kòm prim ak 2 pwofesè ki resevwa kòm pri tou yon wikenn kote tout bagay peye nan yon otèl nan peyi a. Apre esperyans ak Hebert Morrisson an, yo te mete sou pye kèk pwogram menm jan an nan kolèj Cornwall ak lekòl Mont Alvernia. Klèb Jinyò yo kòmanse pran pye san pèdi tan nan kèk lekòl nan pawas la, pandan lòt ane yo. Robert Gordon, ki se pwofesè nan kolèj Cornwall, gen 15 manm nan gwoup li a, epi li santi etidyan yo kòmanse ap panche plis sou anviwònman an, yo kòmanse ak fè diferans ant, tabli relasyon anviwònman ak pwogram yo swiv nan lekòl yo. "Enfòmasyon yo resevwa nan klèb la pa diferan de anpil sa yo resevwa nan pwogram lekòl la. Gen etidyan ki santi enpòtans pou yo pa pèdi benefis sa a. Nan klèb pa m nan anpil nan yo se elèv 6èm ane, ak yon bèl pati nan kou byoloji yo, yo foure anviwònman. Timoun sa yo atire pa yon seri klèb tankou Environment Watch." Li di tou, li pa fasil pou fè gwoup la travay. " Kòm moun k ap montre moun, mwen kapab wè moun ki pre pou travay ak sa ki pa vle. Pou pouse gwoup la fè jefò, ou dwe pale ak chak manm gwoup la apa; an jeneral yo byen reponn lè ou fè sa konsa." Elèv yo vizite kote yo jete fatra koulye a, e yo diskite sou ki solisyon yo wè pwobèm yo merite. Yo fè envantè tou sou kantite ak kalite fatra yo chak fè, ak sa yo tout fè nan lekòl la. Mete sou sa, yo patisipe nan pwòpte yon plaj, yo patisipe nan reyinyon sou anviwònman, yo chache konnen ki enpòtans lòt moun bay pwoblèm anviwònman an e yo menm fè yon manifestasyon kont dechè nikleyè nan Karayib la. Elisabeth Dodson satisfè sou fason pwogram sa a fèt la. " Tankou ranmase nan lekòl yo, fatra ki kapab resèvi pou fè lòt pwodwi, espeysalman moso plastik, sa byen mache. Zafè ranmase boutèy plastik soda nan lekòl yo ak nan kominote a, gen anpil siksè." Etidyan yo te vizite izin Bevan Avenue, yon kote yo trete dlo. Yo te wè twòp chaj ak difikilte enstalasyon sa yo genyen pou yo mache, pwoblèm li kreye ak sa l ap rankontre. Apre sa yo te vizite nouvo "Centre d'Epuration de Grande Rivière", yon sant kote yo trete dlo nan gran rivyè yo, yo wè gwo mwayen ak materyèl ki genyen pou yo trete vye dlo ak tout jefò yo fè pou yo pirifye dlo. Selon Gordon, bagay ki pi empotan pou klèb la, se fason jèn yo mete an pratik sa yo aprann. "Moun yo abitye jwenn lòt moun ki ranmase fatra yo lage. Yo kenbe menm mès sa a kèlkeswa kote yo rive. Koulye a, lè mwen kenbe yon moun k ap lage fatra nan lekòl la, mwen mande l pou l ranmase tout boutèy plastik vid yo kite nan lekòl la pou jounen an. Se pa yon pinisyon, pliske se yon fason pou kenbe pwogram resiklaj nou an, paske nou pa toujou genyen kantite travayè nou bezwen." Toujou gen gwo defi k ap tann nou e pwoblèm yo anpil. Gen yon ti gwoup elèv ki gen anpil enfòmasyon ki chache fòme zanmi ki nan menm klas ak yo. Judy Lawrence, yon elèv Mont Alvernia pran konsyans sou defi klèb li a genyen pou l leve. " Nou dwe esplike medam yo pwoblèm ki gen nan anviwònman ak sou mwayen pou n rezoud yo." Kèk moun Montego Bay panse, se pa koulye a yon moun ap wè rezilta sou jan yo te edike elèv lekòl yo sou anviwònman an, men nan tan k ap vini yo. Gordon se youn nan moun ki fè panse sa a, li di: " Sa p ap chanje yon sèl kou. Se tankou tout lòt pwoblèm enstitisyon yo genyen an, sa pran anpil ane, plizyè dizèn ane, pafwa tout lavi. Anpil nan moun ki nan pwogram sa a yo p ap la pou yo wè kijan travay sa a fini, yo sèlman kòmanse la, yon jou n a rive." Nan pwogram sou anviwònman sa a, yo mete pou elèv nan lekòl segondè ak lise yo. Environment Watch jwenn kout men bò kote "Fondation pour l`Ènvironnement de la Jamaique ak Parc Marin Montego Bay". Kirk Taylor, ki se prezidan "Fonds pour le Parc Marin", renmen travay òganizasyon sa a fè. Li gen entansyon pou l kontinye travay tètatèt ak Environment Watch pou mete pwogram sa a nan lekòl yo. " Sa enterese nou anpil paske moun ki abite Montego Bay yo, pral ede nou pi byen pwoteje bèt k ap viv nan lanmè a." [1029 mo] Nan tèt ansanm ak Reseau Caraibeen des Reporters de l'Environnement (CERN), Panòs pwodwi yon emisyon radyo chak semèn ki dire 10 minit : "Island Beat- sou nouvèl cho ki soti nan karayib la." Emisyon sa a reyalize ak dokiman ki gen relasyon ak anviwònman nan zòn nan, espesyalman esperyans yo fè nan chache solisyon pou pwoblèm sa yo, jan jounalis nan rejyon Karayib la bay yo. Atik sa a soti nan yon pwogram radyo ki fèt nan mwa jen 1997.
|
|||||
|
|
|||||