About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

Kanperen/Ayiti: Aktivite pou bay ekonomi ak pwoteksyon anviwonman jarèt
Out 1999

Fritznel Octave, Radyo Vwa Fawès, Pòdpè, Haiti
English
français
español
kreyol

Si nan plizyè rejyon nan peyi a sitiyasyon ekonomik ak degradasyon anviwònman an grav anpil, nan Kanperen sa yon ti jan diferan. Popilasyon an ap fè anpil efò nan kole zepòl avèk kèk ONG pou ogmante nivo pwodiksyon zòn nan, pandan y ap remanbre, pwoteje sistèm anviwònman an.

Komin Kanperen chita nan depatman Sid, distans 220 kilomèt anviwon vil Pòtoprens, kapital Ayiti. Distans Kanperen/Okay (prensipal gwo vil depatman Sid la) se 24 kilomèt. Nou jwenn anviwon 50 mil moun k ap viv la, dapre denyè chif enstiti ayisyen estatistik (IHSI an franse) bay. Alèkile, prensipal aktivite abitan Kanperen se agrikilti ak komès. Moun ki fè agrikilti yo reprezante plis pase 75 pou pousan popilasyon an.

Nou jwenn 2 kalite peyizan nan rejyon an. Sila yo k ap travay tè sèk, tè nan mòn. Yo plis plante manyòk, yanm, patat, pistach, pwa, mayi ak pitimi.

Epi, dezyèm gwoup la, se peyizan k ap travay nan plèn yo, kote gen plis pase 4000 ekta tè wouze granmesi dlo kanal Davzak blan franse te konstwi nan lane 1759. Priz kanal sila soti nan rivyè "La ravine du Sud" ki travèse tout kòt Lès Vil Kanperen.

Anpil lapli te konn tonbe nan mòn yo, plis sistem irigasyon Kanal Davzak la te pouse agrikilti a byen mache, nan lane 1980 yo. Nan peryòd sa yo, peyizan k ap travay nan mòn tankou nan plèn te konn fè anpil rekòt. Lè sa yo, lapli te konn tonbe 9 mwa sou 12 chak ane. Dapre sa majistra vil la fè nou konnen.

Depi lane 1990 yo, gwo kriz jeneral ki frape peyi a gen konsekans sou sitiyasyon ekonomik ak sosyal popilasyon Kanperen. Pwodiksyon peyizan yo te kòmanse ap gaspiye akòz pwodwi etranje ki envayi mache a san okenn kontwòl. Pwodwi agrikòl rejyon an menm t ap gate. Osnon yo t ap oblije vann nan pri pi ba pase kantite lajan peyizan yo te depanse nan moman pwodiksyon yo. Peyizan pa t ka reziste devan pwodwi etranje k t ap vann twò bon mache, piske yo antre nan kontrebann. Epitou, pifò ladan yo jwenn èd sibvansyon leta kote yo soti yo.

Ann Ayiti, non sèlman vin pa gen yon politik kle sou jesyon mache a, mentou leta pa bay peyizan sibvansyon ni kredi agrikòl. Donk, nan kondisyon sa yo, peyizan vin dekouraje. Yo pa travay tè menm jan ankò. Izin kafe, lwil, manyòk, pistach nan Kanperen vin prèske pa travay ankò.

Dapre Jean Sprimont, yon sitwayen peyi Bèljik k ap dirije atelye fabrikasyon machin agrikòl ak lòt zouti nan Kanperen: "Sa gen 10 zan, peyizan Kanperen te konn achte plis pase mwatye machin, chari ak lòt zouti agrikòl atelye a te konn pwodwi. Alèkile, yo prèske pa achte yon ka (1/4) menm."

Mesye Sprimont fè konnen, se paske agrikilti a vin pa enterese peyizan ankò. "Lapli prèske pa tonbe akòz tet mòn yo debwaze. Met sou sa, peyi a pa gen okenn politik agrikòl," daprè Sprimont.

Jean Sprimont, menm jan ak Swan Finigan, yon ilandè k ap travay nan domèn agrikòl ak anviwònman nan Kanperen depi 1985, bay politik rediksyon pwodwi lokal yo reskonsab sitiyasyon debwazman, degradasyon anviwònman ak sitiyasyon sosyal peyizan Kanperen. Piske peyizan yo pa t ka jwenn solisyon nan agrikilti a, yo oblije tonbe nan koupe pye bwa pou fè chabon. Mentou koupe pye bwa pou al vann pwopryetè boulanje, dray ak lòt aktivite nan vil yo. Epi sitiyasyon lavi a vin pi malouk pou yo chak jou.

Se nan mitan pwoblèm difisil pou rezoud sila yo, plizyè ONG ak òganizasyon peyizan vin tabli nan Kanperen. Objektif yo, se chèche solisyon ansanm avèk peyizan nan yon devlopman toutbon, yon devlopman k ap dire. Pami ONG sa yo, nou jwenn: Oganizasyon pou Remanbre Anviwònman(ORE, an fransè) k ap travay nan agrikilti,rebwazmandepi 1985; Fondasyon panameriken pou devlopman(PADF, ann anglè) k ap kore peyizan nan rebwaze tèt mòn yo.

Youn nan pi gwo òganizasyon peyizan Kanperen, se òganizasyon Plante (OPMAGAT) ki chita nan dezyèm seksyon kominal. Travay òganizasyon sila a makònen kesyon rebwazman ak rezolisyon pwoblèm ekonomik yo, jwenn bourad PADF ak anbasad peyi Japon nan Pòtoprens.

Peyizan OPMAGAT yo tabli yon izin tranfòmasyon manyòk nan zòn nan. Yon fason pou ogmante nivo pwodiksyon manyòk la k ap ogmante nivo ekonomik peyizan yo, pandan tè yo ap pwofite rebwaze. Dirijan OPMAGAT yo fè konnen depi y ap mennen politik sa a, sitiyasyon peyizan yo kòmanse chanje. Anpil timoun, jèn kou granmoun jwenn travay, an menm tan tou pye bwa yo rale yon souf.

Dapre plizyè peyizan nou rankontre nan Kanperen, "Aktivite OPMAGAT yo kòmanse sa gen anpil lane. Alòske sitiyasyon yo chanje nèt. Zòn dezyèm seksyon an prèske fin bwaze nèt. Mentou, pwodiksyon manyòk la vin gen anpil valè."

Ploma Banat, trezorye OPMAGAT, deklare: "aktivite òganizasyon pote twa (3) gwo rezilta: (1) amelyrasyon kondisyon ekonomik fanmi yo;(2) 230 mil pye bwa sove nan tèt mòn yo, nan espas yon lane sèlman; (3) rebwazman an kontinye pran jarèt granmesi pwogram pepinyè nou mete sou pye pou grandi tout kalite ti pye bwa, selon bezwen rejyon an."

Se nan menm sans la tou, pwogram ORE yo ap vanse. Dapre prensipal rekonsab ORE a, Mousson Finigann, "tout kanpay rebwazman serye dwe mache ak yon aktivite ekonomik ki gen enpòtans kapital pou peyizan.". Se poutèt sa, ORE plis apiye sou pye bwa ki gen valè ekonomik tankou: mango, zoranj, zaboka,etsetera pou fe rebwazman. Konsa, peyizan vin devlope bonjan relasyon ak fwi sila yo ki pèmèt yo antre lajan chak sezon. ORE devlope pepinyè fwi, plis yo tabli yon pwogram grefaj nan tout rejyon Kanperen an.

Yon moun ki rive nan kanperen pou premye fwa, ka sezi wè kòman rejyon an parèt byen vèt.Plèn yo prèske kouvri nèt ak pye bwa. Menm tèt mòn yo sanble vèt tout. Tout sa se rezilta efò òganizasyon nan tèt kole ak peyizan, pandan dènye ane pase yo. Men tou, gen plis travay ki dwe fèt toujou. Sitou nan mòn yo ki reprezante yon gwo danje pou avni vil Kanperen anba inondasyon.

[1022 mo]

Soti 1997 pou rive 1998 Enfosèvis (Info-Services), Enstiti Karayibeyen pou Medya ak Kominikasyon (CARIMAC, an anglè) ak Panos te òganize yon seri seminè pou bay jounalis ayisyen plis fòmasyon. Yon fason pou yo ka fè plis repòtaj sou kesyon k gen rapò ak lavi kominotè, epi devlopman nan rejyon Karayib la. Fritznel Octave te ekri atik sa a nan okazyon dènye sesyon fòmasyon nan kad pwogram nan.

Li lòt atik "Island Beat" nou yo