About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

La Dominique : Filozofi agrikilti byolojik
Out 1999

Steinberg Henry, Korrespondan CERN, Dominique

Andrew Roe, se yon antreprenè ki popilè anpil, li gen yon fèm nan Dominik ki rantre ak plizyè gran pwojè devlopman nan kominote a. Pandan 10 dènye ane sa yo, Mesye Roe te konsakre l nan agrikilti. Avèk menm konpetans, menm detèminasyon, menm entèlijans li genyen ki deja bay bon rezilta nan lòt aktivite l yo, li rive chanje yon fèm òdinè ki prèske mezire yon ekta tè nan esplwatasyon byolojik. Roe gen 71 an, l ap viv nan kominote Giraudel ki gen yon distans 5 kilomèt ki separe l ak Roseau ki se kapital La Dominique.

Roe kiltive sou tè l la, divès kalte plant, tankou: pwaro, leti, chou chinwa, kawòt, bannann ak plizyè lòt plant pou bèt manje. Li esplike dènye sistèm li anplwaye pou l kiltive bannann. "Nou trete plant yo yon manyè ki diferan pa rapò ak lòt sistèm tradisyonèl yo. Nou koupe plant yo rasòl. Nou pa netwaye yo epi nou pa mete pyès pwodui chimik ladan yo. Apre nou fin fouye yon twou ki gen 2 pye kòm pwofondè ak anviwon yon pye lajè, nou mete fimye nan twou pou rive wotè 8 pous e nou kouvri l ak yon kouch tè ki mezire 4 pous. Apre sa, nou fè yon twou, nou mete plant lan. Ou kapab wè kòman sa bay bon rezilta."

Roe dakò ak moun ki di pwodui byolojik yo gen pi bon gou akoz yo pa gen pwodui chimik ladan yo, sa fè li kenbe enèji l ak tout gou l. Chak semèn li bay ant 6 al 8 moun pwovizyon, paske yo pi renmen pwodui li yo. Strateji li mete anplas pou l fè piblisite pou pwodwi li yo kòmanse depi lakay li, apre sa nan episri epi sa ki rete yo se pou bèt yo. Filozofi li "se kiltive sa pou manje, manje sa ou kiltive e vann sa ki anplis yo."

Roe pa pratike sèlman agrikilti byolojik, men li bay kontribisyon l tou nan brase lide ki dèyè chajman y ap chèche pou vin kiltive san pwodui chimik. Li konsidere agrikilti byolojik la kòm sèl mwayen ki genyen pou n asire lavi moun nan Karayib la yo pou kèk jou.

Li ta renmen yo pratike agrikilti byolojik la pi plis nan rejyon Caraibe la, paske lavi a ta kapab miyò pou yo. Li pa konprann moun ki di yo konsène nan ekosistèm nan, men ki kontinye sèvi ak yon pati angrè ki gen pwodwi chimik ki detwi yon seri ti bèt k ap viv nan tè a, ki gen anpil enpòtans pou li, pwodwi sa yo arive menm bwote tè a al jete nan lanmè. "De kisa n ap pale vre? Si reyèlman vre nou sansib pou anviwònman, nou pa dwe kontinye ap sèvi ankò ak pwodwi chimik nan agrikilti nou yo." Li di tou, avèk yon ti kras esperyans, ou kapab jwenn anpil gwo rezilta : "ou ap sezi wè kòman kèk pwodwi byolojik pral devlope."

Daprè sa Roe di, moun k ap vann nan mache Roseau yo byen konnen pwodwi sa yo, se ak teknik byolojik yo kiltive yo, lè li te kòmanse, yo te konn ri l, pase l nan betiz. Koulye a se yo menm ki vin kote l pou mande konsèy epi pou yo kapab konnen kòman pou yo fè agrikilti byolojik la. Roe toujou nan mache Roseau a chak samdi, e li toujou genyen ase pwodwi pou l vann. Gen anviwon 1000 agrikiltè ki gen menm valè tè ak li an Dominique, yo pa gen anyen pou vann. "Kèk nan moun ki abite nan vilaj la, pa kwè, yo di m ap twonpe moun yo, se yon mistè, mwen dwe jete yon devenn sou sa y ap vann yo. Epoutan, se akoz teknik natirèl sa a ki pote yon randman nan aktivite m yo."

Li renmen pale de sa. "Mwen vle bay lòt moun yo ransèyman sou sa m ap fè a. Mwen pa pral fòse okenn moun, men si ou vini wè mwen, m ap ba ou enfòmasyon. Travay mwen, se pou m fè plant, pou m kiltive epi kèlkeswa konesans mwen genyen, m ap ofri l bay tout moun sou tè a. Mwen renmen moun."

Kwak gen 25 an depi yo pot ko konnen la Dominique kòm youn nan zòn natirèl nan Karayib la, yo te konnen zile sa a rich ak dlo, tè ki kapab kiltive san pwoblèm ak divès kalte tè,... Poukisa La Dominique vin ap sèvi ak pwodwi chimik? Selon Roe, se lanmou pou lajan, anbisyon ak inyorans. "Moun nan Karayib la yo te kite Ameriken ak Ewopeyen lave sèvo yo. E nou kapab di tou pwòp entèlekyèl nou yo se yon seri trèt, yo trayi nasyon an. Yo pati al aletranje, yo plen tèt yo ak sa yo aprann yo, yo mete sou kote epi yo bliye sa peyi nou an te kapab ofri yo. Sa vin mete m an kòlè. Poukisa nou pa apresye sa nou konnen, poukisa nou pa asepte kwè sa ki ap chanje rapidman anba je nou?"

"Kèk moun pral rele sa yon bak nan rasin nou yo, men, m renmen di, nou ta dwe desann nan reyalite, nan nannan pwoblèm nan pou nou fè yon bon kontwòl sou peyi nou an. Si nou vle gen manje, nou dwe rekonvèti tèt nou, nou dwe sèvi ak metòd agrikilti byolojik la. Si se pa sa, nou pral genyen anpil pwoblèm grav."

Li ajoute, nan Etazini deja gen plizyè rejyon ki gen difikilte, paske tout tè ki ta kapab kiltive yo fin disparèt akoz yon seri pwodwi chimik yo sèvi nan agrikilti a. "Nou menm nan Karayib la, nou piti, nou dwe retire lide pwodwi chimik sa a nan tèt nou. Amerik ak Ewòp, yo kapab pèmèt tè nan kèk rejyon gaspiye paske yo gen anpil. Men nou menm nou pa gen tout espas sa yo, ti sa nou genyen an, nou dwe fè li fè sa l kapab, pandan n ap pran swen l e n ap sèvi ak li avèk sajès. Si nou pa fè sa La Dominik tankou tout tè a, ap sibi move konsekans."

[1029 mo]

Nan tèt ansanm ak Reseau Caraibeen des Reporters de l'Environnement (CERN), Panòs pwodwi yon emisyon radyo chak semèn ki dire 10 minit : "Island Beat- sou nouvèl cho ki soti nan karayib la." Emisyon sa a reyalize ak dokiman ki gen relasyon ak anviwònman nan zòn nan, espesyalman esperyans yo fè nan chache solisyon pou pwoblèm sa yo, jan jounalis nan rejyon Karayib la bay yo. Atik sa a soti nan yon pwogram radyo ki fèt nan mwa jiyè 1997.

Li lòt atik "Island Beat" nou yo