![]() |
![]() |
Site Map . Contact . Help . Home |
| Regional Programmes . Productions . Resources . About Us | ||
Temwayaj ki touche kè moun, malad ki gen SIDA yo te fè, te byen sonnen e jwenn anpil sipò diran fowòm nasyonal sou VIH/SIDA ki te fèt Petyonvil an Ayiti soti 21 pou rive 23 Avril 1999 la. Plizyè sewopozitiv Ayisyen, Kiben, youn ki soti Trinidade ak yon manm nan Rezo Dominiken ki gen VIH (REDOVIH) esplike esperyans yo chak fè nan viv avèk maladi SIDA a. Pandan premye jou fowòm nan, temwayaj Ayisyèn Esther Bourcicault ak Trinidadyèn Yolanda Simon te fè, yo tou 2 se sewopozitiv, te touche tout piblik la. An menm tan yo t ap derefize zafè moun k ap pran pitye pou yo a, Esther ak Yolanda te plede pou gen yon leve kanpe nan tèt kole ki fèt, pou yo kapab anpeche maladi sa a rantre sou lòt moun. " Moun ki gen maladi a dwe kanpe pou yo pale nan non yo e fè tande vwa yo. Mwen rele nou tout, fanm kou gason, pou nou mete n osèvis moun ki poko enfekte yo. Se mesaj sa a Esther Bourcicault voye, li rann yon omaj pou temwayaj solidarite li te resevwa yo, men li montre tou jan sa choke l akoz reyaksyon yon seri moun ki gen kè di ki "mal intèprete entèvansyon piblik moun sa yo fè nan medya yo, lè yo di yo sanble ak moun ki plis enterese nan fè kòb." Menm jan ak Esther, Yolanda montre soufrans li andire anvan l vin asepte sitiyasyon sewopozitiv li a, ke li dekouvri apre li fin soti nan inivèsite. Li resevwa anpil sipò ki soti bò kote moun ki pwòch li yo, men pa kote papa l, se konsa li vin pran desizyon pou l al chache konnen kote maladi sa a soti, epi li tanmen patisipe nan plizyè aktivite Rezo moun kap viv ak jèm SIDA a nan san yo fè, li di kalite lavi l vin ogmante dis fwa pi plis pase anvan li enfekte a. " Malgre se yon reyalite anpil moun pa vle sipòte, ou dwe kole tèt ou ak moun ki enfekte e ki manke jwenn konsèy nan rejyon Karayib la," se sa Yolanda te di, yo menm rive konsidere l kòm yon eleman nan estatisik yo prezante nan premye jou fowòm nan." Pandan l ap prezante yon esperyans li te fè an 1997 an Dominikani ak Rezo Dominiken ki gen VIH (REDOVIH) Cesar Castellano ki se yon Dominiken mete anpil aksan sou valè soufri sewopozitiv yo ap soufri nan santiman yo, tankou : yo pèdi tout rèv yo te genyen pou demen, yo paka kontwole lavi yo, yo chaje pwoblèm ak moun k ap viv bò kote yo. " Travay sou SIDA mele tou ak mwayen pou anpeche maladi a rantre sou yon moun ak atansyon pou nou bay a moun sa yo k ap viv ak SIDA. Fò nou rantre prevansyon nan pwogram tretman nou yo, pou nou pa kontinye ap pale de viktim sèlman, men de moun, pou n pa pale de pwoblèm, men pwosesis kèk moun ap viv, yo pa dwe konsidere yo tankou moun malad, men tankou moun," se sa Castellano pwopoze. Li fè konnen REDOVIH eseye mete kèk gwoup sipò toupatou nan Repiblik Dominikèn Nan moman l ap prezante esperyans li kòm sewopozitiv depi 6 zan, yon anseyan peyi Kiba ki t ap patisipe nan fowòm nan epi k ap travay nan yon sant prevansyon kont maladi SIDA nan peyi l, li te mande pou yo kreye aktivite rekreyativ ak kiltirèl pou moun k ap viv ak maladi SIDA yo. Pou li menm, se depi nan piti yo dwe fè edikasyon seksyèl ti moun yo, paske li pi difisil pou chanje konpòtman yon moun lè li kòmanse jèn oubyen granmoun. Gen yon lòt kiben ki te patisipe nan fowòm nan, li se yon medsen ematològ, se te youn nan premye moun yo te dekouvri ki gen maladi sa a Kiba, se te nan lane 1979, li di li bay anpil moun ki gen SIDA swen. Li reskonsab yon emisyon yo fè nan radyo kote moun kapab boukante pawòl sou maladi a, se yon emisyon ki dire 30 minit, li se pwofesè nan yon lekòl medsin, li mande tèt li poukisa li pat janm santi okenn sentòm depi 20 tan? "Eske se yon mirak oubyen fason m ap viv la? Mwen pa kapab esplike sa. Malgre enpak sa fè sou lavi m lè yo dekouvri mwen se yon sewopozitiv, mwen fè jefò pou m travay e pou bay èd, mwen mennen yon vi nòmal, mwen manje anpil." Menm medsen sa a di, li sonje li te pran sèlman pandan yon lane (1988-1989) yon seri piki ki rele entèfewon (interféron). Gen yon baryè ant temwayaj yo bay nan fowòm nan ak kè kase moun yo genyen, soufrans moral ak laperèz ki manifeste nan " le téléphone Bleu" , yon sèvis ki bay konsèy nan telefòn sou SIDA. Se sa Agnès B. Zamor ki se direktris pwojè sa a te dekouvri nan mwa Avril 1998. Li se tou yon enfimyè espesyalize nan zafè kominikasyon. Moun ki te kòmanse ak mouvman sa a ak moun ki reskonsab pou bay konsèy nan pwojè Telefòn Ble a, yo gen pou objekif pou yo ankouraje brase lide ak moun ki enfekte yo, pandan y ap pran prekosyon pou yo pa poze kesyon ki kapab anbarase yo. Pou moun k ap rele yo, se yon ti ponyen ki deklare yo enfekte ak jèm SIDA.. Liy telefòn prensipal inisyativ sa a se 100 ak 6 lòt liy ankò. Depi mwa Me 1998 pou rive nan dat fowòm nan, konseye yo resevwa 12.000 kout telefòn, anpil nan yo se jèn ki gen ant 15 pou rive 29 van. Gen yon Rezo prèske nasyonal ki la depi mwa Avril 1999. Pou kote n ap pale la a, se sèlman Hinche (Plato-Sentral) ak Port-de-Paix (Nordwès) li poko rive. Adrès Telefòn Ble se yon bagay ki kache (konfidansyèl) se yon mwayen pou nou kapab bay moun k ap rele yo plis garanti. Pami sa moun ki frape pòt sèvis konsèy Telefòn Ble yo pi bezwen, nou ka site : plizyè mwayen pou goumen ak lavi a, chache travay, yon èd pou achte medikaman. Apre sa, kèk moun ki rele, sinyale kadejak anpil gason ki gen SIDA fè sou fi, yo rakonte tou difikilte ki genyen pou medam enfekte yo jwenn yon djòb. Anmenmtan y ap montre kòman yo angaje anpil, sewopozitiv yo ensiste pou yo temwaye sou sitiyasyon yo. Fowòm nan vin fè ni òganizatè ni patisipan yo pou yo pa janm di "viktim." Lè y ap pale de sewopozitiv yo, men pou yo pale de moun k ap viv ak SIDA, yon fason pou rebay malad yo yon figi moun. Fowòm solidarite ak moun ki gen jèm SIDA la nan san yo - Te òganize gras ak konkou Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) - Plan Entènasyonal Ayiti - Pwomotè objektif Zewo SIDA (POZ) ak Enstiti Panòs, yon òganizasyon entènasyonal k ap travay pou ranfòse òganizasyon sosyal atravè medya yo. Fowòm nan te resevwa tou, sipò teknik ak finansye ki te soti nan men ONU SIDA ak "Policy Project" yon pwojè USAID. [1170 mo]
|
|||||
|
|
|||||