About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

Pou yon devlopman dirab nan Ste. Lucie: Jan yo jere yon mangwov yo sèvi pou fè chabon ak pwodiksyon agrikòl
Jen 1999

Barbara Jacobs-Small, Korespondan CERN, Ste Lucie

Mwayen pou anpil moun St. Lucie viv, depann anpil sou sa k ap soti nan forè ak jan yo jere l. Willy se manm "Association des Producteurs de Charbon de Vieux Fort", yon vil ki chita nan pati sid St. Lucie. Komès li, se fè chabon nan sezon sechrès yo, lè mangwov Mankòtè ki sitiye apèn a yon mil, ouvè pou yo koupe bwa. Willy sèvi ak mangwov kòm bwa pou yo fè chabon depi kèk tan. Malgre aktivite l ak lòt moun ki ap fè chabon yo, Mankòtè sanble ak yon mangwov byen djanm.

Willy fè konnen, gwoup li a mete yon mezi anplas pou l kapab pwoteje kote ki ba yo mwayen pou fè kòb. Li di "Nou esplike gwoup nou an, kouman pou yo koupe bwa, ki bwa pou yo koupe ak ki pyebwa pou yo kite."

Nicolas Samuel, ki se prezidan Producteurs de Charbon de Aupicon yo, di tou: "lajè ti pyebwa ki pi piti pou yo koupe se 2 pous. Yo pa dwe retaye pyebwa sa a ankò anvan 2 zan. Li di se Institut Caraibeen des Ressources Naturelles (CANARI) ki mezire yo e se li menm ki kontwole si yo respekte yo. Sa bay kòm rezilta, yon bèl kantite bwa ki enpòtan anpil vin tounen chabon.

Yves Renard, ki nan CANARI te angaje l tou nan travay pou remete forè St. Lucie a dyanm. Li travay nan devlope lide pou met pwogram sa a sou pye nan planifikasyon ak fason pou kominotè yo jere forè sa yo k ap fè yo viv la. Li fè konnen sistèm gwoup Aupicon an anvan tout bagay ke objektif yo se sivikilti, sa vle di pwoteje ak konsève forè yo pou yon devlopman dirab. "Pou moun k ap viv nan zòn nan voye je sou forè a, paske se pou yo li ye, yo dwe jwenn yon benefis pou sa. Kèk benefis yo jwenn nan pwoteje forè a, tankou dlo pou moun bwè, bwa pou moun fè travay espesyal oubyen aktivite ekotouristik, lajan sa yo dwe tounen nan kominote a. Men, pou bagay sa yo fèt, fòk kominote a patisipe nan jesyon forè a, yo dwe fè pati moun k ap deside pou forè a yo tou. Kominote a dwe, nan kèk limit konsidere forè a tankou jaden l, epi li dwe konsidere l tankou yon bagay ki soukont li, li dwe byen pran swen l."

Selon Renard, Silvikilti kominotè a (pwoteksyon ak konsèvasyon forè), se yon nouvo mwayen pou kèk moun, tandiske se pa yon sitèm tou nèf, men se yon bagay yo te konn fè lontan. Li la depi nan tan mawon 18èm syèk yo, pou n pi klè, moun k ap travay tè yo, pou anpil rezon te konn toujou rete mare ak forè yo.

Sepandan zafè ekonomi a, moun ki vin abite nan zòn nan, popilasyon an ki vin grandi, sa vin fè gwo presyon sou sa ki nan forè a, ke se te nan bati kay, fè jaden, gade bèt oubyen atizana. An menm tan, selon Renard, gen anpil presyon sou moun, akoz povrete ak chanjman ki fèt nan ekonomi an. "Nou dwe reflechi pi byen sou fason n ap panse pou moun yo mennen aktivite ki kapab rapòte yo yon bon ti kòb nan kominote a. Tout bwa n ap sèvi nan peyi a soti nan lòt peyi. Pètèt nou ka plante pyebwa, konsa li posib pou n amelyore epi pou n òganize zafè chabon an yon fason pou toujou genyen epi konsa sa ta ka tounen yon lòt sous enèji pou moun yo nan Caraibe la, jan sa te ye pa twò lontan. Pètèt gen lòt mwayen pou moun yo pase ki pa nan pye bwa, men nan lanati menm ak ekotouris. Avèk dènye mwayen sa a, nou pa bezwen fè touris yo mache nan forè a sèlman, men n ap kapab montre yo, relasyon kiltirèl nan mitan moun yo ak kominote a ansanm ak sa ki nan anviwònman l yo. Mwayen sa a dwe rapòte kominote a plis lajan ak plis dyòb."

Renard di tou, gwoup Aupicon ki genyen 14 manm koulye a, se yon bon egzanp. Pandan sezon lapli yo, okenn moun pa kapab rantre nan mitan mangwov yo akoz dlo a ki wo. Alò pandan y ap pote kole ak "Ministères des Forets et de l'Agriculture", gen yon seri fèm kominote yo fè pou manm yo, ak sa yo jwenn kote pou yo fè kòb nan jaden legim ki ranplase chabon yo nan sezon yo pa kapab fè l la. A pati moman sa a, moun ki konn fè chabon Aupicon yo, kiltive mayi, pitimi, konkonm, yanm, melon ak Kantaloup, yo pwoteje yon basen pwason yo genyen tou.

Edward Bellas, kòdonatè maketing nan "Ministère du Commerce de St. Lucie", di Ministè l la ofri kèk bon garanti bay kiltivatè yo. "Nou siyen kontra ak yo pou yo kiltive kèk pwodui espesyal pou nou, kèk lè nan ane a. Nou mande yo pou yo travay yon fason pou yo kontinye poukont yo, e se pa tout kiltivatè yo, k ap pote tout pwodui yo menm lè. Nou ba yo garanti ak yon bon pri."

Willy montre kòman li satisfè jan l ap viv la ak fason yo kontwole chabon li fè yo, vin jwenn lòt aktivite agrikòl yo. Li di nan yon bon mwa, li rantre 2 al 3 mil dola nan vann pwodui li yo, li ajoute sou sa 500 al 600 dola chabon chak mwa nan sezon sèk yo.

[910 mo]

Nan tèt ansanm ak Reseau Caraibeen des Reporters de l'Environnement (CERN), Panòs pwodwi yon emisyon radyo chak semèn ki dire 10 minit : "Island Beat- sou nouvèl cho ki soti nan karayib la." Emisyon sa a reyalize ak dokiman ki gen relasyon ak anviwònman nan zòn nan, espesyalman esperyans yo fè nan chache solisyon pou pwoblèm sa yo, jan jounalis nan rejyon Karayib la bay yo. Atik sa a soti nan yon pwogram radyo ki fèt nan mwa jiyè 1997.

Li lòt atik "Island Beat" nou yo