![]() |
![]() |
Site Map . Contact . Help . Home |
| Regional Programmes . Productions . Resources . About Us | ||
Touris ak lapèch se 2 aktivite ki rapòte anpil lajan nan Jamayik. Yon sèl bagay ni youn ni lòt kapab reprezante yon gwo danje akoz siksè yo fè. Te gen yon pwogram yo te mete sou pye pou diminye sou kantite pèch yo ak pwoteje biznis touris la. Montego Bay, Ocho Rios ak Negril se 3 kote touris debake pi plis nan Jamayik.. Se nan zòn nò peyi sa a. Yon bèl pati nan sa ki rantre nan kès leta sou tèt touris yo leve ekonomi Jamayik la byen wo. Touris se yon endistri ki rapòte peyi a plis kòb, li bay 45% nan lajan ameriken ki rantre nan peyi a. Lajan sa a pi plis pase ni sa boksit bay, ni sa izin sik fè. Resif koralyen nan kòt nò yo jwe yon gwo wòl nan kenbe aktivite touris la. Resif yo pwoteje plaj yo kont lanm lanmè yo ki kapab kreye ewozyon epi yo menm tou se yon sous sab blan, anplis de sa se yon kote pwason yo konn vin peple. Sepandan, akoz yo peche twòp nan lanmè a, gen yon gwo malè ki pandye sou tèt resif yo. Selon Malden Miller, ki se administratè Parc Marin Montego Bay la, "pi gwo pwoblèm nan se konnen ki kantite pwason ki genyen nan wòch yo, pwoblèm sa a pi grav isit pase tout lòt zile nan Karayib la. Pwason ki viv nan zèb bò lanmè yo jwe yon wòl enpòtan nan konpetisyon ki genyen ant koray yo ak zèb ki sou kote lanmè ki bò kote resif yo." Resif koralyen Montego Bay yo tou pre rivaj la epi yo reprezante yon zòn pou divès kalte pwason viv. Avèk popilasyon Montego Bay la ki vin pi plis, sa rann yo esplwate resif yo twòp. Fatra ki nan pò a lakoz gen anpil zèb ki vin anvayi dlo a, sa vin bese aktivite yo. Se konsa nan 10 dènye ane yo, yo vin mete Parc Marin nan sou pye pou yo kapab atake pwoblèm yo. Youn nan prensipal pwojè yo te genyen sete lanse yon pwogram pou yo ranplase filè pechè yo. Rezon ki fè yo deside fè sa, se pou yo kapab ogmante kantite pwason ki nan resif yo, pandan y ap bay pechè yo lòt filè ki gen twou ki mezire yon pous edmi, nan plas filè ki te gen twou pous eka anvan . Pechè yo resevwa nouvo filè pou yo kapab ranplase ansyen filè yo oubyen sa ki te ize yo. Parc Marin an sèvi ak yon sibvansyon 10.000 dola meriken pou l achte woulo filè pechè yo, gras ak sa, yo chanje 200 filè. Diferans nan gwosè twou filè yo, vin bay yon bon rezilta tout moun kapab konstate nan zafè gwosè pwason ki gen nan resif la koulye a. Ni Parc Marin an, ni pechè yo tou 2 tire pwofi nan pwogram sa a. Selon Miller "pechè yo te gen tandans pou yo peche pwason ki pat kapab menm fè pitit. Pi gwo twou yo pèmèt ti pwason yo gwosi, e yo vin gen posiblite pou yo fè pitit." Bon rezilta ranplase filè yo bay la, pa pote siksè sèlman pou pechè yo, men tou pou plonjè yo. Teresa Alvarez, yon ajans vwayaj nan Florid nan Etazini, ki fè pwomosyon randevou pou plonjè soumaren yo, koulye a ap lanse Montego Bay sou mache a kòm kote moun kapab vin plonje, tout se rezilta bon travay Parc Marin an te reyalize a. Gen yon seri plonjè meriken ki gen gwo karyè nan zafè plonje anba dlo, tankou Terry ak Carolina Salesbury , yo remake yon gwo amelyorasyon ki fèt nan lavi resif Montego Bay yo, yon sitiyasyon ki marye ak travay Parc Marin nan fè a. Pou yo gen asirans ap toujou gen pwason pou yo peche, li nesesè anpil pou yo kontinye ak pwogram sa a. Koulye a y ap etidye nan ki fason yo kapab pwolonje pwogram chanje filè yo. [660 mo] Nan tèt ansanm ak Reseau Caraibeen des Reporters de l'Environnement (CERN), Panòs pwodwi yon emisyon radyo chak semèn ki dire 10 minit : "Island Beat- sou nouvèl cho ki soti nan karayib la." Emisyon sa a reyalize ak dokiman ki gen relasyon ak anviwònman nan zòn nan, espesyalman esperyans yo fè nan chache solisyon pou pwoblèm sa yo, jan jounalis nan rejyon Karayib la bay yo. Atik sa a soti nan yon pwogram radyo ki fèt nan mwa jen 1997.
|
|||||
|
|
|||||