About this featured photo Link to Home Page Site Map . Contact . Help . Home  
  Regional Programmes . Productions . Resources . About Us
 
 

Productions: Island Beat

Panoscope . Media Briefings . Island Beat . Our Own Voice . Le P'tit Nouvelliste
Order Publications

Li lòt atik "Island Beat" nou yo

LAK AZWEYI: Yon Gwo Resous Peyi Dayiti kap Gaspiye
Juin 1999

Yon atik Fritznel OCTAVE
English
français
español
kreyol

"Lak Azweyi" se yon gwo letan ki chita nan nodès vil Pòtoprens , kapital Ayiti, sou yon distans 40 kilomèt konsa tou kole ak lokalite yo rele Fon Parizyen. Gwo dlo sa a ayisyen konnen nan liv gewografi sou non "Etang Saumâtre" oswa Lak Azweyi, reprezante yon kokenn chenn resous natirèl ak ekonomik pou peyi a.
Malerezman poko gen twò gwo jefò ki fèt pou mete l an vale tout bon vre. Lak Azweyi ble tankou lanmè. Men dlo a pa ni sale ni dous. Dayè se poutèt sa menn espesyalis yo rele l "Etang Saumâtre". Dapre plizyè gwo save nan domen istwa natirèl ak anviwònman, letan dlo sa a se rezilta yon fenomèn natirèl , kote dlo lanmè a te rive anvayi tout rejyon nò vil Pòtoprens sa gen anpil anpil lane. Alòs, se rès dlo lanmè ki ta rete melanje ak dlo dous k ap soti nan plizyè sous ak basen vèsan nan rejyon an ki ta bay gwo mèvèy sa a.

Gen istoryen ki fe konnen tou, letan an se konsekans separasyon pati nò ak sid zile a (Ayiti ak Dominikani) sa gen plizyè milye lane. Se lanmè ki ta separe de (2) pati yo ki te vin rankontre apre plizyè mouvman natirèl. Konsa, rès dlo lanmè ranfòse ak dlo sous ak dlo basen vèsan yo vin prizonye lanati ansanm ak tout divès kalite espès ki te ladan l.

Pami espesyalis ki rakonte istwa sa yo nou jwenn, demograf ayisyen, Edmond Magny ki ekri yon liv li te pibliye an 1991. Liv sa a rele, "Haiti: un autre coup d'oeil sur la gestion de l'environement et des ressources naturelles", nan lang franse. Ayiti: yon lòt kout je sou fason yo wè resous natirèl ak anviwònman.

Gilbert Valme k ap travay nan Enstiti pou konsève patrimwàn nasyonal (ISPAN, an fransè), dakò ak pawòl sa yo tou. Espesyalis ameriken, M. Wells, fè konnen: "yo te kapab sèvi ak dlo letan an nan lane 1980 yo. Sa vle di moun te ka bwè l san poblèm, piske te gen anpil posiblite ladan l menm pou filtre dlo a afòs gwo pwoteksyon forè, zèb ak sab sous yo te jwenn."

Lak Azweyi kouvri preske 113 mil kilomèt kare konsa, sa ta vle di 8 mil 750 kawo tè. Chak jou l ap vin pi fon. Espesyalis yo di se degradasyon anviwònman an ki lakòz sa. An 1988, zòn ki te pi fon yo te mezire soti 24 al 30 mèt pwofondè, dapre sa John B. Thorbjarnarson ekri nan "Bilten Mize Biyoloji ak lasyans Leta Florid nan Etazini".

Edmond Magny konfime enfòmasyon sa a nan liv li a tou. Dapre mesye sila yo, wotè lak la te rive jiska 15 mèt piwo pase nivo lanmè a nan lane 1991. Poutan soti 1979 pou rive 1983, wotè letan an se te 2 mèt piwo pase lanmè.

Nan letan an gen apeprè 8 ras pwason ak lòt bèt dlo tankou lamanten, kwokodil, kayiman, tòti... Nou jwenn pwason ki rele Tilapya ak Kap ladan l tou. Varyete sa yo, se Òganizasyon Nasyonzini pou lamanjay ak lagrikilti (FAO, an anglè) ki te lage yo nan letan an nan lane 1950.

Apre gwo espès sa yo, genyen plizyè milye lòt tibèt nan lak la. Nou jwenn anpil kalite plant. Dapre sa espesyalis nou site piwo yo rapòte, gen yon kalite kachiman nan anviwon Lak la ou pa ka jwenn okenn lòt kote, kit se ann Ayiti kit se nan rès Karayib la. Kanta pou plant tè sèk menm nou pa ka konte kantite varyete ki pouse bò letan an.

Lè anviwònman zòn nan pat ko kòmanse degrade, te gen anpil kalite zwazo , tout plimay, sitou zwazo yo rele FlanmanWoz la. Nou jwenn zwazo sa a sitou bò lak la ak kòt la Florid, nan peyi Etazini.

Pou sous dlo menm, tout rejyon an se sous dlo. Dapre Ernst Néré, yon peyizan ki gen 42 lane k ap peche pwason nan lak la depi 1970, gen anviwon 300 sous dlo nan zanviwon letan an. Sous sila yo ap ponpe dlo nan fon basen lak la dirèk dirèk. Sous ki pi enpòtan an rele "Sous Manvil". Li tankou yon gwo pisin natirèl. Li chita ant lak Azweyi e yon lòt tilak ki rele "Twou Kayiman" ki mezire prèske 534 kawo tè.

Jounen jodi a pifò richès sila yo ap gaspiye. Pwason ak lòt bèt dlo yo, divès espès plant ak zwazo yo prèske fin disparèt nèt. Epitou, sous dlo yo ap fin seche akòz degradasyon anviwònman an. Otorite yo nan peyi a poko deside mete okenn pwogram serye sou pye pou pwoteje epi refè sitiyasyon letan an. Fatra, tout kalite dechè, tè dlo lapli bwote soti nan mòn yo, eksplwatasyon resous yo san kontwòl, se prensipal pwazon k ap detwi gwo mèvèy natirèl la.

Dapre peyizan nan zòn nan, sòlda dominiken konn pran plezi yo nan touye kwokodil san gade dèyè. Menm jan tou, fatra, bri moun ki konn abitye vin lave, osnon fè seremoni vodou bò letan an pouse zwazo yo rale kò yo nan zòn nan.

Pwason anfibi yo menm al toufe kò yo nan mitan fon lak la. Anpil gwo pyebwa ki la lontan lontan konn boule nèt apre seremoni vodou yo. Fidèl Vodou yo toujou limen chandèl nan dèyè pyebwa yo pandan y ap fè demann. Epi, apre dife deklare nan tout zòn nan.

Eta sous yo pimal nèt. Popilasyon an mal sèvi ladan yo. Yo fè tout kalite bezwen ak malpwòpte ladan yo. Pifò sous yo kòmanse vin sèch konnye a. "Nan rejyon an gen anviwon senkant (50) sous dlo k ap gaspiye. Anpil ladan yo ap koule tonbe nan letan an oswa ap antre nan tè, alòske Fon Parizyen ki tou pre a se youn nan zòn ki pi sèch ann Ayiti", dapre sa Jean-Robert Julien fè konnen.

Mesye Julien ki se responsab yon ONG (Oganizasyon nongouvènmantal) k ap travay nan domèn anviwònman ann Ayiti kontinye pou l di: "Toupre letan an gen vennsenk (25) sous dlo k ap gaspiye. Pozisyon sous sila yo twò ba parapò ak zòn moun rete yo ak zòn yo sevi pou fè jaden. Gen senk (5) lòt sous popilasyon an pa ka fin sevi byen avèk yo poutèt kaptaj yo difisil pou fèt."

Met sou sa, popilasyon nan zòn nan pa janm rive eksplwate resous ekonomik lak la jan sa ta dwe fèt. Pechè pwason yo pa gen gwo mwayen pou rive jwenn gwo pwason ki nan fon letan an. Dapre sa yon peyizan fè nou konnen, se apèn yon ka nan resous lak la yo ka rive itilize konsa. Peyizan sa a deklare, asistans bon zanmi ak èd otorite peyi a t ap bon anpil pou yo.

Devan sitiyasyon sa yo, ni moun k ap defann, ni moun k ap goumen pou fè respekte patrimwàn peyi a, ni peyizan ak òganizasyon pale nan yon sèl sans. Yo panse, peyi a pa dwe kontinye ap pèdi avantaj lanati fè l kado, plis posibilite ekonomik touris ka ofri l. Epitou, se popilasyon zòn nan k ap premye sibi konsekans move jesyon resous yo.

Pou konnye a, anpil timoun, fanm ansent ak granmoun ap mouri anba tout kalite vye maladi. Anpil fwa, se maladi yo pran nan mikwòb ki soti nan sa y ap bwè ak nan polisyon lè y ap respire a.

Nou p ap bliye tou, gwo presyon k ap fèt ant dlo sale ki nan letan an ak dlo dous nan sous yo riske fè tout sous yo vin sale tou, piske pa gen okenn pwogram kontwòl ak pwoteksyon nan nivo sa a.

Responsab ONG k ap travay nan domèn anviwònman tankou Jean-Robert Julien fè konnen, "akote tout inisyativ òganizasyon pou defans ak pwoteksyon anviwònman ap pran ansanm ak kominote nan zòn nan pou limite dega, Leta ayisyen ta dwe pran desizyon pou fè zòn lak la tounen yon pak nasyonal tout bon vre". Jean-Robert Julien se direktè Rezo Ansèyman Pwofesyonèl ak Entèvansyon Ekolojik (REPIE, an fransè). Dapre msye Julien, tout rejyon an ta dwe sou kontwòl gouvènman ayisyen pou pwoteje l tout bon, tankou responsab dominiken yo fè pou "Lak Anrikiyo" ki chita sou yon distans 10 kilomèt anfas Lak Azweyi apre fontyè malpas.

Apre tout sa nou wè la yo, espesyalis anviwònman tankou Jean André Victor k ap travay nan Pwogram Nasyon Zini pou Devlopman (PNUD, an fransè) di, "nou gen 2 chwa posib pou sove lak la. Youn, se oubyen nou kontinye san fè anyen, paske kalite entèvansyon pou n ta fè yo ap koute twòp lajan. .. Pandan tan sa a tout resous ak richès yo ap fin disparèt. Lòt chwa se makònen teknik k ap koute gwo lajan ak lòt kalite teknik tradisyonèl, plis volonte ansanm ak konsyans, pawòl ansanm ak aksyon nou pou sove mèvèy sila a lanati ban nou."

[1406 mo]

Li lòt atik "Island Beat" nou yo